Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 20

Ki jan Kolèj santral la fonksyone jodi a?

Ki jan Kolèj santral la fonksyone jodi a?

Kolèj santral nan premye syèk la.

Y ap li lèt kolèj santral la voye.

Nan premye syèk la, te gen yon ti gwoup frè, anpalan de “apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm”, ki te fòme kolèj santral la, e se gwoup sa a ki te konn la pran gwo desizyon pou tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo (Travay 15:2). Lè kolèj santral la te pran yon desizyon kote tout manm li yo dakò ak desizyon an, se paske yo te egzamine sa Pawòl Bondye a di e yo te kite lespri Bondye gide yo (Travay 15:25). Kolèj santral la jodi a suiv menm egzanp sa a.

Bondye sèvi avè l pou l fè volonte L. Frè Bondye chwazi pou al nan syèl la ki manm Kolèj santral la enterese anpil nan Pawòl Bondye a e yo gen anpil eksperyans nan regle kesyon ki delika ak kesyon ki gen rapò ak bagay espirityèl yo. Frè sa yo reyini chak semèn pou yo egzamine bezwen frè ak sè yo genyen sou tout tè a. Jan sa te konn fèt nan premye syèk la, Kolèj santral la bay enstriksyon ki baze sou Bib la nan lèt li ekri yo, pa mwayen siveyan sikonskripsyon yo ak lòt moun ankò. Sa fè tout moun ki nan pèp Bondye a gen menm panse e yo aji menm jan (Travay 16:4, 5). Kolèj santral la sipèvize travay frè yo ap fè lè y ap prepare manje espirityèl la, li bay travay predikasyon an plis jarèt e l apwouve nominasyon frè ki pral gen responsablite yo.

Li byen suiv direksyon lespri sen Bondye. Kolèj santral la konte sou Jewova, Souvren tout linivè a, e sou Chèf kongregasyon an, Jezi, pou l ka jwenn direksyon (1 Korentyen 11:3; Efezyen 5:23). Frè ki manm Kolèj santral la pa aji kòm chèf sou pèp Bondye a. Yo menm ak tout lòt kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la “kontinye suiv Ti Mouton an [Jezi] kèlkeswa kote l ale”. (Revelasyon 14:4.) Lè n priye pou Kolèj santral la, li bay sa anpil valè.

  • Ki moun ki te fè pati kolèj santral la nan premye syèk la?

  • Jodi a, ki jan Kolèj santral la chèche direksyon Bondye?