Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 22

Ki sa yo fè nan biwo filyal la?

Ki sa yo fè nan biwo filyal la?

Zile Salomon

Kanada

Afrik disid

Gen moun nan fanmi Betèl la ki travay nan kèk depatman ki gen rapò dirèk ak travay predikasyon k ap fèt nan yon peyi oswa nan plizyè peyi. Kèk nan yo travay nan tradiksyon, nan depo piblikasyon, kote yo enprime peryodik, kote yo relye liv, kote yo pwodui materyèl odyo oswa videyo. E yo ka fè nenpòt lòt travay pou peyi ki sou responsablite filyal la.

Gen yon komite filyal ki sipèvize travay k ap fèt yo. Nan chak filyal, Kolèj santral la nome yon Komite filyal. Li gen omwen twa ansyen byen kalifye ki gen responsablite pou dirije travay k ap fèt nan filyal la. Komite filyal la enfòme Kolèj santral la sou pwogrè ki fèt nan travay predikasyon an nan chak peyi ki sou responsablite l. Yo voye rapò bay Kolèj santral la pou fè l konnen tout pwoblèm yo rankontre. Rapò sa yo ede Kolèj santral la deside ki sijè pou l devlope nan piblikasyon ki pral parèt yo, nan reyinyon yo ak nan asanble yo. Kolèj santral la voye reprezantan l al vizite filyal yo regilyèman e yo bay Komite filyal yo konsèy k ap ede yo byen fè travay yo (Pwovèb 11:14). Kolèj Santral la òganize yon pwogram espesyal kote reprezantan l lan bay yon diskou pou ankouraje moun k ap viv nan peyi ki sou kont filyal la.

Li ede kongregasyon ki nan peyi a. Gen frè responsab nan biwo filyal la ki apwouve nouvo kongregasyon ki fòme yo, yo sipèvize travay pyonye, misyonè ak siveyan sikonskripsyon ki nan peyi ki sou responsablite filyal la. Yo òganize asanble yo ak kongrè yo. Yo kowòdone konstriksyon nouvo Sal Wayòm e yo veye pou kongregasyon yo jwenn piblikasyon yo bezwen. Tout travay yo fè nan filyal la pèmèt travay predikasyon an fèt nan lòd. — 1 Korentyen 14:33, 40.

  • Ki jan Komite filyal yo ede Kolèj santral la?

  • Ki travay yo fè nan yon biwo filyal?