Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 26

Ki sa n ka fè pou n ede yo fè antretyen nan Sal Wayòm nan?

Ki sa n ka fè pou n ede yo fè antretyen nan Sal Wayòm nan?

Estoni

Zimbabwe

Mongoli

Pòtoriko

Tout Sal Wayòm Temwen Jewova yo pote non Bondye ki sen. Se sa k fè, se yon privilèj nou genyen pou nou fè tout sa nou kapab pou Sal la rete pwòp, pou l prezantab e pou l rete an bon eta. Se yon travay ki enpòtan nan sèvis sakre n ap bay Jewova a e nou tout ka patisipe ladan l.

Nou pote n volontè pou n netwaye Sal la apre reyinyon. Apre chak reyinyon, frè ak sè yo kontan fè yon ti netwayaj pou Sal la ka rete pwòp e pou l ka byen ranje. Yon fwa pa semèn, nou fè yon pi gwo netwayaj nan Sal la. Yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl ap kowòdone travay la. An jeneral, li suiv sa yo di nan yon lis ki gen tout travay yo dwe fè lè y ap netwaye Sal Wayòm nan. Selon bezwen an, nan kèk peyi, volontè yo ka pase aspiratè oubyen yo ka bale, yo ka pase mòp, siye, ranje chèz, netwaye twalèt epi dezenfekte yo. Yo ka lave fenèt, siye glas, jete fatra, oubyen netwaye mi Sal la ni anndan ni deyò. Yo ka netwaye lakou a tou. Omwen yon fwa chak ane, yo chwazi yon jou pou yo fè yon gwo netwayaj afon nan tout sal la nèt. Lè nou fè pitit nou patisipe nan kèk travay y ap fè nan Sal la, nou aprann yo respekte kote nou adore Jewova a. — Eklezyas 5:1.

Nou bay kout men lè y ap repare Sal la. Chak ane, yo fè yon enspeksyon jeneral nan Sal Wayòm nan anndan kou deyò. Selon rezilta enspeksyon an, yo fè antretyen regilyèman nan Sal la pou l ka rete an bon eta. Sa fè yo evite fè depans ki pa nesesè (2 Kwonik 24:13; 34:10). Yon Sal Wayòm ki pwòp e ki an bon eta se yon kote ki diy pou n adore Bondye nou an. Lè n patisipe nan travay sa a, nou montre n renmen Jewova e n bay kote n adore l la anpil valè (Sòm 122:1). Epi, sa gen bon efè sou moun nan tèritwa a. — 2 Korentyen 6:3.

  • Poukisa nou pa dwe neglije kote nou adore Jewova a?

  • Ki dispozisyon yo pran pou Sal la ka toujou pwòp?