Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 27

Ki jan bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan ka itil nou?

Ki jan bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan ka itil nou?

Izrayèl

Repiblik tchèk

Benen

Zile Kayiman

Èske w ta renmen fè kèk rechèch k ap ede w gen plis konesans sou Bib la? Èske w ta renmen gen plis enfòmasyon sou yon vèsè nan Bib la, sou yon moun Bib la pale de li, sou yon kote Bib la site oswa yon bagay Bib la pale de li? Oubyen èske w konn mande tèt ou si Bib la ka ede w jwenn solisyon pou yon pwoblèm ou genyen? Si w reponn wi pou kesyon sa yo, nou envite w vizite bibliyotèk Sal Wayòm nan.

Li gen bon zouti k ap ede nou fè rechèch. Tout piblikasyon Temwen Jewova yo baze sou Bib la. Petèt, ou pa gen tout piblikasyon ki disponib nan lang ou. Men, pifò nouvo piblikasyon nou yo nan bibliyotèk Sal Wayòm nan. Petèt, w ap jwenn divès tradiksyon Labib ladan l, yon bon diksyonè ak lòt liv ou ka itilize pou w fè rechèch. Ou ka itilize bibliyotèk la san pwoblèm ni anvan reyinyon yo ni apre. Si gen yon òdinatè nan bibliyotèk la, petèt yo enstale Watchtower Library a sou li, ki se yon pwogram enfòmatik ki gen anpil nan piblikasyon nou yo ladan l. Li fasil pou moun itilize l lè y ap fè rechèch sou yon mo, sou yon sijè oswa sou yon vèsè.

Li itil elèv ki nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè. Ou ka itilize bibliyotèk ki nan Sal la pou w byen prepare patisipasyon w yo. Se siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a ki responsab bibliyotèk la. Li veye pou bibliyotèk la gen piblikasyon ki fèk parèt yo ladan l e pou piblikasyon yo byen ranje. Siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a oubyen moun k ap etidye avè w la ka montre w ki jan pou w jwenn enfòmasyon w ap chèche yo. Sepandan, pèsonn pa dwe al lakay yo ak okenn liv nan bibliyotèk la. Epi, nòmalman, li bon pou n manyen liv yo ak anpil prekosyon, nou pa dwe ekri ladan yo ni fè okenn mak ladan yo.

Pou n ka “vin aprann konn Bondye”, Bib la montre n dwe dispoze chèche l “tankou trezò ki kache”. (Pwovèb 2:1-5.) Bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan kapab ede w kòmanse chèche trezò sa a.

  • Ki zouti pou n fè rechèch ki nan bibliyotèk Sal la?

  • Ki moun ki ka ede w pi byen itilize bibliyotèk ki nan Sal la?