Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 28

Ki sa n ap jwenn sou sit Entènèt nou an?

Ki sa n ap jwenn sou sit Entènèt nou an?

Lafrans

Polòy

Larisi

Jezi Kris te di disip li yo: “Se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka wè bèl aksyon nou yo e y ap ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa.” (Matye 5:16). Pou n ka fè limyè n briye, nou byen sèvi ak teknoloji jodi a, san wete Entènèt. Sit jw.org la se sit ofisyèl Temwen Jewova yo e se moun ka al sou li pou yo jwenn enfòmasyon sou kwayans nou ak aktivite nou. Ki sa k gen sou sit sa a?

Repons Bib la bay pou kèk nan kesyon moun plis poze yo. N ap jwenn repons pou kèk nan kesyon ki pi enpòtan moun konn poze. Feyè Eske soufrans ap janm fini? an ak feyè Èske moun mouri ka leve vre? a, ki disponib nan plis pase 600 lang sou sit la, ka ede nou. Epi, n ap jwenn Tradiksyon monn nouvo a nan plis pase 130 lang ak yon pakèt piblikasyon nou konn itilize pou n etidye Labib ak moun yo, tankou liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an ak atik Toudegad ak Réveillez-vous! pou mwa a. Nou ka li enfòmasyon sa yo sou sit la oubyen koute yo. Nou ka telechaje yo sou fòma popilè tankou MP3, PDF oubyen EPUB. Nou ka menm enprime kèk paj enfòmasyon pou moun ki enterese a nan lang li pale a. N ap jwenn videyo pou kèk piblikasyon nan divès lang siy, e n ka telechaje lekti Labib ki sou fòm dram, telechaje dram biblik yo ak bèl mizik pou n koute nan tan lib nou.

N ap jwenn enfòmasyon ki egzak sou Temwen Jewova yo. Sit la gen dènye enfòmasyon ak kèk ti videyo ki pale sou travay predikasyon n ap fè sou tout tè a, enfòmasyon ki pi resan sou kèk evènman ki afekte Temwen Jewova yo ak kèk detay sou travay sekou nou òganize yo. N ap jwenn dat pwochen kongrè yo, kote y ap fèt ak enfòmasyon k ap ede n kontakte biwo filyal nou yo.

Zouti sa yo ede n fè limyè verite a briye nan pati ki pi lwen sou tè a. Moun nan tout kontinan, san wete kontinan Antatik la, rive pwofite sit nou an tou. N ap priye pou “pawòl Jewova a ka kontinye gaye byen vit” sou tout tè a, pou glwa Bondye. — 2 Tesalonisyen 3:1.

  • Ki jan sit jw.org la ede plis moun aprann verite ki nan Bib la?

  • Ki sa w ta renmen gade sou sit Entènèt nou an?