Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT TWA

“Papa tout moun ki gen lafwa”

“Papa tout moun ki gen lafwa”

1, 2. Ki jan monn nan te vin chanje depi epòk Noye a, e ki efè sa te gen sou Abram?

ABRAM leve tèt li anlè pou l gade moniman relijye byen wo yo te bati nan vil Ou, kote l ap viv la *. Gen anpil bri k ap soti nan zòn kote moniman sa a ye a, e gen lafimen k ap monte nan syèl la. Se prèt dye lalin yo k ap ofri sakrifis ankò. Imajine Abram k ap vire do bay moniman an e k ap sekwe tèt li. Sou figi l, ou ka wè jan l gen degoutans pou sakrifis y ap fè a. Pandan l ap pase nan mitan foul moun yo ki nan lari a pou l retounen lakay li, sanble l ap panse ak idolatri ki gaye nan vil Ou. Depi epòk Noye a, adorasyon kòwonpi sa a pa t sispann gaye nan monn nan.

2 Noye te mouri dezan anvan Abram te fèt. Lè Noye te soti nan lach la ansanm ak fanmi l apre delij la, li te ofri yon sakrifis bay Jewova. Kòm repons, Jewova te fè yon lakansyèl parèt nan syèl la (Jen. 8:20; 9:12-14). Nan epòk sa a, se sèlman Jewova moun te konn adore. Men kounye a, ofiramezi moun ki fè pati dizyèm jenerasyon Noye a t ap gaye sou tè a, li pa t fasil pou w jwenn moun k ap sèvi vrè Dye a. Moun tout kote t ap adore fo dye. Menm Tera, papa Abram, te nan idolatri, e petèt li te konn fè zidòl. — Joz. 24:2.

Ki jan Abram fè vin yon egzanp estrawòdinè antanke moun ki te gen lafwa?

3. Tank ane yo t ap pase, ki pi bèl kalite Abram te demontre, e ki leson sa aprann nou?

3 Abram te diferan ak pifò moun ki t ap viv nan epòk li a. Pandan ane yo t ap pase, lafwa Abram te gen nan Bondye a te fè l parèt diferan plis toujou. Anfèt, pi devan, Bondye te enspire apot Pòl pou l pale de Abram antanke “papa tout moun ki gen lafwa”. (Li Women 4:11.) Ann gade sa k te ede Abram vin gen yon lafwa ki pi solid. Konsa, n ap ka aprann anpil bagay sou sa k ka ede n vin gen yon lafwa ki pi solid.

Adorasyon yo t ap bay Jewova apre delij la

4, 5. Kiyès, petèt, ki te anseye Abram anpil bagay sou Jewova, e sa k fè n ka di genlè se sa k te pase?

4 Ki jan Abram te vin konnen Jewova? Nou konnen te gen moun ki t ap sèvi Jewova fidèlman nan epòk Abram nan. Sèm te youn nan moun fidèl sa yo. Byenke se pa li ki te premye pitit nan twa pitit gason Noye yo, souvan, Labib pale de li an premye. Sanble rezon an se paske Sèm te yon moun ki te gen yon lafwa estrawòdinè *. Yon ti tan apre delij la, Noye te pale de Jewova kòm “Bondye Sèm nan”. (Jen. 9:26.) Sèm te montre l gen respè pou Jewova ansanm ak vrè adorasyon an.

5 Èske Abram te konn Sèm? Petèt li te konnen l. Imajine Abram lè l te piti. Ala kontan l dwe te kontan aprann li gen yon granparan ki vivan e ki te gen plis pase 400 an! Sèm te wè mechanste ki t ap fèt sou tè a anvan delij la e l te wè jan mechan yo te mouri nan delij la. Li te la lè lèzòm te vin fè anpil pitit sou tè a e lè premye nasyon yo te vin parèt. Li te wè jan bagay yo te malouk nan epòk rebelyon Nimwod la lè yo t ap konstwi fòtrès Babèl la. Sèm, yon moun fidèl, pa t gen anyen pou l wè nan rebelyon sa a. Donk, lè Jewova te vin fè moun ki t ap konstwi fòtrès Babèl la pa pale menm lang ankò, Sèm ak fanmi l te kontinye pale lang moun te konn pale anvan rebelyon an, sètadi lang Noye te pale a. Abram te fè pati fanmi sa a tou. Se sèten, lè Abram t ap grandi, li te gen yon gwo respè pou Sèm. Anplis de sa, Sèm te vivan toujou menm lè Abram te gentan gen anpil tan depi l t ap viv. Petèt, Abram te aprann anpil bagay sou Jewova nan men Sèm.

Abram te rejte tout fòm idolatri ki te gaye nan vil Ou.

6. a) Ki jan Abram te montre l aprann yon gwo leson nan istwa delij la? b) Ki jan Abram ak Sarayi t ap viv?

6 Antouka, Abram te konprann rezon ki fè Bondye te fè delij la. Li te fè efò pou l mache ak Bondye menm jan ak Noye. Se sa k fè Abram te rejte idolatri e li te diferan ak moun ki t ap viv nan vil Ou yo, e petèt menm ak moun nan pwòp fanmi l. Sepandan, li te vin jwenn yon bon madanm. Li te rele Sarayi *. Se te yon fi san parèy. Se pa t sèlman paske l te bèl ki fè l te san parèy, men, se paske l te gen yon lafwa solid nan Jewova. Byenke Abram ak Sarayi pa t gen pitit, se sèten yo te kontan sèvi Jewova ansanm. Anplis de sa, yo te leve Lòt, neve Abram nan, tankou pwòp pitit yo paske paran l yo te mouri.

7. Nan ki sans disip Jezi yo bezwen imite Abram?

7 Abram pa t janm vire do bay Jewova pou l al adore zidòl moun nan vil Ou yo t ap adore yo. Li menm ak Sarayi te dispoze parèt diferan parapò ak lòt moun yo ki t ap adore zidòl. Si n vle gen yon lafwa solid nan Jewova, nou dwe detèmine pou n fè menm jan an. Nou dwe dispoze parèt diferan parapò ak lòt moun yo tou. Jezi te fè konnen disip li yo pa t ap “fè pati monn nan” e monn nan t ap rayi yo poutèt sa. (Li Jan 15:19.) Si nou ta santi manm fanmi nou oswa moun nan zòn kote n ap viv la meprize nou poutèt nou pran desizyon sèvi Jewova, sonje nou pa poukont nou. Annefè, se imite n ap imite bèl egzanp Abram ak Sarayi kite, paske yo menm tou yo te mache ak Bondye fidèlman.

“Kite peyi w”

8, 9. a) Ki eksperyans Abram te fè li pa t ap janm bliye? b) Ki mesaj Jewova te voye bay Abram?

8 Yon jou, Abram te fè yon eksperyans li pa t ap janm bliye. Li te resevwa yon mesaj Jewova te voye ba li! Labib pa bay anpil detay sou fason Abram te resevwa mesaj la, men, li fè konnen “Bondye ki gen glwa a” te parèt devan moun fidèl sa a. (Li Travay 7:2, 3.) Petèt, Jewova te voye yon zanj bay Abram mesaj la. Konsa, Abram te rive wè yon apèsi sou glwa estrawòdinè Souvren linivè a genyen. Nou pa bezwen mande jan Abram dwe te kontan pou l wè gwo diferans ki genyen ant Bondye vivan an ak zidòl ki pa vo anyen moun nan epòk li a t ap adore yo.

9 Ki mesaj Jewova te voye bay Abram? Li te di l: “Kite peyi w, kite fanmi w pou w al nan peyi mwen pral montre w la.” Jewova pa t di Abram nan ki peyi li t apral voye l, li te sèlman di l l ap montre l peyi a. Men toudabò, Abram t ap gen pou l kite peyi l ak moun nan fanmi l. Nan tan lontan, nan zòn Mwayenn Oryan an, fanmi te gen anpil enpòtans pou moun yo. Lè yon gason te kite moun nan fanmi l pou l al viv byen lwen, souvan, yo te panse se lage l ap lage kò l nan pwoblèm. Pou kèk moun, lè yon moun al viv lwen fanmi l, sa te pi mal pase si moun sa a te mouri.

10. Poukisa sa te ka pa t fasil pou Abram ak Sarayi kite kay yo te gen nan vil Ou a?

10 Li pa t fasil ditou pou Abram kite bèl vi li t ap mennen nan vil Ou a. Sanble, se te yon vil ki te rich e ki te gen anpil aktivite ladan l. (Gade kare ki gen tit: “ Vil Abram ak Sarayi te kite dèyè a.”) Nan fouy akeyològ yo te fè, yo te jwenn kèk bagay ki fè yo konprann nan epòk sa a te gen kay ki te egziste nan vil Ou tan lontan an, ki te gen tout sa moun te bezwen pou yo viv byen. Gen kèk kay ki te gen douz chanm oswa plis chanm toujou pou fanmi yo ak sèvitè yo te ka rete. Yo te konn konstwi chanm sa yo toutotou yon lakou e lakou a te betonnen. Nan pifò kay yo, te gen tiyo, te gen twalèt ak kote pou moun benyen e te gen kote pou jete fatra. Anplis de sa, nou dwe sonje Abram ak Sarayi pa t jèn ankò. Petèt, Abram te nan 70 an e Sarayi te nan 60 an. Menm jan ak tout bon mari, se sèten Abram te vle byen pran swen Sarayi e l te vle pou l viv alèz. Imajine konvèsasyon yo te genyen sou asiyasyon Jewova te ba yo a, jan yo te enkyete ak kesyon ki t ap pase nan lespri yo. Se pa ti kontan Abram dwe te kontan lè Sarayi te aksepte asiyasyon sa a ki pa t sanble twò fasil! Menm jan avè l, Sarayi te dispoze kite bèl vi yo t ap mennen nan vil Ou a.

11, 12. a) Ki sa Abram ak Sarayi te gen pou yo fè anvan yo kite vil Ou e ki desizyon yo te dwe pran? b) Kòman nou imajine bagay yo te ye jou maten yo t ap kite vil la?

11 Depi lè Abram ak Sarayi te fin dakò pou yo kite Ou, yo te gen anpil bagay pou yo fè. Yo te gen pou yo rasanble afè yo e pou yo òganize vwayaj la. Ki sa yo t ap pote pou y al yon kote yo pa t menm konnen? Ki sa yo t ap deside kite dèyè? Antouka, sa k te pi enpòtan pou yo se fanmi yo. Ki sa yo t apral fè ak Tera ki te granmoun anpil? Yo te deside mennen l avèk yo epi pran swen l. Petèt, Tera te dakò fè vwayaj la, paske, selon sa Labib fè konnen sou li, antanke chèf fanmi, Tera te pran fanmi l e l te kite vil Ou. Sanble Tera te sispann pratike idolatri. Lòt, neve Abram nan, te fè vwayaj la ansanm avèk yo tou. — Jen. 11:31.

12 Finalman, jou pou yo te pati a rive. Imajine Abram, ki pa deyò miray vil Ou a e ki pa lòt bò rivyè ki pase bò vil la, k ap rasanble bèt yo ak tout moun ki t ap fè vwayaj la avè l yo. Yo met chay sou chamo yo ak bourik yo. Yo rasanble tout lòt bèt yo. E kounye a, ni fanmi Abram ni sèvitè l yo chofe pou yo fè vwayaj la *. Petèt, yo t ap gade Abram e yo t ap tann li bay siyal pou yo ale. Finalman, moman an te rive. Se konsa yo te kòmanse pran wout la, yo kite vil Ou dèyè pou yo pa t janm retounen ladan l ankò.

13. Jodi a, ki jan anpil sèvitè Jewova montre yo gen menm etadespri ak Abram ak Sarayi?

13 Jodi a, gen anpil sèvitè Jewova ki deside al sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè. Gen lòt ki deside aprann yon lòt lang pou yo fè plis nan sèvis y ap bay Jewova a, oubyen ki eseye lòt fòm predikasyon yo pa t janm eseye anvan oswa yo pa fin twò alèz ak yo. An jeneral, desizyon sa yo mande pou yon moun fè sakrifis, sa vle di pou l dispoze kite kèk bagay materyèl ki fè l viv byen. Se pa ti felisite nou dwe felisite frè ak sè sa yo ki dispoze fè sakrifis menm jan ak Abram ak Sarayi! Si n demontre yon lafwa konsa, nou mèt sèten Jewova ap toujou ban nou plis pase sa nou menm nou ba li. Li pa janm pa rekonpanse moun ki gen lafwa nan li yo (Ebre 6:10; 11:6). Èske l te fè sa pou Abram?

Yo te travèse rivyè Efrat la

14, 15. Ki jan sa te ye pou yon moun vwayaje soti Ou pou l rive Aran, e ki sa k te fè Abram deside ret Aran pandan yon bon ti tan?

14 Tikras pa tikras, moun yo t ap vin abitye ak vwayaj yo t ap fè a. Nou ka imajine Abram ak Sarayi detanzantan ki monte sou do yon bèt epi apre sa ki desann pou yo kontinye apye. Imajine kòman konvèsasyon yo t ap fè yo vin melanje ak bri klòch ki pandye nan kòd baboukèt bèt yo. Ofiramezi, menm moun ki t ap fè vwayaj la men ki pa t abitye vwayaje te vin pi byen konnen fason pou yo monte kan ak fason pou yo leve kan. E yo te vin pi byen konnen fason pou yo ede Tera, ki te granmoun anpil, pou l pi alèz sou do yon chamo oswa sou do yon bourik. Yo te ale nan direksyon nòdwès, yo t ap vwayaje sou wout ki toutolon rivyè Efrat la. Tikras pa tikras, yo t ap kite wout yo dèyè, e konsa, plizyè jou pase, plizyè semèn pase.

15 Finalman, apre yo fin fè 960 kilomèt wout, yo te rive Aran. Lefètke kay anpay ki te nan vil la te kòtakòt, yo te sanble ak nich myèl. Vil sa a te rich e l te nan yon zòn kote wout komèsyal yo, ki soti nan lès ak nan lwès, te rankontre. Se la a fanmi an te kanpe vwayaj la e yo te rete nan vil sa a pandan yon bon ti tan. Petèt, Tera te twò granmoun pou l kontinye vwayaj la.

16, 17. a) Ki alyans Jewova te fè ak Abram ki te fè l kontan? b) Ki jan Jewova te beni Abram pandan l te te nan vil Aran?

16 Tera vin mouri lè l gen 205 an (Jen. 11:32). Nan moman sa a, Abram te jwenn gwo rekonfò paske Jewova te pale avè l ankò. Jewova te bay Abram menm enstriksyon li te ba li nan vil Ou a, e li te bay Abram plis detay sou pwomès li te fè l yo. Abram t ap gen pou l vin “yon gwo nasyon” e grasa li tout fanmi sou tè a t ava jwenn benediksyon. (Li Jenèz 12:2, 3.) Abram te kontan dèske Bondye te fè yon alyans avè l, e sa te ankouraje l kontinye fè vwayaj la.

17 Men fwa sa a, Abram te gen plis bagay pou l rasanble paske Jewova te beni l pandan l te nan vil Aran. Labib pale de “tout sa yo te genyen, ansanm ak sèvitè yo te vin genyen lè yo te Aran”. (Jen. 12:5.) Pou Abram te ka vin yon nasyon, li t ap bezwen gen anpil byen ak anpil sèvitè, sa vle di yon gwo fanmi. Jewova pa toujou fè sèvitè l yo vin rich, men, li ba yo sa yo bezwen dekwa pou yo fè volonte l. Lefètke Abram te jwenn fòs, li te kontinye vwayaje san l pa t konn kote l prale.

Li pa t fasil pou Abram ak Sarayi kite bèl vi yo t ap mennen nan vil Ou a.

18. a) Ki lè Abram te viv yon moman ki te enpòtan anpil nan relasyon Bondye te gen ak pèp Li a? b) Ki lòt evènman enpòtan ki te pase plizyè ane annapre nan jou ki te 14 Nizan an? (Gade kare ki gen tit: “ Yon dat ki enpòtan anpil nan istwa biblik yo”.)

18 Pou yon moun soti Aran pou l rive Kakemich, li te dwe fè plizyè jou ap vwayaje. Se nan zòn sa a moun ki te konn vwayaje ak bèt yo te konn travèse rivyè Efrat la. Petèt, se te la a menm Abram te viv yon moman ki te enpòtan anpil nan relasyon Bondye te genyen ak pèp Li a. Sanble, Abram ak moun ki te avè l yo te vin travèse rivyè Efrat la nan ane 1943 anvan epòk nou an, nan katòzyèm jou mwa yo te vin rele Nizan an (Egz. 12:40-43). Nan direksyon sid zòn sa a, te gen peyi Jewova te pwomèt l ap montre Abram nan. Se nan jou sa a alyans Bondye te fè ak Abram nan te kòmanse.

19. Ki sa pwomès Jewova te fè Abram nan te gen ladan l, e ak ki sa petèt sa te fè Abram panse?

19 Abram te vanse plis toujou nan direksyon sid, e moun ak bèt ki te avè l yo te fè yon ti kanpe yon kote ki toupre gwo pyebwa ki nan zòn More ki toupre Sichèm. Se la Jewova te pale ak Abram ankò. Fwa sa a, nan pwomès Bondye te fè Abram nan, li pale sou desandans oswa pitit pitit Abram ki t ap gen pou pran peyi a. Èske Abram te panse ak pwofesi Jewova te bay nan jaden Edenn nan, pwofesi ki te fè konnen t apral gen yon “desandans” oswa yon pitit pitit ki t ap gen pou l delivre limanite (Jen. 3:15; 12:7)? Petèt, li te panse ak sa. Malgre l pa t ka fin twò byen konprann, li te ka gen yon ide sou wòl li t apral jwe nan gwo objektif Jewova genyen an.

20. Ki jan Abram te montre li bay privilèj Jewova te ba li a anpil valè?

20 Abram te gen Jewova anpil rekonesans pou privilèj li te ba li. Ofiramezi Abram t ap vwayaje nan peyi a, sandout, li te pridan paske Kananeyen yo te toujou abite nan peyi a. Pandan plizyè fwa, li te fè yon ti kanpe sou vwayaj la e l te konstwi lotèl pou Jewova. Toudabò, li te konstwi lotèl toupre gwo pyebwa yo ki nan zòn More. Apre sa, li te konstwi lotèl toupre vil Betèl. Li te konn louwe non Jewova. Sanble, li te konn di Bondye mèsi ak tout kè l toutpandan li t ap reflechi sou bèl avni k ap tann desandans li yo. Petèt, li te konn preche Kananeyen yo tou ki te vwazen l. (Li Jenèz 12:7, 8.) Natirèlman, lafwa Abram t apral rankontre anpil eprèv nan vwayaj li t ap fè a. Avèk sajès, Abram pa t ret ap panse ak bèl vi li te konn mennen nan vil Ou a. Li te kite lespri l fikse sou pwomès Jewova te fè l la. Men sa Ebre 11:10 fè konnen sou Abram: “Li t ap tann vil ki gen vrè fondasyon an, yon vil se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l.”

21. Ki diferans ki genyen ant konesans nou gen sou Wayòm Bondye a ak konesans Abram te genyen an, e ki sa w detèmine pou w fè?

21 Nou menm k ap sèvi Jewova jodi a, nou pi byen konprann vil senbolik la, anpalan de Wayòm Bondye a, pase Abram. Nou konnen se desandans Abram nan, desandans Bondye te pwomèt depi lontan an, anpalan de Jezi Kris, k ap dirije Wayòm Bondye a nan syèl la kounye a, e nou konnen talè konsa, Wayòm nan pral detwi monn sa a. Ala yon bèl privilèj sa ap ye pou n la lè Abram resisite e pou n wè li rive byen konprann fason Jewova reyalize objektif li! Èske w ta renmen wè Jewova reyalize tout pwomès li fè yo? Si se sa, li enpòtan pou w kontinye fè menm jan ak Abram. Nou dwe dispoze gen espri sakrifis, nou dwe obeyisan e n dwe di Jewova mèsi pou nenpòt asiyasyon li ban nou. Toutpandan n ap imite lafwa Abram, nan yon sans, “papa tout moun ki gen lafwa” a ap vin papa nou tou!

^ § 1 Sepandan, kèk ane annapre, Bondye te vin chanje non Abram, li te vin rele l Abraram ki vle di: “Papa yon foul moun”. — Jen. 17:5.

^ § 4 Menm jan an tou, souvan Labib pale de Abram an premye nan pitit gason Tera yo, byenke Tera te gen plizyè lòt pitit ki te fèt anvan Abram.

^ § 6 Bondye te vin chanje non Sarayi, li te rele l Sara ki vle di: “Prensès.” — Jen. 17:15.

^ § 12 Gen biblis ki pa fin kwè yo te donte chamo nan epòk Abram nan. Sepandan, yo pa ka bay bonjan prèv pou sa yo di a. An plizyè fwa, nan Bib la, yo mete chamo pami byen Abram te genyen. — Jen. 12:16; 24:35.