Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 4

Li te fè kè papa l ak kè Jewova kontan

Li te fè kè papa l ak kè Jewova kontan

Ki pwomès Yifta ap fè Jewova la a?

Pitit fi Yifta a te respekte pwomès papa l te fè a byenke sa pa t fasil.

Èske w wè tifi ki nan foto a? — Li se pitit fi yon mesye ki rele Yifta. Bib la pa di nou non tifi a, men, nou konnen li te fè kè papa l ak kè Jewova kontan. Ann aprann kèk bagay sou li ansanm ak Yifta, papa l.

Yifta te yon bon moun, e l te konn pase anpil tan ap pale ak pitit fi l la de Jewova. Anmenmtan tou, se te yon moun ki te gen anpil kouraj e li te yon bon chèf. Se sa k fè, Izrayelit yo te mande l pou l te pran latèt pami yo nan konba yo t ap mennen kont ènmi yo te genyen yo.

Yifta te priye Bondye pou Bondye te ede l genyen batay la. Yifta te fè Jewova yon pwomès, li te di Jewova si l fè l genyen batay la, li t ap ba l premye moun lakay li ki vin rankontre l lè l ap retounen. Moun sa a t ap gen pou l viv nan tabènak Bondye a e l t ap gen pou l travay la pandan tout rès vi l. Nan epòk sa a, tabènak la se te kote pèp la te konn vin adore Bondye. Vrèmanvre, Yifta te genyen batay la! Èske w konnen ki moun lakay li ki te vin rankontre l an premye lè l t ap retounen? —

Wi, se te pitit fi Yifta a! Se te sèl pitit Yifta te genyen, epi kounye a, Yifta t ap oblije voye l al viv yon lòt kote. Sa te fè Yifta tris anpil. Men, sonje li te fè Jewova yon pwomès. Se sa k fè, san pèdi tan, pitit fi l la te di l: ‘Papa, ou te fè Jewova yon pwomès, donk, ou dwe kenbe pwomès ou a.’

Zanmi pitit fi Yifta a te konn vin wè l chak ane.

Pitit fi Yifta a te tris tou. Nan tabènak la, li pa t ap ka marye e l pa t ap ka gen pitit. Men, li te vle respekte pwomès papa l te fè a e l te vle fè kè Jewova kontan. Sa te pi enpòtan pou li pase marye ak fè pitit. Se sa k fè, li te kite kay papa l e l t al viv nan tabènak la pou tout rès vi l.

Èske w panse sa l te fè a te fè kè papa l ak kè Jewova kontan? — Wi, sa te fè kè yo kontan! Si w montre w obeyisan epi w renmen Jewova, ou kapab vin menm jan ak pitit fi Yifta a. Ou menm tou w ap fè kè Jewova kontan, e w ap fè kè papa w ak manman w kontan tou.