Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 6

David pa t pè

David pa t pè

Ki sa w konn fè lè w pè? — Petèt ou konn al jwenn manman w ak papa w pou yo ka ede w. Men, gen yon lòt moun ki kapab ede w tou. Li gen plis fòs lontan pase kèlkeswa moun nan. Èske w konn ki moun sa a? — Wi, se Jewova Dye. Ann fè yon ti pale de yon jèn gason Bib la pale de li ki rele David. David te konnen Jewova t ap toujou ede l. Se pou rezon sa a ki fè l pa t pè.

Depi lè David te toupiti, manman l ak papa l te aprann li renmen Jewova. Sa te ede l pou l pa t pè menm lè gen kèk bagay ki te rive l ki te ka fè l pè. Li te konnen Jewova se Zanmi l e Jewova t ap ede l. Yon lè, pandan David t ap gade kèk mouton, gen yon gwo lyon ki parèt e li pran youn nan mouton yo ak bouch li! Èske w konnen ki sa David te fè? Li kouri dèyè lyon an, e sanble li touye l san l pa t gen anyen nan men l. Yon lòt lè, gen yon lous ki te atake mouton yo, David te touye l tou! Ki moun ou panse ki te ede David? — Wi, se te Jewova.

Gen yon lòt lè ankò kote David te montre l brav anpil. Izrayelit yo t ap goumen ak yon pèp yo rele Filisten. Gen youn nan sòlda filisten yo ki te wo anpil anpil! Se te yon jeyan! Non jeyan sa a se te Golyat. Jeyan sa a t ap fawouche sòlda izrayelit yo e l t ap fawouche Jewova tou. Golyat te bay sòlda izrayelit yo defi pou yo vin goumen avè l. Men, Izrayelit yo te pè anpil pou y al goumen avè l. Lè David tande sa, men sa l di Golyat: ‘M ap goumen avè w! Jewova ap ede m, e m ap ranpòte laviktwa!’ Èske w panse David te brav? — Wi, li te brav anpil. Èske w ta renmen konnen sa k te pase annapre?

David te pran flonn li ansanm ak senk wòch byen lis, epi l t al goumen ak jeyan an. Lè Golyat wè jan David te jèn, li tonbe fawouche l! Men David di l: ‘Ou vini ak yon epe, men mwen vini ak non Jewova!’ Apre sa, David met yon wòch nan flonn lan, li kouri sou Golyat, epi li tire wòch la dwat sou li. Wòch la pran Golyat nan mitan fwon l! Jeyan an tonbe atè, epi l mouri! Filisten yo te tèlman vin pè, yo tout te pran kouri. Ki sa k fè yon tigason tankou David te kapab goumen ak yon jeyan? — Se paske Jewova te ede l, e Jewova te gen plis fòs lontan pase jeyan an!

David pa t pè paske l te konnen Jewova t ap ede l.

Ki sa w ka aprann nan istwa David la? — Jewova gen plis fòs lontan pase kèlkeswa moun nan. Li se Zanmi w. Kidonk, pwochèn fwa w pè, sonje Jewova kapab ede w vin brav!