Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 1

“Se pou wayòm ou an vini”

“Se pou wayòm ou an vini”

IDE KLE CHAPIT LA

Ann gade sa Jezi te anseye sou Wayòm Bondye a.

1, 2. Ki pawòl Jewova te di twa nan apot Jezi yo, e kòman yo te reyaji?

SI Jewova Dye ta mande w pou w fè yon bagay, èske w pa t ap fè l? Kèlkeswa sa l ta mande w fè a, èske w pa t ap kontan pou w fè l san pèdi tan? Se sèten ou t ap fè sa!

2 Yon ti tan apre fèt Pak ane 32 epòk nou an, te gen twa nan apot Jezi yo, anpalan de Pyè, Jak ak Jan ki te nan yon sitiyasyon konsa. (Li Matye 17:1-5.) Pandan yo te ansanm ak Mèt yo a sou “yon mòn byen wo”, nan yon vizyon, yo te jwenn yon apèsi sou Jezi antanke Wa ki gen glwa nan syèl la. Vizyon sa a te tèlman parèt reyèl pou Pyè, li te menm eseye patisipe ladan l. Pandan Pyè t ap pale, yon nyaj te kouvri yo. Apre sa, Pyè ak de lòt disip yo te tande vwa Jewova byen klè. Se pa anpil moun ki te jwenn privilèj pou yo tande vwa Jewova. Apre Jewova te fin fè yo konnen Jezi se Pitit li, men sa li te di yo byen klè: “Koute l.” Apot yo te fè sa Bondye te mande yo fè a. Yo te koute sa Jezi te anseye yo, e yo te ankouraje lòt moun pou yo fè menm jan an. — Tra. 3:19-23; 4:18-20.

Jezi te plis pale sou Wayòm Bondye a pase nenpòt lòt sijè.

3. Poukisa Jewova vle nou koute Pitit Gason l lan, e ki sijè li enpòtan pou nou byen pran san nou pou nou egzamine?

3 Jewova te fè yo ekri pawòl li te di apot yo, “koute l”, pou enstriksyon nou (Wom. 15:4). Poukisa? Paske Jezi se pòtpawòl Jewova, e chak fwa Jezi t ap anseye, li te toujou di sa Papa l te vle nou konnen (Jan 1:1, 14). Etandone Jezi te plis pale konsènan Wayòm Bondye a, sa vle di gouvènman ki nan syèl la ki gen ladan l Kris Jezi ak 144 000 moun ki pral dirije ansanm avè l yo, li enpòtan pou nou byen pran san nou pou nou egzamine sijè sa a (Rev. 5:9, 10; 14:1-3; 20:6). Pou kòmanse, annou egzamine rezon ki fè Jezi te plis pale konsènan Wayòm Bondye a.

“Pawòl [...] yon moun montre sa k ranpli kè l”

4. Ki jan Jezi te montre Wayòm nan gen anpil enpòtans pou li?

4 Wayòm nan gen anpil enpòtans pou Jezi. Sa k fè nou ka di sa? Se paske pawòl yon moun di montre sa k nan kè l, sa vle di pawòl nou montre sa ki vrèman gen enpòtans pou nou. Men sa Jezi li menm te di: “Pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l.” ​(Mat. 12:34). Jezi te pwofite chak okazyon l te jwenn pou l pale sou Wayòm nan. Yo pale konsènan Wayòm nan plis pase 100 fwa nan kat Evanjil yo, e pifò nan pawòl sa yo se Jezi ki te di yo. Jezi te fè mesaj Wayòm nan tounen tèm predikasyon l. Men sa l te di: “Mwen dwe al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m.” ​(Lik 4:43). Jezi te kontinye pale de Wayòm nan ak disip li yo menm apre rezirèksyon l (Tra. 1:3). Vrèmanvre, lefètke Wayòm nan te gen anpil enpòtans pou Jezi, sa te pouse l pale de li.

5-7. a) Ki jan nou fè konnen Wayòm nan gen anpil enpòtans pou Jewova? Bay yon egzanp. b) Ki jan nou ka montre Wayòm nan gen anpil enpòtans pou nou?

5 Wayòm nan gen anpil enpòtans pou Jewova tou. Ki jan nou fè konn sa? Sonje, Jewova te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, e se nan Jewova tout sa Pitit li a te di ak tout sa l te anseye yo te soti (Jan 7:16; 12:49, 50). Se nan Jewova tout sa yo rakonte nan kat Evanjil yo konsènan lavi Jezi ak travay predikasyon Jezi a te soti tou. Pandan yon ti tan, reflechi sou sa sa vle di.

Li bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Èske Wayòm Bondye a gen anpil enpòtans pou mwen?’

6 Imajine w ap fè yon albòm foto fanmi w. Ou gen anpil foto devan w, men, albòm nan ka pran sèlman yon kantite foto. Ki sa w t ap fè? Ou t ap chwazi ki foto pou w mete nan albòm nan. Nan yon sans, Evanjil yo tankou yon albòm foto ki ede nou pi byen wè ki jan de moun Jezi ye. Jewova pa t fè moun ki t ap ekri Evanjil yo rakonte tout sa Jezi te di ak tout sa Jezi te fè pandan l te sou tè a (Jan 20:30; 21:25). Olye de sa, lespri sen Jewova te pouse yo rakonte yon seri pawòl Jezi te di ak yon seri aksyon li te fè ki kapab ede nou konprann rezon ki fè Jezi te patisipe nan travay predikasyon an ak sa k pi enpòtan pou Jewova (2 Tim. 3:16, 17; 2 Pyè 1:21). Etandone gen anpil pawòl Jezi te di konsènan Wayòm nan nan Evanjil yo, nou ka di je fèmen Wayòm nan te gen anpil enpòtans pou Jewova. Se pa ti bèl sa bèl lefètke Jewova vle nou byen konprann sa Wayòm li an ye!

7 Li t ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Èske Wayòm Bondye a gen anpil enpòtans pou mwen?’ Si se wi, n ap anvi koute sa Jezi te di konsènan Wayòm nan e n ap chofe pou n aprann sa l te anseye sou Wayòm nan, enpòtans Wayòm nan genyen, fason Wayòm nan ap vini ak lè l ap vini.

“Se pou wayòm ou an vini”: Kòman sa ap fèt?

8. Ki jan Jezi te montre enpòtans Wayòm nan genyen?

8 Ann fè yon ti pale sou priyè modèl Jezi te bay la. Nan priyè sa a, Jezi te sèvi ak pawòl ki bèl e ki senp pou l montre enpòtans Wayòm nan genyen ak sa Wayòm sa a pral fè. Priyè sa a gen sèt demann ladan l. Twa premye demann yo gen rapò ak objektif Jewova ki gen ladan l: fè non l vin sen, fè Wayòm li an vini ak fè volonte l fèt sou tè a menm jan li deja fèt nan syèl la. (Li Matye 6:9, 10.) Twa demann sa yo gen yon rapò sere sere youn ak lòt. Jewova pral sèvi ak Wayòm Mesi a pou l fè non l vin sen e pou l fè volonte l.

9, 10. a) Ki fason Wayòm Bondye a ap vini? b) Ki pwomès Bondye fè nan Bib la ou swaf anpil pou w wè reyalize?

9 Ki fason Wayòm Bondye a ap vini? Lè nou di Bondye, “se pou wayòm ou an vini”, se mande n ap mande Bondye pou l voye Wayòm li an aji pou nou. Lè Wayòm nan vini, li pral demontre kokennchenn pisans li sou tè a. Li pral retire sistèm mechan ki la kounye a ki gen ladan l tout gouvènman lèzòm yo, e li pral fè gen yon monn nouvo kote lajistis pral blayi (Dàn. 2:44; 2 Pyè 3:13). Annapre, lè Wayòm nan ap dirije, tout tè a pral tounen yon paradi (Lik 23:43). Bondye pral fè moun ki nan memwa l yo retounen viv ankò, e yo pral viv ansanm ak moun yo renmen (Jan 5:28, 29). Moun ki obeyisan yo pral vin pafè e yo pral kontan pou yo viv pou toutan (Rev. 21:3-5). Lè sa a, tè a ak syèl la ap jan Bondye vle a, sa vle di tout moun nèt pral fè volonte Jewova ni nan syèl la ni sou tè a. Èske w pa anvi wè pwomès sa yo ki nan Bib la reyalize? Sonje sa, chak fwa w ap mande Bondye pou Wayòm li an vini, se mande w ap mande l pou bèl pwomès sa yo reyalize.

10 Sa klè, Wayòm Bondye a poko ‘vin’ reyalize sa nou mande nan priyè modèl la. Dayè, gouvènman lèzòm yo toujou ap dirije tè a, e nou poko nan monn nouvo a kote jistis pral blayi. Men, nou gen yon bon nouvèl: Wayòm Bondye a tabli! Nou pral pale sou sa nan chapit ki vin apre a. Kounye a, ann egzamine sa Jezi te di konsènan lè Wayòm nan t ap tabli ak lè Wayòm nan t ap vini.

Ki lè Wayòm Bondye a t ap gen pou l tabli?

11. Ki sa Jezi te fè konnen konsènan lè Wayòm Bondye a t ap tabli?

11 Jezi te fè konnen Wayòm Bondye a pa t ap tabli nan premye syèk la, byenke se sa kèk nan disip li yo te atann (Tra. 1:6). Ann egzamine sa Jezi te di nan de parabòl li te bay nan yon peryòd dezan.

12. Ki jan parabòl ble a ak move zèb yo montre Wayòm nan pa t ap tabli nan premye syèk epòk nou an?

12 Parabòl ble a ak move zèb yo. (Li Matye 13:24-30.) Apre Jezi te fin bay parabòl sa a, petèt nan sezon prentan ane 31 epòk nou an, li te esplike disip li yo parabòl la (Mat. 13:36-43). Men sa parabòl sa a vle di: Apre lanmò apot yo, Dyab la t ap simen move zèb (fo kretyen) nan mitan ble a (“pitit wayòm nan”, oswa kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la). Ni ble a ni move zèb yo t ap gen pou yo grandi ansanm jiskaske sezon rekòt la, sa vle di “fen sistèm nan”, rive. Apre sezon rekòt la fin kòmanse, yo t ap ranmase move zèb yo. Apre sa, yo t ap rasanble ble a. Konsa, parabòl la montre Wayòm nan pa t ap gen pou l tabli nan premye syèk epòk nou an, men, se t ap apre epòk kote move zèb yo ak ble a fin grandi. Anfèt, dapre jan bagay yo te pase, se nan ane 1914 move zèb yo ak ble a te fin grandi e sezon rekòt la te kòmanse.

13. Ki egzanp Jezi te bay pou l montre li pa t ap vin Wa Bondye chwazi a tousuit apre l fin monte nan syèl?

13 Parabòl dis pyès monnen ann ajan an. (Li Lik 19:11-13.) Jezi te bay parabòl sa a nan ane 33 epòk nou an pandan l te sou wout pou l al Jerizalèm pou yon dènye fwa. Gen kèk nan moun ki t ap koute l yo ki te panse li t apral tabli Wayòm li an tousuit apre yo fin rive Jerizalèm. Pou Jezi te korije fason yo te panse a, e pou l te ka montre Wayòm nan potko ap tabli, li te konpare tèt li ak “yon mesye ki te fèt nan gran fanmi” ki te vwayaje al “nan yon peyi lwen pou yo ka mete l wa” *. Pou Jezi, “peyi lwen” an te reprezante syèl la kote li t apral resevwa pouvwa nan men Papa l pou l vin Wa. Men, Jezi te konnen li pa t ap vin Wa Bondye chwazi a tousuit apre l fin retounen nan syèl. Olye de sa, li t apral chita adwat Bondye pou l tann moman Bondye fikse a rive. An reyalite, tan sa a te dire plizyè santèn ane. — Sòm 110:1, 2; Mat. 22:43, 44; Ebre 10:12, 13.

Ki lè Wayòm Bondye a ap vini?

14. a) Ki jan Jezi te reponn kesyon kat nan disip li yo te poze l la? b) Ki sa akonplisman pwofesi Jezi te bay la aprann nou konsènan prezans li e konsènan Wayòm nan?

14 Kèk jou anvan yo te touye Jezi, gen kat nan apot li yo ki te mande l: “Ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy fen sistèm nan?” ​(Mat. 24:3; Mak 13:4). Pou Jezi te reponn yo, li te bay yon pwofesi nou jwenn nan Matye chapit 24 ak chapit 25. Jezi te bay detay sou yon seri gwo evènman ki t ap gen pou rive toupatou sou tè a, e ki t ap sèvi kòm siy ki montre n ap viv nan moman “prezans” li. Kòmansman prezans li a t ap fèt anmenmtan ak moman kote Wayòm nan t ap tabli a. Prezans li a t ap fini lè Wayòm nan vini. Nou gen bonjan prèv ki montre pwofesi Jezi a te kòmanse akonpli nan ane 1914 *. Kidonk, ane 1914 la se kòmansman prezans Jezi, e se nan ane sa a Wayòm nan te tabli.

15, 16. De ki moun Jezi t ap pale lè l te di “jenerasyon sa a”?

15 Ki lè Wayòm Bondye a ap vini menm? Jezi pa t fè konnen egzakteman ki lè Wayòm nan t ap vini (Mat. 24:36). Men, li te di kèk bagay ki ta dwe fè nou kwè Wayòm nan pa twò lwen vini. Jezi te fè konnen Wayòm nan t ap vini apre “jenerasyon sa a” fin wè pwofesi ki pale konsènan siy prezans li an reyalize. (Li Matye 24:32-34.) De ki moun Jezi t ap pale lè l te di “jenerasyon sa a”? Annou pi byen egzamine pawòl Jezi te di yo.

16 “Jenerasyon sa a.” Èske Jezi t ap pale konsènan moun ki pa kwayan yo? Non. Ann wè ak ki moun Jezi t ap pale. Li t ap pale ak kèk nan apot li yo ki te “pwoche kote l apa”. (Mat. 24:3.) Pa t ret anpil tan pou Bondye vide lespri sen l sou apot yo. Ann fè yon ti pale konsènan kontèks la tou. Anvan Jezi te di “jenerasyon sa a”, li te di: “Kounye a, ann pran egzanp yon pye fig frans: Kou yon ti branch kòmanse pouse e li fè fèy, nou konnen lete toupre rive. Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo, konnen Pitit lòm nan toupre, li nan papòt la.” Se disip Jezi yo, disip Bondye chwazi pou al nan syèl la, ki t ap gen pou yo wè bagay Jezi te anonse yo, se pa moun ki pa kwayan yo. Disip sa yo t ap gen pou yo konprann sa bagay sa yo vle di, sètadi Jezi nan “papòt la”. Kidonk, lè Jezi te di “jenerasyon sa a”, li t ap pale konsènan disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la.

17. Ki sa mo “jenerasyon” an ak ekspresyon “tout bagay sa yo” vle di?

17 “Pap pase anvan tout bagay sa yo rive.” Kòman pawòl sa yo t apral reyalize? Pou n reponn kesyon sa a, nou bezwen konnen de bagay: Ki sa mo “jenerasyon” an vle di, e ki sa ekspresyon “tout bagay sa yo” vle di? Byen souvan, mo “jenerasyon” an gen rapò ak moun tout laj k ap viv nan yon menm epòk. Kantite tan yon jenerasyon dire pa twò long e li gen yon limit (Egz. 1:6). Ekspresyon “tout bagay sa yo” gen ladan l tout evènman Jezi te anonse ki gen pou rive pandan prezans li an, soti kòmansman ane 1914 pou rive jis nan dènye faz “gwo tribilasyon” an. — Mat. 24:21.

18, 19. Ki jan nou ka konprann pawòl Jezi te di konsènan “jenerasyon sa a”, e ki sa nou ka di?

18 Kidonk, ki jan pou nou konprann pawòl Jezi te di konsènan “jenerasyon sa a”? Jenerasyon sa a gen ladan l de gwoup moun ki fè pati moun Bondye chwazi pou al nan syèl la. Premye gwoup la gen ladan l moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki te wè siy lan kòmanse reyalize nan ane 1914, e dezyèm gwoup la gen ladan l moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki te viv nan menm epòk ak moun ki fè pati premye gwoup la pandan yon tan. Omwen, gen kèk nan moun ki fè pati dezyèm gwoup la k ap vivan toujou pou yo wè kòmansman tribilasyon k ap vini an. Toule de gwoup moun yo fòme yon sèl jenerasyon, piske gen kèk nan yo ki viv antanke moun Bondye chwazi pou al nan syèl pandan yon menm epòk *.

19 Ki sa nou kapab di? Ebyen, nou konnen siy prezans Jezi, antanke Wa ki gen pouvwa a, parèt byen klè toupatou sou tè a. Anplis de sa, nou ka wè moun Bondye chwazi pou al nan syèl la, ki vivan toujou sou tè a e ki fè pati “jenerasyon sa a”, ap antre fon nan laj, men, yo tout pap mouri anvan gwo tribilasyon an kòmanse. Kidonk, nou kapab di, Wayòm Bondye a pral vini talè konsa e Bondye pral dirije tout tè a pa mwayen Wayòm sa a! Se pa ti kontan nou pral kontan pou n wè Bondye reponn priyè Jezi te anseye nou an ki di: “Se pou wayòm ou an vini”!

20. Ki sijè ki enpòtan anpil nou pral egzamine nan liv sa a, e ki sa nou pral egzamine nan chapit ki vin apre a?

20 Nou pa dwe janm bliye pawòl Jewova te di detan nan syèl la konsènan Pitit Gason l lan: “Koute l.” Antanke vrè kretyen, nou kontan pou nou fè sa Bondye mande nou fè a san pèdi tan. Nou enterese anpil pou nou aprann tout sa Jezi te di ak tout sa l te anseye konsènan Wayòm Bondye a. Sijè nou pral egzamine nan liv sa a konsènan sa Wayòm nan deja fè ak sa l pral fè alavni an enpòtan anpil. Chapit ki vin apre a pral egzamine kèk bagay ki t ap gen pou fèt nan moman Bondye t ap gen pou l tabli Wayòm nan nan syèl la.

^ § 13 Parabòl Jezi a te ka fè moun yo panse ak Akelayis, yon pitit gason Ewòd Legran. Anvan Ewòd te mouri li te chwazi Akelayis pou vin wa sou Jide ak lòt zòn ankò. Sepandan, anvan Akelayis te ka kòmanse dirije, li te dwe fè yon vwayaj byen long pou l al Wòm pou l te ka jwenn favè Ogis Seza.

^ § 18 Nenpòt moun Bondye te chwazi pou al nan syèl apre lanmò dènye moun ki fè pati premye gwoup la, sa vle di, apre moun ki te wè “kòmansman doulè” yo nan ane 1914 la, pa t ap fè pati moun ki nan “jenerasyon sa a”. — Mat. 24:8.