Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 4

Jewova glorifye non l

Jewova glorifye non l

IDE KLE CHAPIT LA

Pèp Bondye a bay non Bondye tout enpòtans li merite.

1, 2. Ki jan Tradiksyon monn nouvo a glorifye non Bondye?

NAN jou ki te madi 2 desanm 1947 la, malgre te gen solèy, te gen bon ti van fre ki t ap vante. Jou sa a, te gen yon ti gwoup frè Bondye chwazi pou al nan syèl ki te nan Betèl Bwouklin nan ki nan Nouyòk ki te fikse objektif pou yo fè yon gwo travay. Travay sa a pa t fasil, men, pandan 12 ane, yo te kontinye fè travay sa a. Finalman, nan jou ki te dimanch 13 mas 1960 lan, yo te rive fin travay sou tèks pou yon nouvo tradiksyon Labib. Twa mwa annapre, nan dat ki te 18 jen 1960 lan, nan yon kongrè ki t ap fèt nan vil Mannchestè nan peyi Angletè, frè Nathan Knorr te prezante dènye volim Tradiksyon monn nouvo a ann antye nan lang anglè. Se pa ti kontan moun yo te kontan lè sa a! Frè Knorr te byen di sa moun yo te santi jou sa a, men sa l te di: ‘Jodi a se yon jou ki bay Temwen Jewova sou tout kò tè a kè kontan.’ Youn nan bèl aspè ki genyen nan nouvo tradiksyon sa a, e ki te bay moun yo gwo kè kontan, sèke non Bondye te parèt plizyè fwa ladan l.

Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo te parèt ann anglè nan asanble ki te fèt an 1950 lan ki te gen tit: “Accroissement de la théocratie.” (Agoch: Yankee Stadium, ki nan vil Nouyòk; adwat: Gana.)

2 Souvan, nan anpil tradiksyon Labib, yo retire non Bondye. Men, sèvitè Bondye te chwazi pou al nan syèl yo te kanpe tennfas kont taktik Satan t ap fè pou l efase non Bondye nan memwa lèzòm. Men sa yo te ekri nan entwodiksyon Tradiksyon monn nouvo yo te bay jou sa a: “Pi gwo karakteristik tradiksyon sa a, se mete li remete non Bondye nan plas li kòmsadwa.” Pa gen manti nan sa, Tradiksyon monn nouvo a sèvi ak non Bondye plis pase 7 000 fwa. Se pa ti glorifye tradiksyon sa a glorifye non Jewova, Papa nou ki nan syèl la!

3. a) Ki sa frè nou yo te rive konprann non Bondye vle di? b) Ki jan nou dwe konprann Egzòd 3:13, 14? (Gade kare ki gen tit: “ Ki sa non Bondye vle di?”)

3 Plizyè ane anvan sa, Etidyan Labib yo te konprann non Bondye vle di: “Mwen se sa m ye a.” ​(Egz. 3:14, King James Version). Donk, men sa Toudegad 1ye janvye 1926 la te fè konnen: “Non Jewova vle di Moun ki pa depann de okenn lòt moun pou l egziste a, [...] Moun ki pa gen kòmansman e ki pa gen fen an.” Sepandan, lè yo te kòmanse tradui Tradiksyon monn nouvo a, Jewova te ede pèp li a konprann sa non l vle di. Non sa a pa sèlman vle di Bondye egziste, men, li montre Bondye se yon Dye ki gen yon objektif e k ap aji pou l reyalize objektif li. Yo te aprann non Bondye vle di: “Li fè vin tounen.” Wi, se Jewova ki fè linivè a ak tout kreyati entèlijan l yo vin egziste. E se li menm ki kontinye ap travay pou volonte l ak objektif li vin yon reyalite. Men, poukisa li enpòtan konsa pou nou glorifye non Bondye, e ki jan nou ka patisipe nan glorifye non sa a?

Non Bondye vin sen

4, 5. a) Ki sa nou mande Bondye lè nou di l: “Se pou non w vin sen”? b) Ki jan e ki lè Bondye pral fè non l vin sen?

4 Jewova vle pou nou glorifye non l. Anfèt, pi gwo objektif Jewova genyen se pou non l vin sen. Sa parèt byen klè nan premye bagay Jezi te di pou n mande nan priyè modèl la. Men sa l te di: “Se pou non w vin sen.” ​(Mat. 6:9). Lè nou fè demann sa a, ki sa n ap mande vre?

5 Jan nou te aprann sa nan chapit 1 liv sa a, demann “se pou non w vin sen” an, se youn nan twa demann ki gen rapò ak objektif Bondye Jezi te aprann nou pou nou priye pou yo. Men de lòt demann yo: “Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt.” ​(Mat. 6:10). Kidonk, menm jan nou mande Jewova pou l fè Wayòm li an vini e pou l fè volonte l fèt, se menm jan an tou n ap mande l pou l fè non l vin sen. Se kòmsi nou ta di n ap mande Jewova pou l retire tout manti yo lage sou non l depi rebelyon ki te fèt ann Edenn nan. Ki fason Jewova pral reponn priyè sa a? Men sa Jewova di: “San mank, mwen pral sangtifye non m ki gran, non m ki te pwofane pami nasyon yo.” ​(Eze. 36:23; 38:23). Nan lagè Amagedòn nan, lè Jewova pral retire tout mechanste, Jewova pral sangtifye non l, sa vle di li pral fè l vin sen devan tout moun.

6. Kòman nou ka patisipe nan fè non Bondye vin sen?

6 Pandan tout listwa, Jewova te kite sèvitè l yo patisipe nan glorifye non l. An reyalite, nou pa ka fè non Bondye vin pi sen pase jan li deja sen an. Non li deja sen nan degre ki pi wo a. Donk, ki jan nou ka fè non Bondye vin sen? Men sa Izayi te di: “Jewova Chèf lame yo, se Li menm ki dwe sen pou nou.” Men sa Jewova li menm te di konsènan pèp li a: “Y ap sangtifye non m, [...] e y ap gen lakrentif pou Bondye Izrayèl la.” ​(Iza. 8:13; 29:23). Donk, nou sangtifye non Bondye, oswa nou fè non sa a vin sen, lè n konsidere l apa e nou konsidere l pi wo pase nenpòt lòt non, lè n respekte sa non sa a reprezante ak lè nou ede lòt moun vin wè non sa a sen tou. Nou sitou demontre nou gen lakrentif pou non Bondye lè n rekonèt Jewova antanke Dirijan nou e nou obeyi l ak tout kè n. — Pwo. 3:1; Rev. 4:11.

Jewova te prepare yo pou yo pote non l e pou yo glorifye non l

7, 8. a) Poukisa sa te pran tan anvan pou pèp Bondye a te pot non Bondye? b) Sou ki sa nou pral pale kounye a?

7 Depi ane 1870 yo, sèvitè Bondye yo ap sèvi ak non Bondye nan piblikasyon yo pibliye yo. Pa egzanp, yo te sèvi ak non Jewova nan Toudegad Siyon an (anglè) ki te parèt nan mwa out 1879 ak nan liv kantik Chan lamarye a (anglè) yo te pibliye nan menm ane a. Malgre sa, sanble anvan Jewova te pèmèt pèp li a pote non l, li te vle asire l pèp li a te pare pou gwo privilèj sa a. Kòman Jewova te prepare Etidyan Labib yo pou yo pote non l?

8 Lè nou fè yon ti reflechi sou ane 1800 yo ak kòmansman ane 1900 yo, nou ka wè Jewova te ede pèp li a byen konprann verite ki gen rapò ak non l. Ann fè yon ti pale sou twa nan verite sa yo.

9, 10. a) Okòmansman, poukisa atik Toudegad yo te pale anpil de Jezi? b) Depi 1919, ki chanjman ki te fèt, e ki rezilta sa te bay? (Gade kare ki gen tit “ Fason Toudegad glorifye non Bondye” a tou.)

9 Premyèman, sèvitè Jewova yo te vin byen konprann enpòtans non Bondye genyen. Etidyan Labib yo ki te fidèl te konprann dispozisyon Bondye te pran pou bay ranson an te gen rapò ak ansèyman prensipal Bib la. Sa ede n pi byen konprann rezon ki fè Toudegad te souvan pale de Jezi. Pa egzanp, depi premye ane jounal sa a te soti, yo te site non Jezi dis fwa plis pase kantite fwa yo te site non Jewova. Konsènan ane Etidyan Labib yo te fèk kòmanse yo, Toudegad 15 mas 1976 la te fè konnen Etidyan Labib yo te “fikse atansyon yo twòp” sou Jezi. Pi devan, Jewova te vin ede Etidyan Labib yo konprann jan Bib la bay non l yon gwo enpòtans. Ki efè sa te gen sou yo? Menm atik Toudegad la fè konnen, depi 1919, “yo te kòmanse montre plis rekonesans anvè Jewova, Papa Mesi a, ki nan syèl la”. Anfèt, pandan dis ane ki te vin apre 1919 yo, Toudegad te pale de non Jewova plis pase 6 500 fwa!

10 Lefètke frè nou yo te vin bay non Jewova enpòtans li merite a, yo te vin montre yo gen lanmou pou non Bondye. Menm jan ak Moyiz, yon moun ki t ap viv nan tan lontan, yo te gen objektif pou yo “fè moun konnen non Jewova”. (Det. 32:3; Sòm 34:3.) Kòm rezilta, jan Jewova te pwomèt sa nan Ekriti yo, li te wè jan frè yo te gen lanmou pou non l e l te beni yo. — Sòm 119:132; Ebre 6:10.

11, 12. a) Ki jan objektif piblikasyon nou yo te vin chanje tousuit apre ane 1919? b) Sou ki sa Jewova t ap atire atansyon sèvitè l yo, e poukisa?

11 Dezyèmman, vrè kretyen yo te vin byen konprann travay Bondye te ba yo fè a. Yon tikras tan apre 1919, frè Bondye te chwazi pou al nan syèl la ki te pran latèt yo te wè li enpòtan pou yo te byen egzamine pwofesi Izayi a. Konsa, sijè ki te nan piblikasyon nou yo te vin gen yon lòt objektif. Ki sa k montre ajisteman sa a te yon prèv ki montre yo te jwenn “manje nan bon moman”? — Mat. 24:45.

12 Anvan 1919, Toudegad pa t janm bay okenn detay sou pawòl nou jwenn nan liv Izayi a ki di: “‘Nou se temwen m’, sa a se deklarasyon Jewova fè, ‘wi, sèvitè pa m mwen chwazi.’” ​(Li Izayi 43:10-12.) Men, yon ti tan apre 1919, piblikasyon nou yo te kòmanse bay mesaj sa a plis atansyon, yo te ankouraje tout moun Bondye te chwazi pou al nan syèl yo pou yo patisipe nan travay Jewova te ba yo fè a, anpalan de bay temwayaj sou li. Vrèmanvre, soti ane 1925 pou rive ane 1931, yo te pale sou Izayi chapit 43 nan 57 atik Toudegad, e chak atik te montre pawòl Jewova te di nan liv Izayi yo gen rapò ak vrè kretyen yo. Sa klè, pandan ane sa yo, Jewova t ap atire atansyon sèvitè l yo sou travay yo te gen pou yo fè a. Poukisa? Se te yon fason pou l te ka “teste kapasite [vrè kretyen] yo anvan”. (1 Tim. 3:10.) Anvan pou Etidyan Labib yo te ka pote non Bondye kòmsadwa, yo te dwe montre Jewova yo se temwen l toutbonvre grasa aksyon yo fè. — Lik 24:47, 48.

13. Ki jan Pawòl Bondye a ede n wè pi gwo kesyon ki te merite jwenn repons lan?

13 Twazyèmman, pèp Jewova te vin konprann li enpòtan anpil pou non Bondye vin sen. Pandan ane 1920 yo, yo te rive konprann kesyon fè non Bondye vin sen an se pi gwo kesyon ki merite jwenn yon repons. Ki jan Pawòl Bondye a montre verite enpòtan sa a? Ann pran de egzanp. Ki pi gwo rezon ki fè Bondye te sove Izrayèl anba men ejipsyen yo? Men sa Jewova te di: “Pou m ka fè yo pwoklame non m sou tout tè a.” ​(Egz. 9:16). Men, poukisa Jewova te demontre mizèrikòd li anvè Izrayelit yo lè yo te rebele kont li? Yon lòt fwa ankò, men sa Jewova te di: ‘Mwen te fè l pou sa pa t bay pèp peyi kote yo t ap viv la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou.’ ​(Eze. 20:8-10, Bib la). Ki sa Etidyan Labib yo te aprann nan istwa sa yo ak nan lòt istwa ki nan Bib la?

14. a) Nan fen ane 1920 yo, ki sa pèp Bondye a te rive konprann? b) Lefètke Etidyan Labib yo te vin pi byen konprann bagay yo, ki efè sa te genyen sou travay predikasyon an? (Gade kare ki gen tit “ Yon rezon enpòtan pou nou preche” a tou.)

14 Nan fen ane 1920 yo, pèp Bondye a te rive konprann enpòtans yon pawòl Izayi te di sa gen plis pase 2 700 ane. Men sa Izayi te di konsènan Jewova: “Se konsa Senyè a te mache devan pèp li a, pou tout moun te ka toujou nonmen non l pou jan li gen pouvwa.” ​(Eza. 63:14, Bib la). Etidyan Labib yo te konprann sa k te pi enpòtan an, se pa pou yo chèche sove lavi yo, men, se pou non Bondye vin sen (Iza. 37:20; Eze. 38:23). Nan ane 1929, liv Pwofesi a (anglè) te rezime verite sa a konsa: “Non Jewova pi enpòtan lontan pase tout sa ki nan kreyasyon an.” Chanjman sa a ki te vin genyen nan fason yo te konprann bagay yo te kontinye ankouraje sèvitè Bondye yo pou yo bay temwayaj konsènan Bondye, e sa te ankouraje yo pou yo retire manti yo te lage sou non Bondye a.

15. a) Apati ane 1930 yo, ki sa frè nou yo te vin genyen? b) Ki moman ki te rive?

15 Nan kòmansman ane 1930 yo, frè nou yo te vin gen yon bon pwennvi sou enpòtans non Bondye, yo te vin pi byen konprann travay Bondye ba yo fè a e yo te vin pi byen konprann pi gwo kesyon ki merite jwenn repons lan. Kounye a, moman an te rive pou Jewova fè sèvitè l yo jwenn gwo privilèj pou yo pote non l. Pou nou ka pi byen konprann jan sa te vin fèt, ann fè yon ti pale sou kèk evènman ki te pase.

Jewova chwazi “yon pèp pou non l”

16. a) Ki fason estrawòdinè Jewova te glorifye non l? b) Nan tan lontan, ki pèp ki te premye pote non Bondye?

16 Yon fason estrawòdinè Jewova glorifye non l se lè l kite moun sou tè a pote non sa a. Depi ane 1513 anvan epòk nou an, se nasyon Izrayèl la ki te pèp Jewova te chwazi a (Iza. 43:12). Sepandan, yo pa t rive respekte alyans yo te fè ak Bondye a, e nan ane 33 epòk nou an yo te vin pèdi relasyon espesyal yo te gen avè l la. Yon ti tan annapre, Jewova te “dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo”. (Tra. 15:14.) Yo te vin rele nouvo nasyon sa a “Izrayèl Bondye a”. Se disip Kris Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki fòme nasyon sa a, e yo soti nan plizyè nasyon. — Gal. 6:16.

17. Ki sa Satan te reyisi fè?

17 Ozanviwon ane 44 epòk nou an, “Bondye te fè yo rele disip yo kretyen”. (Tra. 11:26.) Toudabò, non sa a te espesyal paske li te konsène vrè kretyen yo sèlman (1 Pyè 4:16). Sepandan, jan Jezi te di sa nan parabòl ble a ak move zèb yo, Satan te reyisi fè tout fo kretyen yo pote non sa a tou. Kòm rezilta, pandan plizyè syèk, li te vin difisil pou yo te ka idantifye aklè vrè kretyen yo pami fo kretyen yo. Men, sa te vin chanje pandan “sezon rekòt la” ki te kòmanse nan ane 1914. Sa k fè sa? Se paske zanj yo te kòmanse separe vrè kretyen yo ak fo kretyen yo. — Mat. 13:30, 39-41.

18. Ki sa k te ede frè yo konprann yo te bezwen pote yon lòt non?

18 Apre Jewova te fin nome esklav fidèl la nan ane 1919, li te ede pèp li a rive konprann ki travay li te ba yo fè. San pèdi tan, yo te vin rann yo kont travay predikasyon kay an kay la te fè yo diferan ak tout fo kretyen yo. Tousuit apre yo te fin rann yo kont de sa, yo pa t pran tan pou yo konprann tèm “Etidyan Labib la” pa t fè yo parèt diferan twòp parapò ak fo kretyen yo. Pi gwo objektif yo gen nan lavi a se pa sèlman etidye Labib, men se pou yo bay temwayaj sou Bondye, pou yo onore non l e pou yo glorifye non sa a. Donk, ki non ki t ap pi byen reprezante travay yo t ap fè a? Repons lan te parèt nan ane 1931.

Pwogram kongrè, 1931.

19, 20. a) Ki kokennchenn rezolisyon yo te pran nan kongrè ki te fèt nan ane 1931 an? b) Ki jan frè nou yo te reyaji devan desizyon nou te pran pou nou vin pote yon lòt non an?

19 Nan mwa jiyè 1931, te gen plis pase 15 000 Etidyan Labib ki te vin asiste yon kongrè yo t ap fè nan Columbus, Owayo, Ozetazini. Lè moun yo te wè pwogram kongrè a, yo te vin enterese anpil pou yo konnen sa de gwo lèt J ak yo ki te parèt sou pwogram nan te vle di. Gen moun ki te panse yo te vle di ret gade (‘Just Watch’), oswa ret tann (‘Just Wait’). Apre sa, nan jou dimanch 26 jiyè a, frè Joseph Rutherford te prezante yon rezolisyon ki te gen yon mesaj pisan. Men sa l te di: “Nou vle pou moun yo konnen nou sou non sa a e se ak non sa a pou yo rele nou: Temwen Jewova.” Nan moman sa a, tout moun ki te la yo te vin konprann sa de gwo lèt yo te vle di: yo te reprezante non nou genyen antanke Temwen Jewova (Jehovah’s Witnesses), yon non ki baze sou Izayi 43:10.

20 Tout moun ki te la yo te dakò ak rezolisyon an. Yo pa t ka kache jan yo te kontan, e yo te pran bat bravo pandan anpil tan. Se pa ni de ni twa moun ki te tande nan radyo reyaksyon moun ki te nan Columbus yo te genyen! Men sa Ernest ak Naomi Barber ki t ap viv ann Ostrali sonje: “Lè frè Ozetazini yo te pran bat bravo, frè Melbourne yo te leve kanpe sou de pye yo e yo te pran bat bravo. Nou pap janm bliye jou sa a *!”

Yo glorifye non Bondye sou tout kò tè a

21. Ki jan nouvo non nou te vin genyen an te ankouraje frè ak sè yo patisipe plis nan travay predikasyon an?

21 Lefètke sèvitè Bondye yo te pote non Temwen Jewova a, yon non ki baze sou Bib la, sa te ankouraje yo plis toujou pou yo patisipe nan travay predikasyon an. Men sa Edward ak Jessie Grimes, yon mari ak madanm ki te pyonye ki t ap viv Ozetazini e ki te asiste kongrè ki te fèt nan ane 1931 nan Columbus la te di: “Nou te kite lakay nou antanke Etidyan Labib, men nou te retounen lakay nou antanke Temwen Jewova. Kounye a, nou te kontan gen yon non ki ede nou glorifye non Bondye nou an.” Apre kongrè sa a, gen kèk Temwen ki te sèvi ak yon nouvo metòd pou yo glorifye non Bondye. Lè yo t al preche, yo te prezante moun yo yon kat ki te gen yon mesaj sou li ki te di: “Youn nan temwen JEWOVA yo k ap preche Wayòm JEWOVA, Bondye nou an.” Se sèten, pèp Bondye a te fyè pou yo pote non Jewova, e yo te pare pou yo fè konnen jan non sa a enpòtan tout kote yo pase. — Iza. 12:4.

“Nou te kite lakay nou antanke Etidyan Labib, men nou te retounen lakay nou antanke Temwen Jewova.”

22. Ki sa k montre aklè pèp Jewova se yon pèp ki apa?

22 Gen plizyè ane depi Jewova te pouse frè ki pral nan syèl yo pou yo aksepte non san parèy yo genyen an. Depi 1931, èske Satan te rive kache idantite pèp Bondye a? Èske l te rive fè nou antre nan menm moul ak fo relijyon yo jodi a? Non! Okontrè, non espesyal nou genyen antanke temwen Bondye a mete nou apa plis toujou. (Li Mika 4:5; Malaki 3:18.) An reyalite, lè moun yo wè nou ap preche, yo idantifye nou ak non Bondye. Se pou rezon sa a, nenpòt moun ki sèvi ak non sa a, lòt moun pa pran tan pou idantifye l kòm yon Temwen Jewova. Olye fo relijyon yo ki tankou gwo mòn bare vrè adorasyon an, adorasyon sa a “chita byen djanm anlè tèt mòn yo”. (Iza. 2:2.) Jodi a, grasa adorasyon n ap bay Jewova a, nou glorifye non l ki sen!

23. Selon Sòm 121:5, ki verite enpòtan konsènan Jewova ki ban nou anpil ankourajman?

23 Se pa ti ankourajan li ankourajan pou nou konnen Jewova ap pwoteje nou kont atak Satan ap fè jodi a, ak sa l pral fè alavni yo (Sòm 121:5)! Nou gen bonjan rezon pou nou di menm pawòl yon salmis te di: “Byennere nasyon ki gen Jewova kòm Bondye l la, pèp Bondye chwazi kòm eritaj li a.” — Sòm 33:12.

^ § 20 Gade chapit 7 la nan paj 72-74 sou fason yo te konn itilize radyo.