Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 6

Moun k ap preche yo — Sèvitè Bondye yo ofri tèt yo volontèman

Moun k ap preche yo — Sèvitè Bondye yo ofri tèt yo volontèman

IDE KLE CHAPIT LA

Wa a mete yon lame moun k ap preche sou pye.

1, 2. Ki gwo travay Jezi te anonse ki t ap gen pou fèt, e ki kesyon enpòtan sa soulve?

BYEN souvan, dirijan politik yo konn fè moun pwomès san yo pa janm kenbe pwomès sa yo. Menm moun ki gen pi bon entansyon yo kapab pa rive respekte pwomès yo te fè. Se pa ti kontan nou kontan dèske Jezi Kris, Wa Bondye chwazi a, toujou kenbe pawòl li!

2 Apre Bondye te fin met Jezi Wa nan ane 1914, Jezi te gentan pare pou l akonpli yon pwofesi li te bay sa gen anviwon 1 900 ane. Men sa Jezi te di yon ti tan anvan l mouri: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout tè a.” ​(Mat. 24:14). Akonplisman pawòl sa yo t ap fè pati siy ki montre Wayòm nan ap dirije a. Sepandan, gen yon kesyon enpòtan ki te soulve: Ki jan Wa a t apral fè jwenn yon lame moun ki ofri tèt yo volontèman pou yo preche nan dènye jou yo, yon epòk kote pifò moun t ap renmen pwòp tèt yo, yo pa t ap gen lanmou, epi yo pa t ap renmen Bondye vre (Mat. 24:12; 2 Tim. 3:1-5)? Nou dwe konn repons kesyon sa a piske li konsène tout vrè kretyen.

3. Ki asirans Jezi te genyen, e ki kote li te jwenn asirans sa a?

3 Yon lòt fwa ankò, ann egzamine pawòl Jezi te di yo. Èske ekspresyon “pral preche” a montre se yon bagay ki t apral fèt vre? Wi, li montre sa! Jezi te gen asirans li t ap jwenn moun ki ofri tèt yo volontèman nan dènye jou yo. Ki kote Jezi te jwenn asirans sa a? Li te jwenn li nan men Papa l (Jan 12:45; 14:9). Anvan Jezi te vin sou tè a, li te wè jan Papa l te gen konfyans adoratè l yo t ap dispoze fè sakrifis pou yo obeyi l. Ann wè ki fason Jewova te montre l gen konfyans sa a.

“Pèp ou a ap ofri tèt li volontèman”

4. Ki travay Jewova te mande Izrayelit yo pou yo soutni, e ki jan Izrayelit yo te reyaji?

4 Pa bliye sa k te pase lè Jewova te bay Moyiz lòd pou l konstwi tabènak la, oswa tant lan, ki t apral vin kote nasyon Izrayèl la dwe adore Bondye a. Pa mwayen Moyiz, Jewova te mande tout pèp la pou yo bay kontribisyon pa yo pou soutni travay sa a. Men sa Moyiz te di yo: “Se pou tout moun pote yon kontribisyon pou Jewova depi kè l pouse l fè sa.” Ki rezilta sa te bay? Bib la fè konnen: “Chak maten, Izrayelit yo te kontinye pote plis ofrann toujou e yo te fè sa ak tout kè yo.” Yo te tèlman pote anpil ofrann, yo te oblije mande yo pou yo “sispann pote bagay vini”. (Egz. 35:5; 36:3, 6.) Izrayelit yo te reyaji jan Jewova te gen konfyans yo t ap reyaji a.

5, 6. Anrapò ak Sòm 110:1-3, ki kalite espri sakrifis Jewova ak Jezi atann pou vrè adoratè yo demontre nan dènye jou yo?

5 Èske Jewova te atann li pou adoratè l yo demontre menm kalite espri sakrifis sa a nan dènye jou yo? Wi! Plis pase 1 000 an anvan Jezi te fèt sou tè a, Jewova te enspire David pou l ekri konsènan moman Mesi a t ap gen pou l kòmanse dirije a. (Li Sòm 110:1-3.) Jezi, nouvo Wa a, t ap gen moun ki kont li. Sepandan, li t ap gen yon lame moun ki t ap soutni l tou. Se pa fòse yo t ap fòse moun sa yo pou yo sèvi Wa a. Menm jèn yo t ap ofri tèt yo volontèman, konsa, yo t ap vin tèlman anpil, yo t ap konpare yo ak gout lawouze moun pa ka konte, ki parèt atè nan maten lè solèy ap leve *.

Moun k ap soutni Wayòm nan menm jan ak gout lawouze tèlman yo anpil. (Gade paragraf 5.)

6 Jezi te konnen pwofesi sa a nou jwenn nan Sòm 110 la te gen rapò avè l (Mat. 22:42-45). Kidonk, li te gen tout rezon l pou l gen konfyans li t apral jwenn yon gwoup moun fidèl ki t ap ofri tèt yo volontèman pou yo preche bon nouvèl la sou tout tè a. Ki sa listwa montre? Èske Wa a te jwenn yon lame moun ki ofri tèt yo volontèman pou yo preche Wayòm nan nan dènye jou yo vre?

“Mwen gen privilèj ak obligasyon pou m anonse mesaj sa a”

7. Apre Jewova te fin met Jezi Wa, ki sa Jezi te fè pou l prepare disip li yo pou travay ki t ap tann yo a?

7 Yon ti tan apre Bondye te fin met Jezi Wa, Jezi te kòmanse prepare disip li yo pou kokennchenn travay yo t apral fè a. Jan nou te wè sa nan chapit 2 a, Jezi te fè yon travay enspeksyon ak netwayaj pami pèp Bondye a, soti nan ane 1914 pou rive nan kòmansman ane 1919 (Mal. 3:1-4). Apre sa, nan ane 1919, li te nome esklav fidèl la pou l pran latèt pami disip li yo (Mat. 24:45). Depi lè sa a, esklav sa a te kòmanse bay manje nan domèn espirityèl. Li fè sa pa mwayen diskou yo bay nan kongrè ak piblikasyon enprime ki pa janm sispann montre responsablite tout kretyen genyen pou yo patisipe pèsonèlman nan travay predikasyon an.

8-10. Ki fason kongrè yo te motive moun yo pou travay predikasyon an? Bay yon egzanp. (Gade kare ki gen tit “ Kongrè ki te motive moun yo pou travay predikasyon an” tou.)

8 Diskou nan kongrè. Etandone Etidyan Labib yo te swaf pou yo jwenn konsèy, yo te rasanble ansanm nan Cedar Point, Owayo, Ozetazini soti nan dat 1ye septanm 1919 pou rive 8 septanm 1919, dekwa pou yo te asiste premye pi gwo kongrè yo te fè apre Premye Gè mondyal la. Nan dezyèm jou kongrè a, frè Rutherford te bay yon diskou kote li te pale dirèkteman ak delege ki te la yo. Men sa l te di yo: “Misyon yon kretyen gen sou tè a [...] se pwoklame mesaj Wayòm Seyè a.”

9 Twa jou annapre, frè Rutherford te bay yon diskou ki gen tit: “Diskou pou nou tout k ap travay ansanm.” Se te moman ki te pi enpòtan nan kongrè a. Yo te pibliye diskou sa a nan Toudegad e yo te rele l: “Anonse Wayòm nan”. Men sa frè Rutherford te di nan diskou a: “Lè yon kretyen byen reflechi, li nòmal pou l mande tèt li: Poukisa m sou tè a? E repons li jwenn nan ta dwe: Seyè a fè m gras pou m sèvi l kòm anbasadè, pou m fè monn nan konnen mesaj rekonsilyasyon an. Mwen gen privilèj ak obligasyon pou m anonse mesaj sa a.”

10 Nan diskou sa a ki te make listwa pèp Bondye a, frè Rutherford te anonse yon nouvo peryodik ki rele Epòk annò a (anglè). Kounye a, yo rele l Réveillez-vous! Li te fè konnen yo t apral sèvi ak piblikasyon sa a pou ede moun yo rekonèt Wayòm nan kòm sèl espwa pou limanite. Apre sa, li te mande konbyen nan moun ki la yo ki vle patisipe nan distribye peryodik sa a. Selon yon rapò yo te bay sou kongrè a, “fason moun yo te reponn nan te ankourajan anpil. Tout 6 000 moun yo te leve kanpe anmenmtan” *! Vrèmanvre, Wa a te gen anpil moun ki te chofe pou yo preche Wayòm li an!

11, 12. Ki sa Toudegad te di nan ane 1920 konsènan ki lè travay Jezi te anonse a t ap gen pou l fèt?

11 Piblikasyon yo enprime yo. Pa mwayen Toudegad, enpòtans travay Jezi te anonse a, anpalan de travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan, te vin parèt pi klè toujou. Ann egzamine kèk egzanp nou jwenn nan kòmansman ane 1920 yo.

12 Selon Matye 24:14, ki mesaj nou t ap gen pou nou preche? Ki lè travay sa a t ap fèt? Nan Toudegad 1ye jiyè 1920 an, gen yon atik ki te gen tit “Levanjil Wayòm nan” ki te esplike mesaj nou t ap gen pou nou preche a. Men sa atik la te di: “Bon nouvèl n ap pale la a gen rapò ak lafen ansyen sistèm nan ak tabli Bondye tabli wayòm Mesi a.” Atik la te montre aklè ki lè mesaj sa a t ap gen pou l preche. Men sa l te di: “Mesaj sa a ta dwe preche ant gwo gè mondyal la [Premye Gè mondyal] ak ‘gwo tribilasyon’ an.” Men sa atik la te di ankò: “Se kounye a [...] pou nou fè tout moun nan Lakretyente konnen bon nouvèl sa a.”

13. Ki jan Toudegad 1921 an te ankouraje kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou yo demontre lespri sakrifis?

13 Èske se fòse yo t apral fòse pèp Bondye a pou l fè travay Jezi te anonse a? Non. Gen yon atik ki te parèt nan Toudegad 15 mas 1921 an ki te gen tit “Se pou nou gen anpil kouraj”. Atik sa a te ankouraje kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou yo demontre lespri sakrifis. Yo te ankouraje chak kretyen sa yo pou yo poze tèt yo kesyon sa a: “Èske se pa yon gwo privilèj ak yon gwo obligasyon mwen genyen pou m patisipe nan travay sa a?” Atik la te kontinye pou l di: “Nou sèten, lè w konsidere l [kòm yon privilèj pou w patisipe nan travay la] w ap santi w menm jan ak Jeremi, ki te santi l oblije pale paske pawòl Seyè a te tankou ‘yon dife k ap boule anndan zo [l]’.” ​(Jer. 20:9). Bèl ankourajman sa a te montre jan Jewova ak Jezi te gen konfyans nan moun fidèl ki t ap soutni Wayòm nan.

14, 15. Nan ane 1922, ki jan Toudegad te ankouraje kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou yo patisipe nan travay predikasyon an?

14 Ki jan vrè kretyen yo t apral rive fè lòt moun konnen mesaj Wayòm nan? Gen yon atik tou kout, ki te gen anpil enpòtans, ki te parèt nan Toudegad 15 out 1922 an. Atik sa a te gen tit “Ministè a enpòtan”. Li te ankouraje kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou yo patisipe “nan fè moun yo konnen mesaj enprime a, epi pale avè yo lakay yo pou fè yo konnen wayòm nan tabli nan syèl la”.

15 Sa klè, depi ane 1919, se pa ni de ni twa fwa Kris te sèvi ak esklav fidèl ki prevwayan an pou met aksan sou privilèj ak responsablite kretyen yo genyen pou yo preche mesaj Wayòm nan. Sepandan, ki fason premye Etidyan Labib yo te reyaji devan ankourajman yo te jwenn pou yo patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan?

“Moun fidèl yo ap ofri tèt yo volontèman”

16. Ki jan kèk gason yo te vote pou vin ansyen te reyaji devan lide pou tout moun patisipe nan travay predikasyon an?

16 Nan ane 1920 ak ane 1930 yo, gen kèk moun ki pa t dakò ak lide ki fè konnen tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ta dwe patisipe nan travay predikasyon an. Toudegad 1ye novanm 1927 la esplike sa k te pase lè sa a. Men sa yo te di nan atik la: ‘Jodi a, gen moun k ap sèvi nan legliz la [kongregasyon an] kòm ansyen [...] ki refize ankouraje frè yo pou yo patisipe nan sèvis la, e yo refize patisipe nan sèvis la yo menm. [...] Yo pa dakò ak lide al kay an kay pou fè moun konnen mesaj Bondye a, Wa Li chwazi a ak wayòm li a.’ Men sa yo te fè konnen byen klè nan atik la: “Lè a rive pou moun fidèl yo idantifye moun sa yo, pou yo evite yo, e pou yo fè gason sa yo konnen yo pap bay yo responsablite kòm ansyen ankò.”  *

17, 18. Ki jan pifò moun nan kongregasyon yo te reyaji devan direksyon òganizasyon an te bay yo, e ki fason plizyè milyon moun reyaji pandan 100 ane ki sot pase yo?

17 Erezman, pifò moun nan kongregasyon yo te byen reyaji devan direksyon òganizasyon an te bay. Yo te konsidere sa kòm yon privilèj pou yo patisipe nan preche mesaj Wayòm nan. Men ki jan Toudegad 15 mas 1926 la te pale de sa: “Moun fidèl yo ap ofri tèt yo volontèman, [...] pou yo fè moun konnen mesaj sa a.” Moun fidèl sa yo te suiv pawòl ki nan pwofesi nou jwenn nan Sòm 110:3 a, e yo te montre yo te dispoze soutni Wa Bondye chwazi a ak tout kè yo.

18 Pandan 100 ane ki sot pase yo, gen plizyè milyon moun ki ofri tèt yo volontèman pou yo patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan. Nan kèk chapit ki vin apre yo, nou pral egzamine fason moun sa yo te preche, anpalan de metòd ak zouti yo te itilize pou yo preche, e nou pral wè ki rezilta yo te jwenn. Men, anvan sa, ann wè poukisa gen plizyè milyon moun ki ofri tèt yo volontèman pou yo patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan, malgre y ap viv nan yon monn kote moun yo wè tèt yo sèlman. Toutpandan n ap analize kesyon sa a, li bon pou n mande tèt nou: ‘Poukisa m preche lòt moun bon nouvèl la?’

“Kontinye chèche wayòm nan an premye”

19. Poukisa nou suiv konsèy Jezi te bay pou nou “kontinye chèche wayòm nan an premye” a?

19 Men ki konsèy Jezi te bay disip li yo: “Kontinye chèche wayòm nan an premye.” ​(Mat. 6:33). Poukisa nou suiv konsèy sa a? Anfèt, se paske nou rekonèt Wayòm nan gen anpil enpòtans, sa vle di, li se bagay ki pi enpòtan nan objektif Bondye. Jan nou te wè sa nan chapit ki vin anvan an, grasa lespri sen, nou te rive konnen yon seri bèl verite konsènan Wayòm nan tikras pa tikras. Lè verite konsènan Wayòm nan, yon seri verite ki gen anpil valè, rive touche kè nou, sa pouse n chèche Wayòm nan an premye.

Menm jan ak yon moun ki jwenn yon trezò yo te sere, kretyen yo kontan dèske yo jwenn verite konsènan Wayòm nan. (Gade paragraf 20.)

20. Ki jan egzanp Jezi te bay konsènan trezò yo te sere a montre ki fason disip li yo t ap gen pou yo reyaji devan konsèy li te ba yo pou yo kontinye chèche Wayòm nan an premye a?

20 Jezi te konnen kòman disip li yo t ap byen reyaji devan konsèy li te ba yo pou yo kontinye chèche Wayòm nan an premye a. Ann egzamine parabòl li te bay konsènan trezò yo te sere a. (Li Matye 13:44.) Pandan mesye ki nan egzanp Jezi te bay la ap fè travay li konn fè chak jou nan yon jaden, li jwenn yon trezò yo sere nan jaden an, e tousuit, li rekonèt valè trezò a. Ki sa l fè annapre? Mesye a “tèlman kontan, l ale li vann tout sa l genyen e l achte jaden an”. Ki leson nou dwe aprann nan sa? Lè n jwenn verite konsènan Wayòm nan epi nou rekonèt valè verite sa a genyen, n ap kontan fè kèlkeswa sakrifis ki nesesè a, yon fason pou nou bay enterè Wayòm nan plas li merite a, sa vle di premye plas nan lavi nou *.

21, 22. Ki fason moun fidèl ki t ap soutni Wayòm nan te montre yo te chèche Wayòm nan an premye? Bay yon egzanp.

21 Se pa nan pawòl sèlman moun fidèl k ap soutni Wayòm nan di yo chèche Wayòm nan an premye nan lavi yo, men, yo montre sa nan aksyon yo tou. Moun sa yo bay tan yo, kapasite yo ak sa yo genyen nan travay predikasyon Wayòm nan. Gen anpil nan yo ki fè gwo sakrifis yon fason pou yo antre nan sèvis aplentan. Tout moun sa yo se moun ki wè jan Jewova beni moun ki met Wayòm nan an premye. Ann pran yon egzanp nan epòk Etidyan Labib yo.

22 Nan fen ane 1920 yo, Avery ak Lovenia Bristow te kòmanse sèvi ansanm antanke kòlpòtè (pyonye) nan sid Etazini. Men sa Lovenia te di plizyè ane annapre: “Depi lè sa a, mwen menm ak Avery pase plizyè ane ap jwenn kè kontan ansanm nan sèvis pyonye a. Pandan plizyè fwa, nou pa t konn ki kote nou t ap jwenn kòb pou n achte gaz oswa pou n achte pwovizyon pou met nan kay la. Men, Jewova te toujou fè yon jan pou nou jwenn sa nou te bezwen. Nou te kontinye nan sèvis la. Nou te toujou jwenn sa nou te bezwen.” Lovenia sonje, yon lè pandan yo t ap sèvi nan Pensacola, nan Florid, yo pa t gen ase kòb e yo pa t gen ase pwovizyon nan kay la. Lè yo te retounen lakay yo, yo te jwenn de gwo sak pwovizyon ansanm ak yon ti nòt. Men sa nòt la te di: “Kongregasyon Pensacola a vle nou konnen yo renmen nou.” Men sa Lovenia te di lè l ap reflechi ak plizyè dizèn ane li te pase nan sèvis aplentan: “Jewova pa t janm lage nou. Li pa t janm fè n regrèt konfyans nou gen nan li an.”

23. Ki santiman w genyen anrapò ak verite w jwenn konsènan Wayòm nan, e ki detèminasyon w pran?

23 Se vre nou tout pap ka fè menm kantite bagay nan travay predikasyon an piske sitiyasyon nou pa menm. Sepandan, nou tout kapab konsidere se yon privilèj sa ye pou n preche bon nouvèl la ak tout kè nou (Kol. 3:23). Etandone nou bay verite nou jwenn konsènan Wayòm nan anpil valè, nou ofri tèt nou volontèman, wi, nou chofe, pou nou fè kèlkeswa sakrifis nou kapab yon fason pou n sèvi Bondye otank posib. Èske se pa detèminasyon sa a ou pran tou?

24. Bay youn nan pi gwo travay Wayòm nan ap fè nan dènye jou yo.

24 Vrèmanvre, pandan syèk ki sot pase a, Wa a te reyalize pawòl li te di nan pwofesi nou jwenn nan Matye 24:14 la. E li te fè sa san se pa fòse li te fòse moun yo. Nan yon monn kote moun yo wè tèt yo sèlman, se volontèman disip li yo ofri tèt yo pou yo preche. Travay predikasyon bon nouvèl y ap fè sou tout kò tè a fè pati siy ki montre Jezi prezan antanke Wa ki gen pouvwa, e travay sa a se youn nan pi gwo travay Wayòm nan ap fè nan dènye jou yo.

^ § 5 Nan Bib la, lawouze gen rapò ak abondans. — Jen. 27:28; Mika 5:7.

^ § 10 Gen yon bwochi ki rele Moun yo konfye travay la (anglè) ki te fè konnen: ‘Travay distribye Epòk annò a gen ladan l ale kay an kay pou fè moun yo konnen mesaj wayòm nan [...] epi kite yon peryodik nan chak kay, kit moun yo te pran yon abònman, kit yo pa t pran.’ Pandan plizyè ane apre, yo te ankouraje frè yo pou yo ofri moun yo yon abònman peryodik Epòk annò a ak Toudegad anmenmtan. Apati 1ye fevriye 1940, yo te ankouraje pèp Jewova a pou yo distribye peryodik sa yo apa, epi pou yo bay yon rapò sou ki kantite yo te bay.

^ § 16 Nan epòk sa a, se moun nan kongregasyon an ki te konn vote pou yon moun vin ansyen. Sepandan, moun nan kongregasyon an te ka refize vote pou yon moun ki te opoze ak travay predikasyon an. Nan chapit 12 la, nou pral pale konsènan chanjman ki te vin fèt pou yo nome ansyen yo yon fason teyokratik.

^ § 20 Jezi te montre yon ide menm jan an nan parabòl li te bay konsènan yon komèsan k ap vwayaje pou l chèche yon pèl ki gen anpil valè a. Lè komèsan an jwenn pèl la, li vann tout sa l genyen epi l achte l (Mat. 13:45, 46). Toule de parabòl sa yo montre tou, nou kapab aprann verite konsènan Wayòm nan plizyè fason. Gen kèk moun, nan yon sans, ki kapab pantan sou li, alòske gen lòt se chèche yo chèche l. Men, kèlkeswa fason nou rive jwenn verite konsènan Wayòm nan, nou dispoze fè sakrifis yon fason pou n met Wayòm nan an premye nan lavi nou.