Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 8

Zouti pou yo preche: Yo fè piblikasyon pou nou preche sou tout tè a

Zouti pou yo preche: Yo fè piblikasyon pou nou preche sou tout tè a

IDE KLE CHAPIT LA

Jewova kontinye ban nou zouti nou bezwen pou n anseye moun ki soti nan tout nasyon, tout tribi ak tout lang.

1, 2. a) Nan premye syèk la, ki sa k te ede disip yo gaye bon nouvèl la toupatou nan Anpi women an? b) Nan epòk pa nou an, ki sa k montre aklè Jewova ap soutni nou? (Gade kare ki gen tit: “ Bon nouvèl la nan plis pase 670 lang.”)

MOUN ki t ap vizite Jerizalèm yo pa t ka kwè sa y ap tande a. Galileyen yo t ap pale san pwoblèm nan lang ki pa t lang pa yo, e mesaj yo t ap bay la te enterese moun ki t ap koute yo. Sa te rive nan Pannkòt ane 33 epòk nou an. Grasa yon mirak, disip yo te resevwa don pou yo pale nan plizyè lang, sa ki te montre aklè Bondye t ap soutni yo. (Li Travay 2:1-8, 12, 15-17.) Bon nouvèl yo te preche jou sa a te rive touche tout kalite moun, e annapre, li te gaye toupatou nan Anpi women an. — Kol. 1:23.

2 Se vre jodi a Bondye pa fè mirak pou l fè sèvitè l yo pale nan plizyè lang, men, li fè yo tradui mesaj Wayòm nan nan plis pase 670 lang, sa ki fè nou rive preche nan plis lang pase disip yo nan premye syèk la (Tra. 2:9-11). Pèp Bondye a pibliye yon pakèt piblikasyon nan plizyè lang dekwa pou mesaj Wayòm nan ka gaye sou tout kò tè a *. Sa tou se yon prèv ki montre Jewova ap itilize Jezi Kris pou dirije travay predikasyon an (Mat. 28:19, 20). Toutpandan n ap fè yon ti pale sou kèk nan zouti nou te itilize pou nou fè travay sa a pandan 100 dènye ane ki sot pase yo, l ap bon pou nou remake jan Wa a fòme nou tikras pa tikras pou nou vin enterese ak chak moun, e jan li ankouraje nou pou nou se moun k ap ede moun konnen Pawòl Bondye a. — 2 Tim. 2:2.

Wa a bay sèvitè l yo zouti pou yo simen semans verite a

3. Poukisa nou sèvi ak plizyè zouti pou n fè travay predikasyon an?

3 Jezi te konpare “ mesaj wayòm nan” ak semans e li te konpare kè moun ak tè (Mat. 13:18, 19). Yon moun ki konn travay nan jaden ka itilize plizyè zouti pou l fouye tè a pou fè l mou, e pou l prepare tè a pou resevwa semans. Menm jan an tou, pèp Jewova a te itilize plizyè zouti ki te ede yo prepare kè plizyè milyon moun pou yo resevwa mesaj Wayòm nan. Kèk nan zouti sa yo te itil yo pandan yon ti tan. Gen lòt zouti, tankou liv ak peryodik, ki kontinye ap ede yo fè yon bon travay. Tout zouti nou pale de yo la a ede pwoklamatè Wayòm nan pale ak moun fasafas, sa ki diferan ak pifò metòd nou te pale nan chapit ki vin anvan an, yon seri metòd yo te konn itilize pou bay anpil moun enfòmasyon. — Tra. 5:42; 17:2, 3.

Moun k ap fè fonograf e k ap fè aparèy pou son nan Towonto, Kanada.

4, 5. Kòman yo te konn sèvi ak plak ki te mache ak fonograf yo, men, ki sa nou pa t ka rive fè?

4 Diskou ki tou anrejistre. Nan ane 1930 yo ak ane 1940 yo, pwoklamatè yo te konn itilize yon aparèy ki jwe plak ki rele fonograf. Yo te ka deplase avè l pou fè moun tande diskou ki baze sou Bib la ki te tou anrejistre. Mesaj yo te tande sou plak la, ki te pi gwo pase yon CD, pa t dire senk minit. Pafwa, diskou yo te konn tande a te konn gen yon tit tou kout, tankou “Trinite”, “Pigatwa” ak “Wayòm”. Kòman yo te konn sèvi ak plak sa yo? Men sa frè Clayton Woodworth Jr., ki te batize nan ane 1930 Ozetazini, te fè konnen: “Mwen te pote yon fonograf nan yon ti malèt yo te fè pou sa. Pou fonograf sa a te mache, fò m te ba l chèn. Fò m te byen depoze manch fonograf la sou pwent plak la pou l te ka byen jwe. Mwen te konn al devan pòt yon kay, mwen ouvri malèt la, mwen ranje manch fonograf la epi mwen peze sonèt kay la. Lè mèt kay la te ouvri pòt la, mwen di l: ‘Mwen gen yon mesaj ki enpòtan mwen ta renmen fè w tande.’” Ki jan moun yo te konn reyaji? Men sa frè Woodworth di: ‘Anpil fwa, moun yo te byen reyaji. Men, gen lòt lè yo te konn fèmen pòt sou mwen. Gendelè, gen moun ki te panse se vann mwen t ap vann fonograf.’

Rive nan ane 1940, yo te gentan anrejistre plis pase 90 diskou e yo te gentan fè plis pase yon milyon plak.

5 Rive nan ane 1940, yo te gentan anrejistre plis pase 90 diskou, e yo te gentan fè plis pase yon milyon plak. Men sa John E. Barr, ki te pyonye nan Grann Bretay nan epòk sa a, e pi devan ki te vin manm Kolèj santral la, te di: “Soti nan ane 1936 pou rive nan ane 1945, mwen te toujou mache ak yon fonograf. Anfèt, nan epòk sa yo, si mwen pa t gen yon fonograf avè m mwen te santi m manke yon bagay. Lè m tande vwa frè Rutherford pandan m nan yon papòt kay, sa te ankouraje m anpil, se kòmsi li te la avè m. Byennantandi, sèvi ak yon fonograf pa t pèmèt nou rive anseye, sa vle di pou n rive touche kè moun yo.”

6, 7. a) Ki byenfè frè yo te jwenn lè yo te sèvi ak kat temwayaj yo, men ki limit kat sa yo te genyen? b) Nan ki sans Jewova te “mete pawòl nan bouch nou”?

6 Kat pou bay temwayaj: Apati ane 1933, yo te ankouraje pwoklamatè yo pou yo sèvi ak kat pou bay temwayaj nan travay predikasyon kay an kay la. Kat pou bay temwayaj la se te yon kat ki te mezire anviwon 7,6 santimèt lajè e 12,7 santimèt longè. Ladan l te gen yon mesaj tou kout ki baze sou Bib la ak yon ti nòt ki pale de yon piblikasyon ki baze sou Bib la mèt kay la te ka resevwa si l vle. Yon pwoklamatè te konn annik lonje kat la bay mèt kay la epi li mande l pou l li l. Men sa Lilian Kammerud, ki pi devan te sèvi kòm misyonè nan Pòtoriko ak Ajantin, te fè konnen: “Mwen te kontan bay temwayaj ak kat la.” Poukisa li te kontan sèvi ak kat sa yo? Men sa li di: “Se pa nou tout ki te alèz pou nou fè yon bèl prezantasyon. Donk, [kat la] te ede m vin pi alèz pou m al pale ak moun yo.”

Kat pou bay temwayaj (italyen).

7 Men sa frè David Reusch, ki te batize nan ane 1918, te fè konnen: “Kat temwayaj yo te ede frè yo, piske se yon ti ponyen nan yo ki te santi yo alèz pou yo di sa yo te dwe di a.” Zouti sa a te gen limit li tou. Men sa frè Reusch fè konnen: “Pafwa, nou te rankontre kèk moun ki te panse nou pa t konn pale. Nan yon sans, gen anpil nan nou ki pa t ka pale vre. Men, Jewova t ap prepare nou pou n al pale ak moun yo antanke sèvitè l. Nan yon tikras tan, li te mete pawòl nan bouch nou. Li te fòme nou pou nou te ka sèvi ak Ekriti yo nan papòt kay yo. Li te rive fè sa pa mwayen Lekòl ministè teyokratik la, ki te kòmanse nan ane 1940 yo.” — Li Jeremi 1:6-9.

8. Ki jan w ka kite Kris fòme w?

8 Liv. Depi 1914, pèp Jewova a pibliye plis pase 100 liv ki egzamine sijè ki baze sou Bib la. Yo te fè kèk nan liv sa yo espesyalman pou ede pwoklamatè yo vin pi efikas nan travay predikasyon an. Men sa Anna Larsen, k ap viv nan peyi Dànmak e ki gen plis pase 70 an depi l ap preche, fè konnen: “Jewova te sèvi ak Lekòl ministè teyokratik la ansanm ak kèk liv nou te resevwa pou l ede nou vin pi maton nan travay predikasyon an. Mwen sonje premye liv pami liv nou te resevwa yo, anpalan de Èd teyokratik pou pwoklamatè Wayòm nan (anglè) ki te parèt nan ane 1945. Pi devan, yo te pibliye liv Nou ekipe pou tout bon travay (anglè) nan ane 1946. Jodi a, nou gen liv Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la yo te pibliye nan ane 2001 ann anglè.” Se sèten, Lekòl ministè teyokratik la ak liv yo sèvi nan lekòl sa a te jwe yon wòl enpòtan nan fòmasyon Jewova ban nou pou l fè nou “vrèman kalifye [...] pou nou vin sèvitè” l (2 Kor. 3:5, 6). Èske w enskri nan Lekòl ministè teyokratik la? Lè w al nan reyinyon chak semèn, èske w mache ak liv Lekòl ministè teyokratik la epi w suiv ladan l pandan siveyan lekòl la ap fè referans avè l? Si w fè sa, w ap kite Kris fòme w pou w vin yon anseyan ki pi efikas. — 2 Kor. 9:6; 2 Tim. 2:15.

9, 10. Sa k fè nou ka di liv yo enpòtan anpil pou ede nou plante epi wouze semans verite a?

9 Anplis de sa, Jewova ede nou lè l fè òganizasyon l lan pibliye yon seri liv ki la pou ede pwoklamatè yo byen esplike verite tout moun dwe konnen ki nan Bib la. Youn nan liv an patikilye ki te efikas se liv Laverite k ap mennen nan lavi etènèl (anglè) la. Li te parèt nan ane 1968, e sa pa t pran tan pou liv sa a te gen efè sou moun yo. Men sa yo te fè konnen nan Ministè Wayòm novanm 1968 la: ‘Nan mwa septanm, te tèlman gen anpil demann pou liv Laverite a, faktori Sosyete a ki te nan Bwouklin te pran yon dispozisyon espesyal pou yo te travay nan nuit.’ Men sa atik la te ajoute: “Yon lè, pandan mwa out, yo te mande yon milyon edmi liv Laverite a anplis pase sa yo te abitye mande!” Rive nan ane 1982, yo te gentan pibliye plis pase 100 milyon liv sa a nan 116 lang. Nan 14 an, soti ane 1968 pou rive nan ane 1982, liv Laverite a te ede nou vin gen plis pase yon milyon pwoklamatè Wayòm nan anplis *.

10 Nan ane 2005, yo te pibliye yon lòt bèl liv pou ede nou etidye Labib ak moun yo. Tit liv sa a se: Ki sa Labib anseye toutbonvre? Yo gentan pibliye anviwon 200 milyon liv sa a nan 256 lang! Ki rezilta sa bay? Nan sèlman setan, soti ane 2005 pou rive nan ane 2012, gen anviwon 1,2 milyon moun ki vin pwoklamatè bon nouvèl la. Pandan menm peryòd sa a, kantite moun nou te etidye Labib avè yo te vin ogmante, soti 6 milyon moun pou rive plis pase 8,7 milyon moun. Pa gen dout nan sa, Jewova beni efò nou fè pou nou plante epi wouze semans verite Wayòm nan. — Li 1 Korentyen 3:6, 7.

11, 12. Ann amoni ak vèsè yo bay kòm referans yo, pou ki kalite moun yo ekri peryodik nou yo?

11 Peryodik. Okòmansman, yo te ekri Toudegad pou moun ki te fè pati “ti twoupo” a, sa vle di moun Bondye ‘te rele pou al nan syèl yo’. (Lik 12:32; Ebre 3:1.) Nan dat ki te 1ye oktòb 1919 la, òganizasyon Jewova a te pibliye yon lòt peryodik ki rele Epòk annò a (anglè) pou atire piblik la. Etidyan Labib yo ak piblik la te tèlman renmen peryodik sa a, pandan plizyè ane, moun yo te plis li l pase yo te li peryodik Toudegad la. Nan ane 1937 yo te vin rele peryodik sa a Konsolasyon (anglè). Annapre, nan ane 1946, yo te vin rele l Réveillez-vous!

12 Pandan plizyè dizèn ane, yo te fè chanjman nan fason Toudegad ak Réveillez-vous! parèt, men, objektif peryodik sa yo pa chanje. Yo ekri peryodik sa yo nan objektif pou pwoklame Wayòm Bondye a epi pou ede moun yo mete konfyans yo nan Bib la. Jodi a, gen Toudegad ki gen atik etid, e gen Toudegad pou piblik la. Yo ekri Toudegad ki gen atik etid yo pou ‘domestik yo’, ki gen ladan l ni moun ki fè pati “ti twoupo a” ni moun ki fè pati “lòt mouton” yo * (Mat. 24:45; Jan 10:16). Yo ekri Toudegad piblik la sitou pou moun ki poko konnen laverite, men ki gen gwo respè pou Bib la ak Bondye (Tra. 13:16). Yo ekri Réveillez-vous! pou moun ki pa gen anpil konesans sou Bib la e ki pa konnen Jewova, vrè Dye a. — Tra. 17:22, 23.

13. Ki sa w twouve ki vrèman estrawòdinè anrapò ak peryodik nou yo? (Fè yon ti pale sou kare ki gen tit: “ Piblikasyon yo plis pibliye nan monn nan.”)

13 Rive nan kòmansman ane 2014, chak mwa, yo te pibliye plis pase 44 milyon Réveillez-vous! e yo te pibliye anviwon 46 milyon Toudegad. Yo tradui Réveillez-vous! nan anviwon 100 lang e yo tradui Toudegad nan plis pase 200 lang, sa ki te fè peryodik sa yo se peryodik yo plis pibliye nan monn nan! Se vre, chif sa yo vrèman estrawòdinè, men sa pa dwe fè nou sezi. Peryodik sa yo gen ladan l mesaj Jezi te di moun t ap gen pou preche toupatou sou tè a. — Mat. 24:14.

14. Ki sa nou te toujou chofe pou n fè e ki sa nou te ankouraje moun yo fè, e poukisa?

14 Labib. Nan ane 1896, frè Russell ansanm ak moun ki te avè l yo te chanje non asosyasyon yo te konn itilize pou yo pibliye piblikasyon yo dekwa pou mo Bib la te vin fè pati non asosyasyon an. Konsa, asosyasyon an te vin rele Watch Tower Bible and Tract Society. Yo te gen rezon pou yo fè chanjman sa a paske se Labib ki te toujou zouti prensipal nou itilize pou nou gaye bon nouvèl konsènan Wayòm nan (Lik 24:27). Ann amoni ak non legal asosyasyon an, sèvitè Bondye yo te chofe pou yo distribye Labib e pou yo ankouraje moun yo li l. Pa egzanp, nan ane 1926, nou te enprime yon tradiksyon Labib ki kele The Emphatic Diaglott ki se tradiksyon Liv ki te ekri an grèk yo. Se Benjamin Wilson ki te fè tradiksyon sa a. Nan kòmansman ane 1942, nou te enprime epi distribye anviwon 700 000 tradiksyon Labib ki rele King James Version nan. Nan sèlman dezan apre sa, nou te kòmanse enprime yon lòt tradisyon Labib ki rele American Standard Version ki gen non Jewova 6 823 fwa ladan l. Rive nan ane 1950, nou te distribye plis pase 250 000 tradiksyon sa a.

15, 16. a) Ki sa w apresye nan Tradiksyon monn nouvo a? (Fè yon ti pale sou kare ki gen tit: “ Fason yo rive tradui Labib byen rapid.”) b) Ki jan nou ka kite Jewova touche kè nou?

15 Nan ane 1950, nou te pibliye Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo ann anglè. Nan ane 1961, nou te pibliye Tradiksyon monn nouvo a ann antye nan yon sèl volim. Tradiksyon sa a onore Jewova paske l remete non Jewova tout kote non sa a parèt nan tèks orijinal la ki te ekri ann ebre. Anplis de sa, non Bondye parèt 237 fwa nan liv orijinal ki te ekri an grèk yo. Pou yo te ka asire yo Tradiksyon monn nouvo a toujou klè e li fasil pou moun li, yo te revize l plizyè fwa, e dènye fwa yo te fè sa se nan ane 2013 la. Pou rive nan ane 2013, yo te pibliye plis pase 201 milyon Tradiksyon monn nouvo a nan 121 lang, swa ann antye, swa an pati.

16 Ki jan kèk moun reyaji lè yo li Tradiksyon monn nouvo a nan lang yo. Men sa yon mesye ki soti nan peyi Nepal fè konnen: ‘Pou anpil moun, ansyen tradiksyon nou te genyen nan lang nepali a te difisil pou moun konprann, paske li te ekri nan lang moun te pale lontan. Men, kounye a, nou ka konprann Bib la pi fasil, paske li ekri nan lang moun pale chak jou.’ Lè yon dam k ap viv nan Repiblik santrafrikèn te kòmanse li tradiksyon Labib nan lang sango a, dlo te koule nan je l. Men sa l di: ‘Yo ekri l nan lang ki touche kè m.’ Menm jan ak dam sa a, nou chak ka kite Jewova touche kè nou lè nou li Pawòl li a chak jou. — Sòm 1:2; Mat. 22:36, 37.

Nou rekonesan pou zouti ak fòmasyon nou jwenn

17. Kòman w ka demontre ou apresye zouti w jwenn yo ak fòmasyon w jwenn nan, e ki sa w ap jwenn lè w fè sa?

17 Èske w apresye zouti Jezi Kris, Wa a, ban nou yo ak fòmasyon l ap ban nou tikras pa tikras la? Èske w pran tan pou w li piblikasyon òganizasyon Bondye a fè yo, e èske w itilize yo pou ede lòt moun? Si se wi, w ap ka konprann jan sè Opal Betler, ki te batize 4 oktòb 1914, te santi l. Men sa l te di: “Pandan ane yo t ap pase, mwen menm ak mari m [Edward] te konn itilize fonograf ak kat temwayaj. Nou te preche kay an kay pou nou bay liv, bwochi ak peryodik. Nou te patisipe nan kanpay yo ak nan mach yo te konn fè pou distribye papye ki te gen kèk deklarasyon sou yo. Pi devan nou te jwenn fòmasyon pou nou fè vizit e pou nou kondui etid Labib lakay moun ki te enterese yo. Mwen te toujou gen anpil bagay pou m fè e mwen gen kè kontan nan lavi m.” Jezi te fè konnen moun li t ap dirije yo t ap okipe nan travay simen semans ak rekòt la, e yo t ap gen kè kontan. Menm jan ak sè Opal, plizyè milyon moun ka di ak tout kè yo sa Jezi te di a se verite. — Li Jan 4:35, 36.

18. Ki privilèj nou genyen?

18 Anpil nan moun ki poko vin sèvi Wa a ka wè pèp Bondye a kòm yon seri ‘moun ki pa fè gwo etid e ki òdinè’. (Tra. 4:13.) Men, fè yon ti reflechi. Wa a fè pèp òdinè l la vin yon pèp k ap pibliye piblikasyon nan yon nivo ki estrawòdinè, e gen kèk nan piblikasyon pèp sa a pibliye yo ki se piblikasyon ki plis tradui nan tout listwa e ki plis distribye sou tè a. Sa k pi enpòtan an, Wa a fòme nou e li ankouraje nou pou nou sèvi ak zouti sa yo pou n simaye bon nouvèl la bay moun tout nasyon. Ala yon bèl privilèj nou genyen pou nou travay ak Kris nan simen semans verite a ak nan rekòlte disip pou li!

^ § 2 Nan sèlman dis ane ki sot pase yo, pèp Bondye a te pibliye plis pase 20 milya piblikasyon ki baze sou Bib la. Anplis de sa, kounye a, sit wèb jw.org la disponib pou plis pase 2,7 milya moun toupatou sou tè a ki gen aksè ak Entènèt.

^ § 9 Men kèk piblikasyon ki te ede pwoklamatè yo etidye Labib ak moun yo: Hap Bondye a (anglè; yo te pibliye l an 1921), “Se pou yo rekonèt Bondye veridik” ​(anglè; yo te pibliye l an 1946), Ou ka viv pou toutan nan yon paradi sou tè a (anglè; yo te pibliye l an 1982), Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la (yo te pibliye l an 1995 ann anglè).

^ § 12 Gade Toudegad 15 jiyè 2013 la paj 23, paragraf 13. Ladan l, yo egzamine fason nou vin pi byen konprann kiyès ki ‘domestik yo’.