Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 11

Amelyorasyon ki montre jan Bondye sen

Amelyorasyon ki montre jan Bondye sen

IDE KLE CHAPIT LA

Fason Wa a te anseye moun l ap dirije yo pou yo respekte prensip moral Bondye yo.

Imajine ou menm k ap antre nan pòt ki bay sou lakou gran tanp espirityèl la.

1. Ki sa Ezekyèl te wè ki fè nou ret bouch ouvè?

KI JAN W t ap santi w si w ta viv menm bagay pwofèt Ezekyèl te viv sa gen plis pase 2 500 ane a? Imajine w ap avanse toupre yon kokennchenn tanp k ap briye. Gen yon zanj pisan ki la pou fè w vizite bèl kote sa a. Ou monte sèt mach eskalye k ap mennen w nan youn nan twa pòt yo. Ou ret bouch ouvè lè w ap pase kote sa a. Pòt yo mezire anviwon 30 mèt wotè. Lè w ap antre nan pòt la, ou wè chanm gad yo. Gen yon seri bèl desen pye palmye ki grave sou poto yo. — Eze. 40:1-4, 10, 14, 16, 22; 41:20.

2. a) Ki sa tanp ki nan vizyon Ezekyèl la reprezante? (Gade nòt anba paj la tou.) b) Ki sa n ka aprann sou kèk aspè ki nan antre tanp lan?

2 Vizyon sa a se vizyon tanp espirityèl la. Ezekyèl te bay detay sou vizyon sa a nan chapit 40 rive nan chapit 48 liv pwofetik li a. Tanp sa a reprezante dispozisyon Jewova pran pou vrè adorasyon an. Chak aspè nan tanp sa a vle di anpil bagay pou nou menm k ap adore Jewova nan dènye jou sa yo *. Ki sa pòt ki wo yo reprezante? Yo fè n sonje, moun ki vle antre nan dispozisyon Jewova pran pou vrè adorasyon an dwe respekte prensip wo nivo Bondye bay yo. Desen pye palmye ki grave yo bay yon ide menm jan an, piske pafwa, nan Bib la yo konn sèvi ak palmye pou pale de sa ki jis (Sòm 92:12). E chanm gad yo menm, ki sa yo reprezante? Sa klè, yo pap kite moun ki pa respekte prensip Bondye yo antre nan bèl adorasyon sa a, yon adorasyon ki pwòp e k ap bay lavi. — Eze. 44:9.

3. Sa k fè Kris te bezwen kontinye rafine disip li yo?

3 Ki fason vizyon Ezekyèl la ap reyalize? Jan nou te di sa nan chapit 2 a, soti ane 1914 pou rive nan kòmansman ane 1919, Jewova te sèvi ak Kris pou l te rafine pèp li a. Èske travay rafine a te fini lè sa a? Non. Pandan syèk ki sot pase a, Kris te kontinye ap soutni prensip wo nivo Jewova bay nan domèn konduit yo. Konsa, disip li yo te bezwen pou l kontinye rafine yo. Sa k fè sa? Se paske Kris ap rasanble disip li yo pou yo soti nan monn imoral sa a, e Satan li menm pa janm sispann eseye rale yo tounen nan monn imoral sa a. (Li 2 Pyè 2:20-22.) Ann egzamine twa domèn kote vrè kretyen yo te bezwen yo toujou rafine yo. Premyèman, nou pral pale konsènan kèk amelyorasyon nan domèn moral, apre sa, nou pral pale konsènan yon dispozisyon enpòtan yo pran pou kenbe kongregasyon an pwòp, e pou fini, nou pral pale konsènan dispozisyon yo pran pou fanmi.

Amelyorasyon nan domèn moral tank ane yo t ap pase

4, 5. Ki taktik Satan gen lontan depi l ap itilize, e ki rezilta l jwenn?

4 Pèp Jewova a te toujou fè efò pou yo rete pwòp nan domèn moral. Konsa, yo te dakò ak enstriksyon yo te jwenn sou sijè sa a, yon seri enstriksyon ki t ap vin pi klè detanzantan. Ann pran kèk egzanp.

5 Imoralite seksyèl. Jewova te vle relasyon seksyèl ant yon fi ak yon gason ki marye fèt yon fason ki pwòp e ki bèl. Satan pran plezi trennen bèl kado sa a nan labou lè l tòde l pou l fè l tounen yon bagay ki sal, epi l sèvi avè l pou l tante pèp Jewova a yon fason pou l fè yo pèdi favè Jewova. Nan epòk Balaam nan, Satan te rive sèvi ak taktik sa a pou l fè pèp Izrayèl la pèdi favè Bondye, e l kontinye sèvi ak taktik sa a plis toujou nan dènye jou yo. — Nonb 25:1-3, 9; Rev. 2:14.

6. a) Ki ve yo te pibliye nan Toudegad, e ki fason yo te sèvi avè l? b) Poukisa yo te vin sispann sèvi ak ve sa a? (Gade nòt anba paj la tou.)

6 Pou ede frè ak sè yo fè fas ak efò Satan t ap fè yo, Toudegad 15 jen 1908 la te pibliye yon ve ki gen rezolisyon sa a ladan l: “Kèlkeswa moman an, kèlkeswa kote m ye a, m ap toujou aji ak moun ki pa menm sèks avè m egzakteman menm jan m t ap aji lè gen moun k ap gade *.” Byenke ve sa a pa t yon lòd, gen anpil moun ki te dakò avè l e ki te bay non yo pou yo pibliye nan Toudegad Siyon an (anglè). Plizyè ane annapre, yo te vin rann yo kont, byenke ve sa a te ede anpil moun nan moman sa a, li te vin tounen yon senp woutin. Se sa k fè yo te sispann fè sa. Sepandan, yo te toujou soutni prensip moral wo nivo ki te nan ve sa a.

7. Nan ane 1935, Toudegad te pale konsènan ki pwoblèm, e ki prensip li te ankouraje nou pou nou suiv?

7 Satan pa t sispann ogmante atak li yo. Yon fason klè, Toudegad 1ye mas 1935 lan te pale konsènan yon gwo pwoblèm ki genyen nan mitan pèp Bondye a. Gen kèk moun ki te panse depi y ap patisipe nan travay predikasyon an, yo pa oblije suiv prensip moral Jewova yo nan lavi yo. Men sa Toudegad la te fè konnen: “Nou dwe sonje nou pa sèlman gen pou n patisipe nan travay predikasyon an. Antanke Temwen Jewova, nou se reprezantan Jewova, e sa ban nou obligasyon pou nou byen reprezante Jewova ansanm ak wayòm li an.” Apre sa, atik la te bay konsèy byen klè sou maryaj ak relasyon seksyèl, sa ki te ede pèp Bondye a “kouri pou fònikasyon”. — 1 Kor. 6:18.

8. Poukisa Toudegad pa sispann pale konsènan tout siyifikasyon mo grèk ki gen rapò ak imoralite seksyèl la?

8 Nan dènye dizèn ane ki sot pase yo, Toudegad pa t sispann pale konsènan vrè definisyon mo grèk pòneya a, yon mo yo itilize nan Bib la pou pale de imoralite seksyèl. Mo pòneya a pa sèlman gen ladan l fè relasyon seksyèl. Men tou, li gen ladan l yon seri aksyon imoral, yon seri aksyon jeneralman ki gen ladan yo pratik devègonde yo konn fè nan kay kote moun yo konn fè pwostitisyon. Konsa, disip Kris yo kontinye jwenn pwoteksyon kont flewo sa a ki pa sispann gaye nan monn nan jodi a. — Li Efezyen 4:17-19.

9, 10. a) Nan ane 1935, konsènan ki prensip moral yo te pale nan Toudegad? b) Ki sa Bib la anseye konsènan itilizasyon alkòl?

9 Bwè pou sou. Toudegad 1ye mas 1935 lan te pale konsènan yon lòt pwoblèm nan domèn moral. Men sa l te fè konnen: “Nou remake tou, gen kèk moun k ap patisipe nan travay predikasyon an e k ap ranpli lòt responsablite nan òganizasyon an apre yo fin bwè [bwason ki gen alkòl]. Ki lè Ekriti yo dakò pou yon moun bwè diven? Èske l bon pou yon moun bwè diven jiskaske sa gen efè sou sèvis l ap bay òganizasyon Seyè a?”

10 Repons Toudegad la te bay la te montre ekilib Pawòl Bondye a montre nou dwe genyen nan fason n ap sèvi ak bwason ki gen alkòl. Bib la pa kondane itilizasyon nou fè ak diven ansanm ak lòt bwason ki gen alkòl yon fason ki rezonab, men, li kondane bwè pou sou (Sòm 104:14, 15; 1 Kor. 6:9, 10). Anrapò ak patisipe nan sèvis sakre a anba enfliyans alkòl, yo te toujou ede sèvitè Bondye yo sonje sa k te rive pitit Arawon yo. Bondye te touye yo paske yo t ap prezante yon dife sou lotèl Bondye a san Bondye pa t mande yo fè sa. Yon ti tan annapre, istwa a te montre rezon ki te ka lakòz mesye sa yo fè yon move aksyon konsa: Bondye te vin bay yon lwa ki te entèdi prèt yo sèvi ak alkòl lè y ap ranpli responsablite li te ba yo a (Lev. 10:1, 2, 8-11). Jodi a, lefètke disip Kris yo suiv menm prensip sa a, yo fè tout sa yo kapab pou yo pa anba enfliyans alkòl lè y ap patisipe nan sèvis y ap bay Bondye a.

11. Ki sa k fè se yon benediksyon sa ye pou pèp Bondye a lefètke yo kontinye jwenn plis esplikasyon konsènan bwè pou sou?

11 Nan dènye dizèn ane ki sot pase yo, disip Kris yo te kontinye jwenn byenfè lefètke yo te vin pi byen konprann ki sa bwè pou sou ye, sètadi, lè yon moun pèsiste nan fè move itilizasyon alkòl. Gen anpil moun ki te kontan pou manje espirityèl sa a, yo te jwenn nan bon moman an, ki te ede yo jere pwoblèm sa a e ki te ede yo repran kontwòl vi yo. Gen plis moun toujou ki te jwenn èd dekwa pou yo pa tonbe nan pwoblèm sa a ditou. Pa gen pèsonn ki oblije kite move itilizasyon alkòl fè yo pèdi diyite yo, fanmi yo, e sa k pi mal la, fè yo pèdi privilèj yo genyen pou yo patisipe nan adorasyon Jewova a, yon adorasyon ki pwòp.

“Nou pa ka imajine Seyè nou an ki gen sant tabak oswa k ap met yon bagay sal konsa nan bouch li.” — Charles T. Russell.

12. Ki pwennvi sèvitè Kris yo te genyen konsènan itilizasyon tabak anvan menm dènye jou yo te kòmanse?

12 Itilizasyon tabak. Sèvitè Kris yo te kòmanse dekouraje moun sèvi ak tabak anvan menm dènye jou yo te kòmanse. Sa gen plizyè ane, gen yon frè aje ki rele Charles Capen ki te sonje premye fwa l te rankontre frè Charles Taze Russell nan fen 19yèm syèk la. Lè sa a, Capen, ki te gen 13 an, ansanm ak twa nan frè l yo te kanpe sou balkon Mezon Labib la ki te nan Allegheny, Pennsilvani. Pandan frè Russell t ap pase, li te mande yo: “Èske se fimen n ap fimen la a timesye? Mwen pran sant tabak la a.” Yo te fè l konnen yo pa t ap fimen. Se sèten, yo pa t gen okenn dout konsènan pwennvi frè Russell sou kesyon sa a. Men ki kòmantè frè Russell te fè sou 2 Korentyen 7:1 nan Toudegad 1ye out 1895 lan: “Mwen pa wè kòman sèvi ak tabak ta ka bay Bondye glwa oswa kòman yon kretyen ta ka fè jwenn byenfè nan sèvi ak tabak sou kèlkeswa fòm nan. [...] Nou pa ka imajine Seyè nou an ki gen sant tabak oswa k ap met yon bagay sal konsa nan bouch li.”

13. Ki jan pèp Bondye a te vin rafine nan domèn moral nan ane 1973?

13 Nan ane 1935, Toudegad te fè konnen tabak se “yon vye plant ki sal”, e l te fè konnen nenpòt moun ki chwazi moulen oswa fimen tabak pa t ap ka ret fè pati fanmi Betèl la, li pa t ap ka reprezante òganizasyon Bondye a kòm pyonye oswa siveyan itineran. Nan ane 1973, pèp Bondye a te vin pi byen rafine nan domèn moral. Toudegad 1ye jen 1973 la te fè konnen pa gen okenn Temwen Jewova ki t ap kontinye gen bon repitasyon nan kongregasyon an si l ta kontinye nan pratik sal sa yo, yon pratik ki pa demontre lanmou e ki ka touye moun. Yo t ap eskominye moun ki te refize sispann mal sèvi ak tabak yo *. Kris te franchi yon lòt etap enpòtan nan rafine disip li yo.

14. Ki prensip Bondye bay konsènan san, e ki sa k fè moun yo te vin kòmanse aksepte pran san toupatou nan monn nan?

14 Move itilizasyon san. Nan epòk Noye a, Bondye te fè konnen li pa bon pou yon moun manje san. Li te vin pale sou sa ankò nan Lwa li te bay nasyon Izrayèl la, e nan menm sans lan, li te mande kongregasyon kretyen an pou yo “evite [...] san”. (Tra. 15:20, 29; Jen. 9:4; Lev. 7:26.) Donk, sa pa fè n sezi dèske Satan te chèche yon fason pou l fè anpil moun nan epòk nou an dezobeyi prensip sa a Bondye bay la. Pandan 19yèm syèk la, gen anpil doktè ki te fè eksperyans nan zafè bay moun san an, men, pratik sa a te vin gaye plis toujou apre yo te fin dekouvri gwoup sangen. Nan ane 1937, yo te kòmanse mande moun pou yo vin bay san epi yo te stoke san sa yo. Dezyèm Gè mondyal la te vin bay pratik sa a plis jarèt toujou. Sa pa t pran tan pou moun yo te kòmanse aksepte pran san toupatou nan monn.

15, 16. a) Ki pozisyon Temwen Jewova yo pran konsènan zafè pran san an? b) Ki èd disip Kris yo kontinye jwenn konsènan zafè pran san an ansanm ak posiblite ki genyen pou doktè yo pa bay san, e ki rezilta yo jwenn?

15 Nan ane 1944, Toudegad te fè konnen lè yon moun pran san se kòmsi l te manje l. Nan ane ki te vin apre a, yon fason klè, yo te vin pi byen montre sa Ekriti yo di sou kesyon sa a. Apati ane 1951, yo te pibliye yon lis kesyon ak repons pou ede pèp Bondye a fè fas ak kesyon doktè yo konn poze yo. Toupatou sou tè a, disip fidèl Kris yo te pran bonjan detèminasyon kont pratik sa a malgre, byen souvan, yo te oblije fè fas ak mokri, presyon oswa menm gwo pèsekisyon. Sepandan, Kris te kontinye pouse òganizasyon l lan bay èd ki nesesè yo. Yo te pibliye yon seri atik ak yon seri bwochi ki gen bonjan rechèch e ki bay detay sou kesyon an.

16 Nan ane 1979, gen kèk ansyen ki te kòmanse vizite lopital yo yon fason pou ede doktè yo pi byen konprann pozisyon nou pran an, rezon biblik ki fè nou pran pozisyon sa a ansanm ak lòt posiblite ki genyen pou yo pa bay san. Nan ane 1980, gen ansyen nan 39 vil Ozetazini ki te resevwa yon fòmasyon espesyal pou fè travay sa a. Pi devan, Kolèj santral la te dakò pou gen yon komite lyezon ospitalye toupatou nan monn nan. Èske efò sa yo te pèmèt gen amelyorasyon pandan ane ki pase yo? Jodi a, gen plizyè dizèn milye pwofesyonèl nan domèn lasante, sa ki gen ladan l doktè, chirijyen ak anestezis, ki dakò travay ak Temwen ki malad yo, e ki montre yo respekte chwa nou fè pou nou pa pran san an. Gen plis lopital toujou ki dakò pou yo pa bay san, e gen kèk nan yo ki menm konsidere sa kòm pi bon kalite swen medikal. Èske sa pa fè n kontan pou n wè fason Jezi kontinye ap pwoteje disip li yo kont efò Satan ap fè pou l kontamine yo? — Li Efezyen 5:25-27.

Gen plis lopital toujou ki dakò pou yo pa bay san, e gen kèk nan yo ki menm konsidere sa kòm pi bon kalite swen medikal.

17. Ki jan n ka montre nou apresye fason Kris kontinye ap rafine disip li yo?

17 L ap bon pou n mande tèt nou: ‘Èske m apresye fason Kris kontinye ap rafine disip li yo ak fason l kontinye fòme nou pou n ret atache ak prensip wo nivo Jewova bay nan domèn moral yo?’ Si se wi, nou pa dwe janm bliye Satan toujou ap chèche yon mwayen pou l fè n vire do bay Jewova ak Jezi lè l eseye minen respè nou genyen pou prensip moral Bondye yo. Pou n reziste anba enfliyans sa a, òganizasyon Jewova a pa janm sispann ban nou avètisman ki plen lanmou ansanm ak bonjan rapèl kont imoralite ki gen nan monn sa a. Ann kontinye rete sou pinga nou, ann kontinye byen reyaji e ann kontinye obeyi konsèy sa yo yo bay pou byen nou. — Pwo. 19:20.

Pwoteje kongregasyon an kont move konduit

18. Ki rapèl byen klè nou jwenn nan vizyon Ezekyèl la konsènan moun ki chwazi rebele kont prensip Bondye yo?

18 Dispozisyon yo pran pou kenbe kongregasyon an pwòp la, se yon lòt domèn ankò kote yo te rafine pèp Bondye a nan domèn moral. Malerezman, se pa tout moun ki aksepte prensip Jewova yo e ki vwe lavi yo ba li ki ret atache fidèlman ak desizyon yo te pran an. Gen kèk nan yo kè yo vin chanje e yo menm chwazi rebele kont prensip sa yo. Ki sa yo ta dwe fè ak moun sa yo? Nou kapab jwenn yon ide nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp espirityèl la, tanp nou te pale nan kòmansman chapit sa a. Èske n sonje pòt ki wo yo? Nan mitan chak pòt antre, gen yon seri chanm gad. Gad yo la pou pwoteje tanp lan, e nòmalman, y ap anpeche tout moun ki “pa sikonsi nan kè yo” antre nan tanp lan (Eze. 44:9). Yon fason klè, sa fè n sonje se sèlman moun ki dispoze respekte prensip ki pwòp Jewova bay nan zafè konduit yo k ap jwenn privilèj pou yo vin nan vrè adorasyon an. Nan menm sans lan, jodi a, se pa nenpòt moun ki jwenn privilèj pou yo adore Bondye ansanm ak kwayan parèy nou yo.

19, 20. a) Ki fason Kris te ede disip li yo, tikras pa tikras, pou yo vin rafine nan fason pou yo regle pwoblèm grav yo? b) Bay twa rezon ki fè yo eskominye yon moun ki peche e ki pa repanti.

19 Nan ane 1892, Toudegad te fè konnen “se responsablite pa nou pou n eskominye (antanke kretyen) tout moun ki pa dakò Kris te bay tèt li kòm yon ranson [yon pri egalego] pou tout moun, kit moun sa yo montre sa yon fason dirèk kit yo montre sa yon fason endirèk”. (Li 2 Jan 10.) Nan ane 1904, liv Nouvo kreyasyon an (anglè) te fè konnen moun ki kontinye gen move konduit yo te reprezante yon gwo danje pou kongregasyon an nan domèn moral. Nan epòk sa a, tout moun nan kongregasyon an te ka patisipe nan yon swadizan tribinal legliz pou egzamine ka ki konsène peche grav yo. Sepandan, okazyon sa yo pa t prezante souvan. Nan ane 1944, Toudegad te fè konnen se sèlman frè ki gen responsablite nan kongregasyon yo ki ta dwe regle pwoblèm sa yo. Nan ane 1952, yo te pibliye nan Toudegad fason pou regle pwoblèm ki gen rapò ak disiplin relijye yo sou baz sa Bib la di. Nan Toudegad sa a, yo te montre rezon prensipal ki fè yo dwe eskominye moun ki pa repanti yo se pou kenbe kongregasyon an pwòp.

20 Depi lè sa a, pandan plizyè dizèn ane ki te vin apre yo, Kris te kontinye ede disip li yo pou yo pi byen konprann fason pou yo regle pwoblèm ki gen rapò ak peche grav yo, e l te kontinye rafine yo nan domèn sa a. Ansyen yo jwenn bonjan fòmasyon pou yo regle kesyon ki gen rapò ak disiplin relijye yo jan Jewova vle a, toutpandan yo kenbe yon pwennvi ekilibre ant jistis ak mizèrikòd. Jodi a, yon fason klè, nou wè omwen twa rezon ki fè yo eskominye yon moun nan kongregasyon an ki te fè yon peche e ki pa repanti: 1) pou anpeche moun nan lage vèni sou non Jewova, 2) pou anpeche peche grav moun nan fè a gen efè sou kongregasyon an, epi 3) pou pouse moun ki fè peche a repanti si sa posib.

21. Nan ki sans dispozisyon yo pran pou eskominye moun nan se yon prèv ki montre Bondye beni pèp li a?

21 Èske w wè fason dispozisyon yo pran pou eskominye moun nan bay prèv ki montre disip Kris yo jwenn benediksyon Jewova jodi a? Nan Izrayèl tan lontan an, byen souvan, moun ki te fè peche yo te konn gen move enfliyans sou nasyon an. Pafwa, kantite moun sa yo te pi plis pase kantite moun ki te renmen Jewova e ki t ap chèche fè sa ki jis yo. Konsa, byen souvan, nasyon an te konn lage vèni sou non Jewova, epi, yo te konn pèdi favè l (Jer. 7:23-28). Men, jodi a, se yon seri gason ak fi espirityèl k ap sèvi Jewova. Lefètke n retire moun ki fè peche e ki pa vle repanti yo nan mitan nou, sa anpeche Satan sèvi avè yo kòm zam pou l fè ravaj nan kongregasyon an epi pou l sal li. Konsa, se yon tikras enfliyans moun sa yo genyen. Antanke gwoup, nou sèten n ap toujou gen apwobasyon Jewova. Nou pa dwe bliye pwomès sa a Jewova te fè a: “Nanpwen zam y ap fòje kont ou k ap reyisi.” ​(Iza. 54:17). Èske n ap kontinye soutni ansyen yo fidèlman, yo menm ki gen gwo responsablite pou regle zafè ki gen rapò ak disiplin relijye yo?

Bay Moun ki pèmèt tout fanmi egziste a glwa

22, 23. Ki sa k fè n rekonesan anvè kretyen parèy nou yo ki t ap viv nan kòmansman 20yèm syèk la, sepandan, ki sa k montre yo te bezwen pi ekilibre anrapò ak lavi fanmi?

22 Yon twazyèm domèn kote disip Kris yo jwenn byenfè lefètke yo kontinye rafine yo se maryaj ak lavi fanmi. Èske yo te rafine fason nou konsidere lavi fanmi pandan ane ki pase yo? Wi. Pa egzanp, lè n ap li kèk istwa konsènan sèvitè Bondye ki t ap viv nan kòmansman 20yèm syèk la, nou pa ka pa enpresyone oswa menm sezi pou n wè jan yo te gen lespri sakrifis. Nou rekonesan anpil pou fason yo te met sèvis sakre yo t ap bay Jewova a anvan tout bagay nan lavi yo. Sepandan, anmenmtan, li pa difisil pou n wè yo te bezwen montre yo pi ekilibre. Sa k fè sa?

23 Nan epòk sa a, frè yo te konn aksepte yon seri asiyasyon nan travay predikasyon an oswa nan sèvis itineran an, e asiyasyon sa yo te konn fè yo al viv byen lwen fanmi yo pandan plizyè mwa. Anplis de sa, yo t ale pi lwen pase sa Ekriti yo di sou maryaj yon fason pou dekouraje moun marye, e yo pa t konn di anpil bagay sou fason pou yon kretyen fè maryaj li vin pi solid. Èske se konsa bagay yo ye pami disip Kris yo jodi a? Non.

Yon moun pa dwe ap chèche gen privilèj nan kongregasyon an si sa ap fè l neglije obligasyon l gen nan fanmi l.

24. Ki fason Kris te ede pèp fidèl li a vin gen yon pwennvi ki pi ekilibre konsènan maryaj ak lavi fanmi?

24 Jodi a, yon moun pa dwe ap chèche gen privilèj nan kongregasyon an si sa ap fè l neglije obligasyon l gen nan fanmi l. (Li 1 Timote 5:8.) Anplis de sa, Kris te asire l disip fidèl li yo ki sou tè a t ap jwenn yon pakèt konsèy ki baze sou Ekriti yo regilyèman, yon seri konsèy ki byen ekilibre, pou ede yo nan zafè maryaj ak lavi fanmi (Efe. 3:14, 15). Nan ane 1978, yo te pibliye liv Fason pou w gen kè kontan nan fanmi w (anglè). Anviwon 18 an annapre, yo te pibliye liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi an. Mete sou sa, gen yon pakèt atik, ki konn parèt nan Toudegad, ki fèt espesyalman pou ede moun marye yo suiv prensip ki nan Bib la nan maryaj yo.

25-27. Tank ane yo t ap pase, ki fason yo te vin bay timoun tout laj plis atansyon?

25 Ki sa n ka di konsènan jèn yo? Tank ane yo t ap pase, yo te vin konsantre sou jèn yo plis toujou. Òganizasyon Jewova a gen lontan depi l ap ekri yon seri bèl sijè pou ede timoun tout laj. Kontrèman ak jan sa te ye anvan sa, kounye a sijè sa yo parèt pi souvan. Pa egzanp, soti ane 1919 pou rive ane 1921, gen yon ribrik ki rele “Etid Labib pou jèn yo ” ki te parèt nan Epòk annò a (anglè). Apre sa, gen yon bwochi, Epòk annò a pou timoun (anglè), ki te parèt nan ane 1920. Epi yo te pibliye liv Timoun nan (anglè) nan ane 1941. Pandan ane 1970 yo, yo te pibliye liv Annou koute gran Anseyan an (anglè), liv Fason w ka byen pwofite jenès ou a (anglè) ansanm ak Liv istwa biblik mwen an ann anglè. Nan ane 1982, gen yon ribrik ki rele “Les jeunes s’interrogent” ki te kòmanse parèt nan Réveillez-vous! Pi devan, nan ane 1989, yo te pibliye yon liv ki rele Les jeunes s’interrogent. Réponses pratiques.

Nan kongrè sa a ki te fèt nan peyi Almay, yo te kontan resevwa bwochi M ap aprann nan Bib la.

26 Jodi a, nou gen de nouvo volim nan liv Les jeunes s’interrogent la toutpandan ribrik la kontinye parèt sou sit wèb jw.org la. Mete sou sa, nou gen liv Koute gran Anseyan an tou. Sit wèb nou an gen anpil ribrik yo fè pou jèn yo, tankou Moun Bib la pale de yo. Pou adolesan yo ak timoun yo, yo fè ribrik Ann fouye nan Bib la, yo fè jwèt, videyo, ak ribrik Istwa biblik yo desine, e gen leson biblik yo fè pou timoun piti ki gen twazan oubyen mwens. Sa klè, Kris toujou konsidere jèn yo menm jan l te konsidere yo lè l te pran timoun yo nan bra l la nan premye syèk la (Mak 10:13-16). Li vle pou jèn ki nan mitan nou yo santi yo gen moun ki renmen yo, epi l vle pou yo byen manje nan domèn espirityèl.

27 Jezi vle pou timoun yo jwenn pwoteksyon kont danje ki genyen yo tou. Nan monn sa a k ap vin pi sal chak jou nan domèn moral, abi seksyèl sou timoun vin tounen yon flewo ki gaye pasipala. Se sa k fè, yo pibliye yon seri sijè ki klè e ki dirèk pou ede paran yo pwoteje timoun yo kont vye pratik sa a *.

28. a) Jan sa parèt nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan, ki sa n dwe fè si n vle patisipe nan vrè adorasyon an? b) Ki detèminasyon w pran?

28 Èske sa pa vrèman bèl pou n wè jan Kris kontinye ap rafine disip li yo, jan l kontinye ap fòme yo pou yo demontre respè pou prensip wo nivo Jewova yo, pou yo viv ak prensip sa yo epi pou yo jwenn byenfè lè yo aplike yo? Ann fè yon ti reflechi ak tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an ankò. Èske n sonje gwo pòt antre yo? Sa klè, tanp sa a pa yon kote nou ka wè ak je nou, men, li se yon kote espirityèl. Sepandan, èske n konsidere l kòm yon bagay reyèl? Se pa sèlman lè n vin nan yon Sal Wayòm, lè n ouvri Bib la oswa lè n frape pòt kay yon moun nan travay predikasyon an nou antre ladan l. Bagay sa yo se bagay fizik ki gen rapò ak bagay moun ka manyen. Yon moun ki ipokrit kapab kontinye fè bagay sa yo san l pa janm antre nan tanp Jewova a. Sepandan, si nou fè bagay sa yo toutpandan n ap viv ann amoni ak prensip moral Jewova yo epi n ap patisipe nan vrè adorasyon an ak yon kè ki pwòp, n ap ka antre pou n sèvi Jewova kote ki pi sakre ki genyen an, anpalan de dispozisyon Jewova Dye pran pou vrè adorasyon an! Ann kontinye montre nou apresye privilèj sa a ki gen anpil valè. Ann kontinye fè tout sa n kapab tou pou n imite Jewova, Bondye ki sen an, lè n respekte prensip li yo ki jis!

^ § 2 Nan ane 1932, nan volim 2 liv Jistifikasyon (anglè), yo te montre pwofesi biblik ki gen rapò ak tounen pèp Bondye a t ap retounen nan peyi yo a te jwenn yon akonplisman nan epòk nou an. Akonplisman sa a pa t fèt sou Izrayèl selon lachè a, men, li te fèt sou Izrayèl espirityèl la. Pwofesi sa yo te pale konsènan tounen vrè adorasyon an t ap tounen jan l te ye anvan an. Toudegad 1ye mas 1999 la te montre, vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan se yon pwofesi ki montre bagay yo t ap retounen jan yo te ye a. Pwofesi sa a gen yon akonplisman ki enpòtan anpil pandan dènye jou yo nan domèn espirityèl.

^ § 6 Ve sa a te entèdi yon gason ak yon fi ret poukont yo nan yon chanm sof si pòt la ret ouvè byen laj, oswa yo se moun ki marye oswa yo se manm fanmi pwòch. Pandan plizyè ane, yo te konn resite ve sa a chak jou nan pwogram kilt matinal Betèl la.

^ § 13 Mal sèvi ak tabak gen ladan l fimen l, moulen l oswa plante l pou itilizasyon sa yo.

^ § 27 Pa egzanp, gade chapit 32 liv Koute gran Anseyan an ansanm ak seri atik “Protégez vos enfants!” ki nan Réveillez-vous! oktòb 2007 la.