Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 18

Fason nou jwenn kòb pou travay Wayòm nan

Fason nou jwenn kòb pou travay Wayòm nan

IDE KLE CHAPIT LA

Rezon ki fè pèp Jewova a bay kòb pou soutni travay Wayòm nan ak fason yo fè sa.

1, 2. a) Ki fason frè Russell te reponn yon pastè ki te vle konnen ki jan Etidyan Labib yo jwenn kòb pou yo fè aktivite yo a? b) Ki sa n pral egzamine nan chapit sa a?

YON lè, gen pastè yon legliz (Reformed Church) ki te vin kot frè Charles T. Russell paske l te vle konnen ki jan Etidyan Labib yo jwenn kòb pou yo fè aktivite yo a.

Frè Russell te di l: “Nou pa janm fè lakòlèt.”

Pastè a te mande l: “Ebyen, ki kote nou jwenn kòb?”

Frè Russell te di l: “Si m di w verite a jan l ye a, li ka difisil pou w kwè m. Lè moun yo vin asiste reyinyon nou yo, yo pa wè n ap pase kòbèy devan yo. Men, moun yo ka wè gen depans ki fèt. Yo di tèt yo: ‘Men, gen yon kòb ki depanse pou sal sa a [...]. Kòman m ka bay yon ti kòb pou sa?’”

Pastè a te gade frè Russell, li souke tèt li paske l pa t kwè.

Frè Russell te di l: “Sa m di w la se laverite. Moun yo konn poze m kesyon sa a: ‘Kòman m ka bay yon ti kòb pou travay n ap fè a?’ Lè Bondye beni yon moun epi moun sa a gen yon ti kòb nan men l, li vle sèvi avè l pou soutni travay Seyè a. Men, si l pa genyen, pou ki rezon pou n ta lage nan kò l pou l bay kòb?” *

2 Se sèten, sa frè Russell te di a “se laverite”. Depi lontan, pèp Bondye a te toujou konn bay kontribisyon pou soutni vrè adorasyon an, e yo fè sa ak tout kè yo. Nan chapit sa a, nou pral egzamine kèk egzanp nan Bib la ansanm ak kèk egzanp nan epòk pa nou an ki montre sa. Toutpandan n ap reflechi sou fason nou jwenn kòb pou n soutni travay Wayòm nan, li t ap bon pou nou chak poze tèt nou kesyon sa a: ‘Kòman m ka montre m ap soutni Wayòm nan?’

“Se pou tout moun pote yon kontribisyon [...] depi kè l pouse l fè sa”

3, 4. a) Ki sa Jewova gen konfyans moun k ap adore l toutbon yo ap fè? b) Ki fason Izrayelit yo te montre yo vle soutni konstriksyon tabènak la?

3 Jewova fè moun k ap adore l toutbon yo konfyans. Li konnen lè yo jwenn okazyon pou yo bay ofrann, y ap kontan fè sa pou yo montre yo renmen l. Ann konsidere de egzanp nan istwa Izrayèl tan lontan an ki montre sa.

4 Apre Jewova te fin fè Izrayelit yo kite peyi Ejip, li te mande yo pou yo konstwi yon tant, oswa tabènak, ki kapab deplase, pou yo te ka adore l. Sa te mande anpil depans pou yo te konstwi tant sa a ansanm ak tout sa k te ladan l yo. Jewova te mande Moyiz pou l bay pèp la posiblite pou yo soutni pwojè sa a. Men sa l te di Moyiz: “Se pou tout moun pote yon kontribisyon pou Jewova depi kè l pouse l fè sa.” ​(Egz. 35:5). Ki fason pèp la, ki pa t gen lontan depi yo t ap “fè tout kalite kòve nan kondisyon ki te difisil anpil” antanke esklav, te reyaji (Egz. 1:14)? Yo te montre jan yo te dispoze soutni pwojè sa a lè yo te pote lò, ajan ansanm ak lòt byen materyèl ki gen valè. Sandout, yo te jwenn pifò byen sa yo nan men Ejipsyen yo ki te ansyen mèt yo (Egz. 12:35, 36). Izrayelit yo te bay plis pase sa yo te bezwen pou fè travay la, e Moyiz te oblije mande yo pou yo “sispann pote bagay vini”. — Egz. 36:4-7.

5. Ki fason Izrayelit yo te reyaji lè David te ba yo posiblite pou yo fè ofrann pou konstriksyon tanp lan?

5 Anviwon 475 an annapre, David te bay ‘lò pa l ak ajan pa l’ pou soutni konstriksyon tanp lan, ki se premye kote fiks yo te fè pou moun adore vrè Dye a sou tè a. Apre sa, li te bay Izrayelit parèy li yo posiblite pou yo bay tou. Men sa l te mande yo: “Kiyès nan nou ki vle fè Jewova kado kèk bagay?” Kòm repons, pèp la te ‘fè ofrann pou Jewova ak tout kè yo’. (1 Kwo. 29:3-9.) Pou David te montre l konn ki moun ki pèmèt yo jwenn tout ofrann sa yo, men sa l te di Jewova nan yon priyè: “Tout bagay soti nan ou. Sa nou ba ou yo se nan ou yo soti.” — 1 Kwo. 29:14.

6. Ki sa k fè l enpòtan pou n jwenn lajan pou n soutni travay Wayòm nan, e ki kesyon ki ka vin nan lespri nou?

6 Ni Moyiz, ni David pa t janm fòse pèp Bondye a bay kontribisyon. Olye de sa, pèp la te dispoze fè ofrann ak tout kè yo. Ki sa n ka di pou epòk nou an? Nou tout konnen sa mande kòb pou n soutni travay Wayòm nan. Sa mande anpil lajan pou n pibliye epi distribye Bib ansanm ak piblikasyon ki baze sou Bib la. Sa mande anpil lajan tou pou n konstwi epi kenbe kote nou reyini yo, biwo filyal yo an bon eta. Mete sou sa, sa mande anpil lajan pou n ede kretyen parèy nou yo lè malè frape yo sanzatann. Donk, gen kèk kesyon enpòtan ki ka vin nan lespri nou: Ki kote nou jwenn kòb pou n fè travay nou an? Èske se fòse yo oblije fòse moun k ap suiv Wa a bay kòb?

‘Li pap janm mande lèzòm èd pou soutni l’

7, 8. Poukisa pèp Jewova a pa janm sipliye moun pou yo jwenn lajan?

7 Frè Russell ansanm ak moun ki te avè l yo pa t vle imite sa moun nan Legliz lakretyente yo te konn fè pou fè moun yo bay lajan. Men sa frè Russell te di nan yon atik ki gen tit “Èske w vle Toudegad Siyon an?” yon atik ki te parèt nan dezyèm Toudegad la: “‘Nou kwè se JEWOVA k ap soutni Toudegad Siyon an, e toutotan se konsa sa ye, peryodik sa a pap janm mande lèzòm èd pou soutni l. Lè Sila a ki di ‘tout lò ak tout ajan ki soti nan mòn yo se pou mwen’ an sispann pèmèt nou jwenn fon ki nesesè, n ap konprann moman an rive pou n sispann pibliye peryodik sa a.” ​(Aga. 2:7-9). Sa gen plis pase 130 an kounye a, ni Toudegad la ni òganizasyon ki pibliye peryodik sa a toujou ap fonksyone!

8 Pèp Jewova a pa sipliye moun pou jwenn lajan. Anplis de sa, yo pa pase kòbèy ni yo pa voye lèt bay moun pou mande yo lajan. Mete sou sa, yo pa mande ladim, yo pa bay anvlòp, yo pa fè konkou bànyè oswa raf pou yo jwenn lajan. Yo kanpe dèyè sa Toudegad gen lontan depi l ap di a: “Nou pa janm panse l kòrèk pou n mande lajan pou n fè travay Seyè a jan legliz yo konn fè sa a [...]. Selon nou menm, tout metòd yo konn itilize pou fòse moun bay kòb nan non Seyè a se yon bagay ki chokan, e Seyè a pa dakò ak sa. Mete sou sa, li pa beni ni moun ki bay kòb la ni travay y ap fè nan non l lan.” *

“Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la”

9, 10. Bay yon rezon ki fè nou fè ofrann volontè.

9 Antanke sitwayen Wayòm nan, jodi a, yo pa bezwen fòse nou pou nou bay. Olye de sa, nou kontan sèvi ak lajan nou genyen ansanm ak lòt bagay nou genyen yo pou n soutni aktivite Wayòm nan. Ki sa k fè n dispoze bay konsa? Ann konsidere twa rezon ki fè sa.

10 Premyèman, nou fè ofrann volontè paske nou renmen Jewova e paske nou vle fè “sa ki fè l plezi”. (1 Jan 3:22.) Pa gen dout nan sa, Jewova kontan lè yon moun k ap adore l ba l yon bagay ak tout kè l. Ann egzamine pawòl apot Pòl te di konsènan fason kretyen yo dwe bay la. (Li 2 Korentyen 9:7.) Yon vrè kretyen pa yon moun ki renka renka pou l bay oswa yon moun yo oblije fòse l bay. Olye de sa, li bay “jan l te deside nan kè l la” *. Sa vle di, li bay apre l fin reflechi sou yon bezwen ki genyen ak fason l ka bay èd li pou konble bezwen sa a. Yon moun konsa gen anpil valè pou Jewova paske “Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan”. Gen yon lòt tradiksyon Labib ki tradui vèsè sa a konsa: “Bondye renmen moun ki renmen bay.”

Jèn nou yo nan peyi Mozanbik renmen bay tou.

11. Ki sa k pouse n bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an?

11 Dezyèmman, lè n fè ofrann se yon fason pou n di Jewova mèsi pou tout benediksyon l vide sou nou. Ann egzamine yon prensip nou jwenn nan Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la ki pouse moun aji. (Li Detewonòm 16:16, 17.) Lè Izrayelit yo te konn al asiste twa fèt yo te konn fè chak ane yo, chak gason te dwe fè yon ofrann “selon jan [Jewova te] beni yo”. Kidonk, anvan Izrayelit yo t al asiste fèt sa yo, yon gason te dwe reflechi ak benediksyon l te jwenn yo, epi kè l te dwe pouse l chwazi sa l genyen ki pi bon li te ka bay la. Nan menm sans lan tou, lè n reflechi ak kantite fason Jewova beni nou, kè n pouse n ba li sa n genyen ki pi bon an. Ofrann nou fè ak tout kè nou yo, sa ki gen ladan l byen materyèl nou bay yo, montre jis nan ki pwen nou rekonesan pou tout benediksyon Jewova vide sou nou yo. — 2 Kor. 8:12-15.

12, 13. Nan ki sans ofrann nou fè yo montre nou renmen Wa a, e ki kantite chak moun kapab bay?

12 Twazyèmman, lè nou fè ofrann volontè, nou montre nou renmen Jezi Kris, Wa nou an. Nan ki sans? Ann wè sa Jezi te di disip li yo nan dènye nuit li te pase sou tè a antanke moun. (Li Jan 14:23.) Jezi te di: “Si yon moun renmen m, l ap obeyi pawòl mwen.” Nan “pawòl” Jezi a, nou jwenn kòmandman l te bay pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout tè a (Mat. 24:14; 28:19, 20). Nou montre nou obeyi “pawòl” sa a lè n fè tout sa n kapab pou n bay tan nou, fòs nou ak byen materyèl nou pou n soutni travay predikasyon Wayòm nan. Konsa, nou demontre lanmou nou genyen pou Wa Bondye chwazi a.

13 Vrèmanvre, antanke sitwayen Wayòm nan ki fidèl, nou vle montre n ap soutni Wayòm nan ak tout kè n lè n bay sa n genyen kòm ofrann. Ki jan nou fè sa? Se nou chak ki pou deside nan kè nou. Chak moun ka bay sa l genyen ki pi bon an selon mwayen l. Sepandan, gen anpil nan kwayan parèy nou yo ki pa gen anpil mwayen (Mat. 19:23, 24; Jak 2:5). Men, moun sa yo ka santi yo alèz pou yo bay paske yo konnen menm ofrann ki toupiti yo gen anpil valè nan je Jewova ak Pitit Gason l lan, depi se yon ofrann yo bay ak tout kè yo. — Mak 12:41-44.

Ki fason Temwen Jewova yo jwenn kòb?

14. Pandan plizyè ane, ki sa Temwen Jewova yo te konn mande pou piblikasyon yo?

14 Pandan plizyè ane, Temwen Jewova yo te konn mande yon ofrann fiks pou piblikasyon y ap ofri yo. Kantite kontribisyon yo te konn mande a te dwe yon kantite ki ba anpil, yon fason pou menm moun ki pa t gen anpil mwayen yo te ka jwenn yon piblikasyon. Nòmalman, lè te gen yon moun ki montre l enterese men l pa t ka bay kontribisyon an, pwoklamatè Wayòm yo te kontan kite piblikasyon an nan men l. Objektif pwoklamatè yo se te kite piblikasyon yo nan men moun ki gen kè sensè yo yon fason pou moun sa yo ka li yo epi jwenn byenfè nan sa yo te li a.

15, 16. a) Ki ajisteman Kolèj santral la te fè an 1990 nan fason nou ofri piblikasyon nou yo? b) Ki fason moun yo fè ofrann volontè? (Gade kare ki gen tit “ Ki sa yo fè ak ofrann nou bay yo?” tou.)

15 Nan ane 1990, Kolèj santral la te kòmanse fè ajisteman nan fason nou ofri piblikasyon nou yo. Apati ane 1990 la, nan peyi Etazini, yo te kòmanse mande moun yo fè yon ofrann volontè pou piblikasyon pwoklamatè yo te ofri yo. Men sa yo te di nan yon lèt yo te voye pou tout kongregasyon yo: “N ap bay pwoklamatè yo ak lòt moun ki enterese yo peryodik yo ak lòt piblikasyon yo san n pa mande yo yon kantite lajan fiks, nou pap menm sijere yo bay yon kantite kòb dekwa pou yo ka jwenn yon piblikasyon. [...] Tout moun ki vle bay yon ofrann pou ede n kouvri depans nou fè pou travay ansèyman n ap fè a kapab fè sa, men, yo ka resevwa piblikasyon an kit yo bay yon ofrann kit yo pa bay.” Dispozisyon sa a te montre aklè travay n ap fè a pa menm ak travay lòt relijyon yo, travay nou an se yon travay nou fè volontèman e nou pa moun k ap “mache vann pawòl Bondye a”. (2 Kor. 2:17.) Pi devan, tout filyal ki nan monn nan te vin adopte dispozisyon pou mande ofrann volontè a.

16 Ki fason moun yo fè ofrann volontè? Nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo, yo mete yon seri bwat pou moun fè ofrann. Moun yo ka met ofrann yo nan bwat sa yo oswa yo ka voye ofrann y ap fè yo dirèkteman nan youn nan asosyasyon legal Temwen Jewova yo itilize yo. Chak ane, gen yon atik ki parèt nan Toudegad ki montre fason yo ka fè ofrann volontè sa yo.

Ki fason yo itilize kòb yo?

17-19. Esplike ki fason yo sèvi ak ofrann nou fè pou a) travay mondyal la, b) konstriksyon Sal Wayòm nan lemonnantye ak c) depans kongregasyon an.

17 Travay mondyal. Yo sèvi ak ofrann sa a pou kouvri depans yo fè pou travay predikasyon k ap fèt nan lemonnantye a. Depans sa yo gen ladan l depans yo fè pou pwodui piblikasyon n ap distribye sou tout tè a, depans pou konstwi epi pran swen biwo filyal yo ak Betèl yo ansanm ak depans yo fè pou lekòl teyokratik yo. Anplis de sa, yo sèvi ak ofrann sa a pou pran swen misyonè yo, siveyan itineran yo ak pyonye espesyal yo. Yo sèvi ak ofrann nou fè yo tou pou pote èd prese prese pou kwayan parèy nou yo lè gen katastwòf *.

18 Konstriksyon Sal Wayòm nan lemonnantye. Yo sèvi ak ofrann sa a pou ede kongregasyon yo bati oswa renove yon Sal Wayòm. Ofiramezi yo resevwa ofrann sa yo, vin gen plis lajan toujou ki disponib pou yo ede lòt kongregasyon *.

19 Depans kongregasyon an. Yo sèvi ak ofrann sa a pou peye depans ki fèt pou Sal Wayòm nan ak depans yo fè pou pran swen Sal Wayòm nan. Ansyen yo ka deside voye yon pati nan ofrann sa a nan biwo filyal la pou soutni travay mondyal la. Nan ka sa a, ansyen yo dwe prezante yon rezolisyon devan kongregasyon an. Si kongregasyon an dakò, y ap voye kantite kòb yo dakò pou yo voye a. Chak mwa, frè ki responsab sèvis kont kongregasyon an prepare yon rapò pou yo li pou kongregasyon an.

20. Ki jan w ka onore Jewova ak “bagay ou genyen ki gen valè” yo?

20 Lè n reflechi ak tout travay sa mande pou n rive fè travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la sou tout kò tè a, kè n pouse n “onore Jewova avèk bagay [nou] genyen ki gen valè” yo (Pwo. 3:9, 10). Bagay nou genyen ki gen valè yo gen ladan l kapasite fizik nou, kapasite mantal nou ak relasyon nou ak Bondye. Pa gen dout nan sa, nou vle sèvi ak bagay sa yo nan travay Wayòm nan ak tout kè n. Sepandan, nou pa dwe bliye byen materyèl nou yo fè pati bagay nou genyen ki gen valè yo tou. Kidonk, se pou n deside bay sa n kapab, lè n kapab. Ofrann volontè nou fè yo bay Jewova glwa, e yo montre n ap soutni Wayòm Mesi a.

^ § 1 Toudegad 15 jiyè 1915, paj 218, 219 (anglè).

^ § 8 Toudegad 1ye out 1899, paj 201 (anglè).

^ § 10 Gen yon biblis ki fè konnen mo grèk lè yo tradui l yo met “deside” pou li a “bay ide met nan tèt”. Men sa biblis la ajoute: “Menm lè yon moun toujou jwenn kè kontan lè l bay, li bezwen fè planifikasyon pou l bay e l bezwen fè sa yon fason otomatik.” — 1 Kor. 16:2.

^ § 17 Pou n jwenn plis enfòmasyon sou travay pote sekou a, gade chapit 20 an.

^ § 18 Pou n jwenn plis detay sou travay konstriksyon Sal Wayòm nan, gade chapit 19 la.