Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 21

Wayòm Bondye a pral detwi tout ènmi l yo

Wayòm Bondye a pral detwi tout ènmi l yo

IDE KLE CHAPIT LA

Evènman k ap mennen nan lagè Amagedòn nan.

1, 2. a) Ki prèv ki montre Wa nou an ap dirije depi 1914? b) Ki sa nou pral egzamine nan chapit sa a?

EGZAMEN nou sot fè sou sa Wayòm Bondye a ap akonpli nan mitan ènmi l yo fè lafwa n vin djanm anpil (Sòm 110:2). Wa nou an gen yon pakèt moun ki dispoze preche ak tout kè yo. Li te pirifye e li te rafine disip li yo nan domèn espirityèl ak nan domèn moral. Jodi a, malgre tout efò ènmi Wayòm nan ap fè pou divize nou, sa pa anpeche n ini ak frè ak sè nou yo ki sou tout kò tè a. Egzanp sa yo ak plizyè lòt egzanp ki montre sa Wayòm nan gentan akonpli ban nou bonjan prèv, depi 1914, Wa nou an ap dirije nan mitan ènmi l yo.

2 Wayòm nan pral fè travay ki pi estrawòdinè toujou alavni. L ap “vini” pou l ‘kraze ènmi l yo epi met yon fen’ nan yo (Mat. 6:10; Dàn. 2:44). Men, anvan moman sa a rive, gen lòt evènman enpòtan ki pral rive. Ki evènman sa yo? Gen plizyè pwofesi nan Bib la ki ede n reponn kesyon sa a. Ann egzamine kèk nan pwofesi sa yo pou n wè ki evènman ki pral rive pi devan.

Sa k ap rive anvan ‘destriksyon k ap tonbe sou yo sanzatann’ nan

3. Ki premye evènman n ap tann ki pou rive?

3 Y ap di gen lapè. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Tesalonik yo, li te pale konsènan premye evènman n ap tann nan. (Li 1 Tesalonisyen 5:2, 3.) Nan lèt sa a, Pòl te fè konnen “jou Jewova a” t ap kòmanse lè yo atake “Gran Babilòn nan”. (Rev. 17:5.) Sepandan, yon tikras tan anvan jou sa a kòmanse, nasyon yo pral di: “Lapè! Sekirite!” Pawòl sa yo ka gen rapò ak yon deklarasyon oswa ak yon seri bèl deklarasyon yo fè. Èske chèf relijye yo ap di pawòl sa yo tou? Piske chèf relijye sa yo fè pati monn nan, petèt yo pral met ak nasyon yo pou yo di: “Gen lapè!” ​(Jer. 6:14; 23:16, 17; Rev. 17:1, 2). Deklarasyon lapè ak sekirite y ap fè a ap montre jou Jewova a pral kòmanse. Lè sa a, ènmi Wayòm Bondye a “pap gen mwayen pou yo chape”.

4. Ki byenfè nou jwenn lefètke nou konprann sa pwofesi apot Pòl te bay konsènan deklarasyon lapè ak sekirite a vle di?

4 Ki byenfè nou jwenn lefètke nou konprann sa pwofesi sa a vle di? Men sa apot Pòl te fè konnen: “Nou pa nan fènwa, pou jou sa a ta vin sou nou sanzatann tankou lè jou bare vòlè.” ​(1 Tes. 5:3, 4). Kontrèman ak pifò moun jodi a, nou rive konprann ki kote evènman k ap fèt yo ap mennen. Ki fason egzat pwofesi konsènan lapè ak sekirite a pral reyalize? Se tann pou nou tann pou n wè ki jan evènman sa yo pral rive. Kidonk, “annou rete je klè e annou rete nan bonsans nou”. — 1 Tes. 5:6; Sef. 3:8.

Kòmansman gwo tribilasyon an

5. Ki evènman ki pral premye faz “gwo tribilasyon” an?

5 Yo atake relijyon yo. Sonje pawòl apot Pòl te ekri yo: “Lè yo va di: ‘Lapè! Sekirite!’ lè sa a, yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann.” Menm jan nou konn tande gwo kout loray apre yon kout zèklè fin pase, se konsa tou, lè yo va di “Lapè! Sekirite!”, tousuit apre, gen “yon destriksyon [k] ap tonbe” sou yo sanzatann. Ki sa k ap detwi? Premyèman, yo pral detwi “Gran Babilòn nan”, anpalan de tout fo relijyon ki nan monn nan, e yo rele l tou “pwostitye a”. (Rev. 17:5, 6, 15.) Se destriksyon Lakretyente a ansanm ak tout lòt fo relijyon yo ki pral premye faz “gwo tribilasyon” an (Mat. 24:21; 2 Tes. 2:8). Pou anpil moun, evènman sa a ap rive sanzatann. Sa k fè n di sa? Se paske nan moman sa a, pwostitye a pral pran tèt li pou yon “rèn” ki pap “janm nan lapenn”. Men, li pral sezi wè sa l te panse a se pa t sa. Yo pral disparèt li san pèdi tan, kòmsi yo te fè sa “nan yon sèl jou”. — Rev. 18:7, 8.

6. Kiyès oswa ki sa k pral atake “Gran Babilòn nan”?

6 Kiyès oswa ki sa k pral atake “Gran Babilòn nan”? Se pral yon “bèt sovaj” ki gen “dis kòn” ki pral atake l. Liv Revelasyon an fè konnen bèt sovaj sa a se Nasyonzini. Dis kòn yo reprezante tout pisans politik yo k ap soutni “bèt sovaj wouj vif” sa a (Rev. 17:3, 5, 11, 12). Jis nan ki pwen atak sa a pral terib? Nasyon ki fè pati Nasyonzini yo pral dechèpiye pwostitye a, yo pral devore l epi yo pral “boule l nèt nan dife”. — Li Revelasyon 17:16 *.

7. Ki fason pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 24:21, 22 a te jwenn yon premye akonplisman nan premye syèk la, e ki jan pwofesi sa a pral reyalize alavni?

7 Y ap retire nan jou yo. Wa nou an fè nou konnen ki sa k pral rive pandan gwo tribilasyon an nan moman sa a. Men sa Jezi te fè konnen: “Poutèt moun Bondye chwazi yo, y ap retire nan jou sa yo.” ​(Li Matye 24:21, 22.) Pawòl Jezi te di yo te jwenn yon premye akonplisman nan ane 66 epòk nou an lè Jewova te “retire” nan kantite jou lame Women an te fè ap atake Jerizalèm nan (Mak 13:20). Sa te pèmèt Kretyen ki t ap viv nan Jerizalèm ak nan Jide yo chape poul yo. Men, ki sa k pral rive sou tout tè a pandan gwo tribilasyon ki pral vini an? Pa mwayen Wa nou an, Jewova pral “retire” nan kantite jou Nasyonzini pral fè ap atake relijyon yo, dekwa pou yo pa detwi vrè relijyon an ansanm ak fo relijyon yo. Donk, toutpandan y ap detwi tout fo relijyon yo, vrè relijyon an ap rete la (Sòm 96:5). Kounye a, ann egzamine ki evènman ki pral rive apre faz sa a nan gwo tribilasyon an fin pase.

Evènman k ap mennen nan Amagedòn

8, 9. De ki fenomèn, petèt, Jezi t ap pale, e ki jan moun yo pral reyaji lè yo wè bagay sa yo?

8 Nan pwofesi Jezi te bay konsènan dènye jou yo, li te fè konnen gen plizyè evènman enpòtan ki pral mennen nan Amagedòn. Yo pale konsènan de premye evènman nou pral egzamine yo nan Evanjil Matye, Mak ak Lik la. — Li Matye 24:29-31; Mak 13:23-27; Lik 21:25-28.

9 Fenomèn nan syèl la. Men sa Jezi te fè konnen: “Solèy la ap vin tou nwa, e lalin nan pap klere ankò. Zetwal ki nan syèl la pral tonbe.” Se sèten, moun pap pran chèf relijye yo kòm moun k ap pot limyè, sa vle di yo pap konsidere yo kòm moun k ap ka ba yo direksyon. Mete sou sa, èske Jezi t ap pale konsènan yon seri fenomèn n ap ka wè? Petèt n ap ka wè yo (Iza. 13:9-11; Yow. 2:1, 30, 31). Ki jan moun yo pral reyaji lè yo wè bagay sa yo? Yo pral gen “gwo kè kase” paske “yo pap konn ki sa pou yo fè”. (Lik 21:25; Sef. 1:17.) Vrèmanvre, tout ènmi Wayòm Bondye a, soti nan ‘wa pou rive nan esklav’, “pral faya poutèt y ap pè, e poutèt y ap tann bagay ki gen pou rive” yo, e yo pral kouri kache. Men, yo pap jwenn pyès kote k ap anpeche yo tonbe anba kòlè Wa a. — Lik 21:26; 23:30; Rev. 6:15-17.

10. Ki jijman Jezi pral fè, e kòman moun fidèl yo ak moun ki opoze ak Wayòm nan pral reyaji?

10 Yo pral jije yo. Nan moman sa a, tout ènmi Wayòm Bondye a pral oblije gad ak de je yo yon evènman ki pral fè yo soufri plis toujou. Men sa Jezi te fè konnen: “Yo pral wè Pitit lòm nan k ap vini nan nyaj yo avèk anpil pisans e avèk anpil glwa.” ​(Mak 13:26). Fenomèn estrawòdinè sa a se pral siyal ki montre Jezi vin fè jijman l lan. Nan yon lòt pati nan pwofesi Jezi te bay konsènan dènye jou yo, li te bay plis detay sou jijman li pral fè nan moman sa a. Nou jwenn detay sa yo nan parabòl mouton ak kabrit yo. (Li Matye 25:31-33, 46.) Yo pral jije moun fidèl yo kòm “mouton”, e moun sa yo pral “leve tèt” yo paske yo konnen ‘se delivrans yo k ap pwoche’. (Lik 21:28.) Sepandan, yo pral jije moun ki opoze ak Wayòm nan kòm “kabrit”, e moun sa yo pral “frape lestomak yo tèlman y ap tris” paske yo konnen yo pral “detwi pou toutan”. — Mat. 24:30; Rev. 1:7.

11. Ki sa nou bezwen sonje pandan n ap egzamine evènman ki pral fèt yo?

11 Apre Jezi fin jije “tout nasyon yo”, gen plizyè lòt evènman enpòtan ankò k ap gen pou fèt anvan gè Amagedòn nan kòmanse (Mat. 25:32). Nou pral pale konsènan de nan evènman sa yo: atak Gòg pral fè a ansanm ak rasanble yo pral rasanble moun ki pral nan syèl yo. Toutpandan n ap egzamine de evènman sa yo, nou dwe sonje Pawòl Bondye a pa presize kantite tan evènman sa yo ap dire. An reyalite, sanble pandan youn nan evènman sa yo ap fèt, dezyèm nan ap kòmanse.

12. Ki sa k pral rive nan dènye atak Satan pral fè kont Wayòm nan?

12 Yon atak avèk raj. Gòg ki sot nan peyi Magòg la pral atake rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ansanm ak moun ki fè pati lòt mouton yo. (Li Ezekyèl 38:2, 11.) Atak sa a Satan pral fè kont Wayòm nan se pral dènye atak li pral fè nan batay l ap fè kont moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, depi yo mete l deyò nan syèl la (Rev. 12:7-9, 17). Satan fè anpil efò pou l kraze bon relasyon moun sa yo genyen ak Bondye, e l te kòmanse fè sa depi lè yo te kòmanse rasanble moun sa yo nan kongregasyon kretyen an. Sepandan, Satan pa janm reyisi fè sa (Mat. 13:30). Men, lè yo fin detwi tout fo relijyon yo, pèp Bondye a pral sanble yon pèp ki ‘ret yon kote ki san miray, yon kote ki pa menm gen ni ba fè ni pòt’. Nan moman sa a, Satan pral wè se yon bèl okazyon l jwenn pou l atake pèp Bondye a. Li pral pouse moun mechan l yo pou yo atake moun k ap soutni Wayòm nan.

13. Ki jan Jewova pral aji pou l ede pèp li a?

13 Pwofèt Ezekyèl te esplike kòman bagay yo pral pase. Men sa l te fè konnen konsènan Gòg: “E, wè pa wè, w ap kite kote ou te ye a, zòn ki pi lwen nan nò a, ou menm ak yon bann pèp avèk ou, yo tout sou cheval, yon gwo foul moun, wi, yon fòs ame ki gen anpil moun. E w ap oblije vini kont pèp mwen an, Izrayèl, tankou nyaj pou kouvri peyi a.” ​(Eze. 38:15, 16). Kòman Jewova pral reyaji devan gwo atak sa a? Men sa Jewova fè konnen: “M ap vin an kòlè anpil.” E anplis de sa, li di: “M ap voye yon epe.” ​(Eze. 38:18, 21; li Zekarya 2:8.) Jewova pral aji pou l ede sèvitè li yo sou tè a. Se aksyon sa a Jewova pral fè a ki lagè Amagedòn nan!

14, 15. Ki lòt evènman ki pral rive apre Satan fin kòmanse atake pèp Bondye a avèk raj?

14 Anvan nou egzamine sa Jewova pral fè pou l pwoteje pèp li a nan lagè Amagedòn nan, ann fè yon ti pale sou yon lòt evènman enpòtan. Evènman sa a se yon evènman ki pral rive ant moman Satan pral kòmanse atake pèp Bondye a avèk raj la ak moman lagè Amagedòn nan pral kòmanse a. Jan nou te wè sa nan paragraf 11 lan, dezyèm evènman sa a se rasanble y ap rasanble rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo.

15 Y ap rasanble moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Ni Evanjil Matye a ni Evanjil Mak la, montre pawòl Jezi te di konsènan “moun Bondye chwazi” yo, anpalan de kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, gen rapò ak yon seri evènman ki pral rive anvan lagè Amagedòn nan. (Gade paragraf 7.) Nan yon pwofesi Jezi te bay kote l t ap pale de tèt li antanke Wa, men sa l te di: “Epi, l ap voye zanj yo e yo pral rasanble moun ki pou li yo, moun Bondye chwazi yo, yo menm ki soti nan kat kwen tè a, soti nan dènye bout tè a rive nan dènye bout syèl la.” ​(Mak 13:27; Mat. 24:31). Konsènan ki travay rasanbleman Jezi ap pale la a? Li pap pale de poze yo pral poze dènye so a sou rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl la, yon evènman ki pral rive yon tikras tan anvan gwo tribilasyon an kòmanse (Rev. 7:1-3). Olye de sa, Jezi t ap pale de evènman ki pral rive pandan gwo tribilasyon k ap vini an. Donk, sanble, apre Satan fin kòmanse atake pèp Bondye a avèk raj, y ap rasanble moun Bondye chwazi yo ki sou tè a toujou pou yo monte nan syèl.

16. Ki sa 144 000 moun yo pral fè nan gè Amagedòn nan?

16 Ki rapò rasanble yo pral rasanble moun Bondye chwazi yo genyen ak evènman ki pral rive annapre a, anpalan de gè Amagedòn nan? Lefètke yo pral rasanble moun sa yo nan moman sa a, sa fè n konnen tout moun sa yo ap gentan nan syèl la anvan gè Amagedòn nan kòmanse. Pandan 144 000 moun k ap dirije ak Kris yo nan syèl la, yo pral resevwa otorite pou, Jezi avè yo, sèvi ak “yon baton fè” pou detwi tout ènmi Wayòm Bondye a (Rev. 2:26, 27). Apre sa, moun Bondye chwazi yo ak zanj pisan yo pral suiv Kris, Wa ki vanyan an, pandan Kris pral fè fas ak “yon fòs ame ki gen anpil moun”, anpalan de ènmi ki pral atake pèp Jewova a (Eze. 38:15). Se batay ki pral gen ant de lame sa yo k ap lagè Amagedòn nan! — Rev. 16:16.

Dènye faz gwo tribilasyon an

Lagè Amagedòn nan kòmanse!

17. Pandan gè Amagedòn nan, ki sa k pral rive moun ki tankou “kabrit yo”?

17 Y ap egzekite jijman. Se lagè Amagedòn nan k ap dènye faz gwo tribilasyon an. Nan moman sa a, Jezi pral vin gen yon lòt travay pou l fè. Li pap sèlman jije “tout nasyon” yo, men, li pral detwi nasyon yo tou, anpalan de tout moun li jije antanke “kabrit” yo (Mat. 25:32, 33). Wa nou an pral “frape nasyon yo” ak “yon epe long byen file”. Wi, tout moun ki tankou kabrit yo, soti nan “wa” pou rive nan “esklav”, “pral detwi pou toutan”. — Rev. 19:15, 18; Mat. 25:46.

18. a) Kòman bagay yo pral chanje pou moun Jezi jije kòm “mouton” yo? b) Ki sa Jezi pral fè pou l ranpòte yon viktwa total sou ènmi l yo?

18 Se pa ti chanje bagay yo pral chanje pou moun Jezi jije kòm “mouton” yo! Satan ak lame l la, ki gen moun ki tankou “kabrit”, pap rive detwi moun ki tankou “mouton” yo ki te sanble san defans. Olye de sa, gen “yon gwo foul moun” ki pral chape anba men ènmi yo e yo pral “soti anba gwo tribilasyon an”. (Rev. 7:9, 14.) Donk, apre Jezi fin ranpòte laviktwa sou ènmi Wayòm Bondye a e apre l fin detwi tout moun ki opoze ak Wayòm sa a, li pral lage Satan ak demon l yo non twou san fon an. Y ap kenbe yo la pandan mil an, Satan ak demon l yo pap ka fè anyen, se kòmsi yo te mouri. — Li Revelasyon 6:2; 20:1-3.

Ki sa pou n fè pou nou pare?

19, 20. Ki jan nou ka aplike pawòl nou jwenn nan Izayi 26:20 an ak Izayi 30:21 an?

19 Ki jan nou ka prepare nou pou kokennchenn evènman ki pral vini yo? Men sa Toudegad te di sa gen kèk ane: “Yon moun ap ka chape si l obeyisan.” Poukisa se konsa sa ye? Nou jwenn repons lan nan avètisman Jewova te bay Juif ki te ann egzil nan Babilòn tan lontan an. Jewova te fè konnen yo t apral detwi Babilòn. Men, ki sa pèp Bondye a te dwe fè pou yo te prepare yo pou evènman sa a? Men sa Jewova te di: “Ale, pèp mwen an, antre nan chanm ki anndan yo, epi fèmen pòt ou yo dèyè w. Kache pou yon ti moman jiskaske kondanasyon an fin pase.” ​(Iza. 26:20). Remake vèb yo itilize nan vèsè sa a, “ale”, “antre”, “fèmen” ak “kache”, yo tout se lòd. Juif ki te obeyi lòd sa yo pa t sot nan lari, kote sòlda yo t ap mache kraze brize, men, yo te ret lakay yo. Kidonk, pou yo te chape vivan yo te dwe obeyi enstriksyon Jewova te bay yo *.

20 Ki sa n ka aprann nan egzanp sa a? Menm jan sa te ye pou sèvitè Bondye yo, pou n ka chape nan evènman ki pral vini yo, nou bezwen obeyi enstriksyon Jewova bay yo (Iza. 30:21). Nou jwenn enstriksyon sa yo pa mwayen kongregasyon yo. Donk, nou dwe toujou obeyi enstriksyon nou resevwa yo ak tout kè nou (1 Jan 5:3). Si depi jodi a nou fè sa, l ap pi fasil pou n obeyi ak tout kè nou pi devan. Konsa, n ap ka jwenn pwoteksyon nan men Jewova, Papa nou ak Jezi, Wa nou an (Sef. 2:3). Yon pwoteksyon konsa ap fè nou wè ap pwòp je nou kòman Wayòm Bondye a pral detwi tout ènmi l yo nèt. Se pral yon evènman nou pap janm bliye!

^ § 6 Sanble, li rezonab pou n panse destriksyon “Gran Babilòn nan” gen rapò sitou ak destriksyon fo relijyon yo, men, li pa gen rapò ak destriksyon tout moun ki fè pati yon relijyon. Kidonk, pifò moun ki soti nan Gran Babilòn nan ap chape lè yo detwi Babilòn, e yo pral montre tout moun yo bay relijyon yon bwa long kenbe, jan Zekarya 13:4-6 fè konn sa.

^ § 19 Pou plis enfòmasyon, gade liv La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains I an, paj 282-283.