Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 22

Wayòm nan fè volonte Bondye fèt sou tè a

Wayòm nan fè volonte Bondye fèt sou tè a

IDE KLE CHAPIT LA

Wayòm nan reyalize tout pwomès Bondye te fè konsènan lèzòm ak tè a.

1, 2. a) Poukisa pafwa li konn difisil pou n kwè Paradi a ap vin yon reyalite? b) Ki sa k ka ede n vin gen plis lafwa nan pwomès Bondye fè yo?

GEN yon frè ki fidèl ki santi l fatige apre l fin fè yon jounen ap travay anba anpil strès. Se pa ti move tretman l jwenn nan men patwon l. Anplis de sa, li pa fasil pou l pran swen fanmi l e li santi l gen anpil pwoblèm akoz yon maladi k ap fatige madanm li. Men, frè fidèl sa a rale yon souf lè l rive nan reyinyon yo pandan y ap pase mizik pou yo chante premye kantik lan, li kontan lefètke li nan Sal Wayòm nan ak frè ak sè l yo. Kantik la ap pale sou jan lavi a pral ye nan Paradi a, e pawòl ki nan kantik la mande l pou l imajine tèt li nan Paradi a. Li te toujou renmen kantik sa a, e toutpandan l ap chante kantik lan ansanm ak fanmi l, li santi l rekonfòte.

2 Èske w konn santi w konsa tou? Gen anpil nan nou ki konn santi nou konsa. Men, lavi nan monn sa a ka fè l difisil pou n kwè Paradi a ap vin yon reyalite. N ap viv nan yon epòk kote ‘tan yo di e yo difisil pou moun sipòte’ e monn sa a n ap viv la pa gen anyen pou l wè ak yon paradi (2 Tim. 3:1). Ki sa k ka ede n gen konfyans Paradi a ap vin yon reyalite? Bon, ki sa k fè n kwè talè konsa Wayòm Bondye a pral dirije tè a toutbonvre? Ann egzamine kèk nan pwofesi Jewova te fè ekri yo, yon seri pwofesi pèp li a ki t ap viv nan tan lontan an te wè reyalize. Apre sa, nou pral fè yon ti pale sou fason pwofesi sa yo ak lòt pwofesi menm jan an ap reyalize jodi a. Pou fini, nou pral konsantre nou sou sa pwofesi sa yo pral vle di pou nou pi devan. Konsa, lafwa nou ap vin pi solid.

Fason Jewova te reyalize pwomès li te fè nan tan lontan yo

3. Ki pwomès ki te rekonfòte Juif ki te ann egzil nan peyi Babilòn nan?

3 Imajine jan lavi a te ye pou Juif ki te ann egzil nan peyi Babilòn nan sizyèm syèk anvan epòk nou an. Gen anpil nan yo ki te grandi ann egzil, menm jan ak paran yo, e lavi a te di pou yo. Babilónyen yo te pase yo nan rizib paske yo te gen lafwa nan Jewova (Sòm 137:1-3). Pandan plizyè dizèn ane ki t ap pase yo, Juif fidèl yo te toujou kenbe yon sèl bagay nan lespri yo: Pwomès Jewova te fè pou fè pèp la tounen nan peyi yo. Jewova te fè konnen bagay yo t ap bon nèt lè yo retounen nan peyi yo. Li te menm konpare peyi Jida a, peyi yo t apral jwenn ankò a, ak jaden Edenn nan, sa vle di yon paradi. (Li Izayi 51:3.) Sa klè, Bondye te fè pèp li a pwomès sa yo pou rekonfòte yo, e pou ede yo retire dout ki te nan kè yo. Nan ki sans? Ann egzamine kèk nan pwofesi sa yo.

4. Ki jan Jewova te asire Juif yo li t ap pwoteje yo lè yo retounen nan peyi yo?

4 Sekirite. Juif sa yo ki te ann egzil pa t ap retounen nan yon paradi vre, men, yo t ap gen pou yo retounen nan peyi yo te abandone pandan 70 ane a, yon peyi se te kèk grenn nan yo sèlman ki te konnen l. Nan epòk sa a, li te nòmal pou moun te wè lyon, lou, leyopa ak lòt bèt sovaj nan zòn sa yo. Yon chèf fanmi te ka ap mande tèt li: ‘Ki jan m pral pwoteje madanm mwen ak pitit mwen? Ki jan m pral pwoteje mouton m yo ak bèf mwen yo?’ Se te nòmal pou yon moun ap reflechi ak kesyon sa yo. Men, fè yon ti reflechi ak pwomès Bondye te fè nou jwenn nan Izayi 11:6-9 la, e fè yon ti reflechi sou jan pawòl sa yo te rekonfòte Izrayelit yo. (Li vèsè yo.) Grasa bèl pawòl sa yo, Jewova te bay Juif ki t ap sot ann egzil yo asirans yo t ap jwenn pwoteksyon e bèt yo t ap jwenn pwoteksyon tou. Lyon t ap gen pou manje pay nan sans yo pa t ap devore bèt Juif yo. Juif fidèl yo pa t ap gen okenn rezon pou yo pè bèt sovaj sa yo. Jewova te pwomèt pèp li a li t ap pwoteje yo nan peyi yo t ap retounen an, anpalan de Jida, e li t ap pwoteje yo menm lè yo ta nan dezè ak nan rak bwa. — Eze. 34:25.

5. Ki pwofesi ki te ede Juif ki t ap retounen sot ann egzil yo gen konfyans Jewova t ap ede yo anpil?

5 Abondans. Men kèk bagay ankò Juif yo te ka ap mande tèt yo: ‘Èske m ap ka bay fanmi m manje nan peyi n ap retounen an? Ki kote m pral abite? Èske m ap ka jwenn travay pou m fè? Èske lavi a ap pi bon pase lavi nou t ap mennen ann egzil anba men moun ki t ap toupizi nou yo?’ Grasa pwofesi yo, Jewova te tou ba yo yon repons ak kesyon sa yo ki ta ka pase nan lespri yo. Jewova te bay moun ki obeyisan yo garanti l ap toujou fè gen lapli, sa ki t apral fè tè a pwodui “anpil manje ki bon”. (Iza. 30:23.) Men sa Jewova te pwomèt pèp li a konsènan kote yo t ap gen pou yo rete ak konsènan travay ki bay satisfaksyon yo t ap genyen: “Y ap bati kay e y ap abite nan yo, e sètènman y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo. Yo pap bati pou yon lòt moun abite, yo pap plante pou yon lòt moun manje.” ​(Iza. 65:21, 22). Se sèten, yo t ap pi byen viv lontan parapò ak jan yo t ap viv lè yo te ann egzil nan peyi Babilòn nan, yon peyi payen. Men, ki sa yo t apral fè pou pi gwo pwoblèm yo te genyen yo, anpalan de pwoblèm ki te fè y al ann egzil la?

6. Depi lontan, ki pwoblèm pèp Bondye a te genyen, e ki asirans Jewova te bay Juif ki t ap retounen sot ann egzil yo?

6 Sante nan domèn espirityèl. Byen lontan anvan pèp Bondye a t al ann egzil, yo te vin malad nan domèn espirityèl. Men sa Jewova te fè pèp li a konnen pa mwayen pwofèt Izayi: “Nou malad nan tout tèt nou, Epi, nou malad nan tout kè nou.” ​(Iza. 1:5). Nan yon sans espirityèl, yo te avèg e yo te soud. Se kòmsi yo te kontinye bouche zòrèy yo pou yo pa t koute konsèy Bondye t ap bay yo e yo te kontinye fèmen je yo pou yo pa t wè sa Bondye t ap montre yo (Iza. 6:10; Jer. 5:21; Eze. 12:2). Si Juif ki te sot ann egzil yo te menm jan an, ki sekirite yo t ap ka genyen vre? Èske yo pa t ap pèdi favè Jewova yon lòt fwa ankò? Se pa ti rekonfòte pwomès Jewova te fè yo a te rekonfòte yo! Men sa l te di yo: “Jou sa a, moun ki soud yo ap tande pawòl ki nan liv la, e je moun ki avèg yo ap wè menm nan gwo fènwa ki pwès.” ​(Iza. 29:18). Se sèten, Jewova t ap geri pèp li a nan domèn espirityèl paske yo te repanti e yo te aprann yon gwo leson nan sa k te rive yo a. Depi yo te rete fidèl e yo te obeyi sa Jewova te di yo, li t ap kontinye dirije yo e li t ap kontinye ede yo.

7. Ki fason pwomès Jewova te fè pèp li a te reyalize, e pou ki rezon istwa sa a dwe fè lafwa nou vin pi solid?

7 Èske Jewova te kenbe pwomès li te fè yo? Wi. Bondye te fè Juif ki te sot ann egzil yo jwenn pwoteksyon, li te fè yo viv nan abondans, e yo te an sante nan domèn espirityèl. Pa egzanp, Jewova te pwoteje yo kont nasyon ki te ozalantou yo, ki te pi fò pase yo e ki te pi gwo pase yo. Bèt sovaj yo pa t mache manje bèt Juif yo t ap gade yo. Se vre, nou ka di Juif yo pa t rive wè tout sa ki te gen rapò ak pwomès pou yon paradi Jewova te fè pa mwayen Izayi, Jeremi ak Ezekyèl la, men, sa pèp Bondye a te wè reyalize yo te vrèman bèl e se te egzakteman sa yo te bezwen nan moman an. Lè n reflechi sou sa Jewova te fè pou pèp li a nan tan lontan, sa fè lafwa nou vin pi solid. Kidonk, si yon pati nan pwofesi ki te reyalize yo te fè Juif yo kontan, ki jan sa pral ye menm lè pwofesi sa a jwenn pi gwo akonplisman l? Ann egzamine sa Jewova deja fè pou nou jodi a.

Fason Jewova te kòmanse reyalize pwomès li yo nan epòk nou an

8. Jodi a, nan ki kalite “peyi” pèp Bondye a ap viv?

8 Jodi a, pèp Jewova a pa fòme yon nasyon kòmkwa tout moun soti nan yon sèl peyi oswa nan yon sèl tèritwa. Olye de sa, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo fòme yon nasyon espirityèl, anpalan de “Izrayèl Bondye a”. (Gal. 6:16.) “Lòt mouton yo”, ki se konpayon moun sa yo fè pati yon “peyi” espirityèl, sa vle di yo ini nan aktivite ki gen rapò ak adorasyon y ap bay Jewova a. Adorasyon y ap bay Bondye a makònen ak tout sa yo fè nan lavi yo (Jan 10:16; Iza. 66:8). Ki jan de “peyi” Jewova ban nou? Peyi nou an se yon paradi espirityèl. Pwomès Jewova te fè konsènan jan bagay yo t ap ye nan jaden Edenn nan ap reyalize jodi a nan domèn espirityèl. Ann konsidere kèk egzanp.

9, 10. a) Ki fason pwofesi nou jwenn nan Izayi 11:6-9 la ap akonpli jodi a? b) Ki prèv nou genyen ki montre gen bonjan lapè nan mitan pèp Bondye a?

9 Sekirite. Pwofesi nou jwenn nan Izayi 11:6-9 la ede nou imajine lapè ki pral genyen, yon bò nan mitan bèt sovaj yo e yon lòt bò ant moun ak bèt moun gade lakay yo. Jodi a, èske sa ap reyalize nan domèn espirityèl? Wi! Nan vèsè 9 la, nou aprann rezon ki fè bèt sa yo pap yon menas ankò. Vèsè a fè konnen “tè a pral plen ak konesans Jewova menm jan lanmè a plen ak dlo”. Èske “konesans Jewova” a fè bèt yo chanje fason yo aji? Non, se moun ki ka chanje fason yo aji lè yo aprann konnen Bondye lapè a ak lè yo aprann imite fason l aji. Pou rezon sa a, nou kapab wè fason pawòl ki nan pwofesi sa a ap reyalize nan bèl paradi espirityèl nou ye jodi a. Anba direksyon Wayòm nan, disip Kris yo ap aprann ki jan pou yo chanje vye pèsonalite yo te genyen an, ki te tankou bèt sovaj, e pou yo viv nan lapè ak tèt ansanm pami frè ak sè espirityèl yo.

10 Pa egzanp, nan liv sa a, nou te pale sou kesyon netralite a, kit se fason kretyen yo te konprann kesyon netralite a sou baz Ekriti yo, kit se fason pèp Bondye a te jwenn pèsekisyon paske yo te rete net. Èske sa pa vrèman estrawòdinè pou n konnen nan monn vyolan sa a, gen yon bon kantite moun ki fòme yon “nasyon” ki refize patisipe nan kèlkeswa fòm vyolans lan, menm lè yo ta di y ap touye yo? Ala yon kokennchenn prèv ki montre fason sitwayen Wayòm Mesi a ap jwi bonjan lapè pwofèt Izayi te pale a! Jezi te fè konnen yo t ap rekonèt disip li yo grasa lanmou yo te gen nan mitan yo a (Jan 13:34, 35). Avèk pasyans, Kris ap sèvi ak “esklav fidèl ki prevwayan” l lan pou l anseye tout vrè kretyen ki anndan kongregasyon an fason pou yo viv anpè, pou yo demontre lanmou e pou yo demontre bonte. — Mat. 24:45-47.

11, 12. Ak ki kalite grangou monn nan ap fè fas jodi a, sepandan, ki fason Jewova fè pèp li a jwenn anpil manje nan domèn espirityèl?

11 Abondans. Nan domèn espirityèl, monn nan ap mouri grangou. Men ki avètisman Bib la te bay: “‘Gade: gen jou k ap vini’, sa a se deklarasyon Jewova, Souvren Seyè a, ‘e m ap voye yon grangou nan peyi a, yon grangou, se pa pou pen, ak yon swaf, se pa pou dlo, men pou moun tande pawòl Jewova.’” ​(Amòs 8:11). Èske sitwayen Wayòm Bondye a ap mouri grangou tou? Jewova te gentan anonse gwo diferans ki t apral genyen ant pèp li a ak ènmi l yo. Men sa l te di: “Sèvitè m yo ap manje, men nou menm, n ap ret grangou. Gade! Sèvitè m yo ap bwè, men nou menm, n ap ret swaf. Gade! Sèvitè m yo ap rejwi, men nou menm, n ap santi nou wont.” ​(Iza. 65:13). Èske w wè pawòl sa yo ap akonpli?

12 Menm jan ak yon rivyè k ap vin laj e k ap vin pi fon, se konsa tou nou kontinye jwenn manje nan domèn espirityèl. Kit se piblikasyon ki baze sou Bib la, anrejistreman odyo ak videyo, kit se reyinyon nou yo, kongrè yo ak sa n pibliye sou sit wèb nou an, yo tout vin tankou yon gwo rivyè ki kontinye fè dlo laverite a koule nan monn sa a k ap mouri nan domèn espirityèl (Eze. 47:1-12; Yow. 3:18). Èske w pa kontan anpil pou w wè jan Jewova reyalize pwomès li fè pou n jwenn anpil manje nan domèn espirityèl la, chak jou nan lavi w? Èske w asire w ou manje sou tab Jewova a regilyèman?

Nan kongregasyon an nou an sekirite, nou jwenn anpil manje espirityèl ki ede n kenbe yon bon relasyon ak Jewova.

13. Ki fason w wè pwomès Jewova fè pou je moun ki avèg yo louvri epi zòrèy moun ki soud yo tande a ap akonpli?

13 Sante nan domèn espirityèl. Jodi a, moun nan monn nan malad, yo avèg e yo soud nan domèn espirityèl (2 Kor. 4:4). Sepandan, Kris ap fè yon gerizon sou tè a. Èske w deja wè avèg ki vin wè, epi moun soud ki vin tande? Si w deja wè yon moun ki vin aprann konesans egzak ki nan Pawòl Bondye a, ki voye manti relijyon yo jete, yon seri manti ki te fè l vin avèg epi soud nan domèn espirityèl, lè sa a, ou ka di ou viv reyalizasyon pwomès sa a: “Jou sa a, moun ki soud yo ap tande pawòl ki nan liv la, e je moun ki avèg yo ap wè menm nan gwo fènwa ki pwès.” ​(Iza. 29:18). Toupatou sou tè a, gen plizyè santèn milye moun ki jwenn gerizon nan domèn espirityèl chak jou. Chak moun ki kite Gran Babilòn nan epi ki vin adore Jewova ansanm avè n nan paradi espirityèl nou an, se yon prèv vivan ki montre pwomès Jewova yo ap akonpli!

14. Ki prèv nou genyen, lè n medite sou li, k ap fè lafwa nou vin pi djanm?

14 Chak chapit ki nan liv sa a bay bonjan prèv ki montre Kris mennen disip li yo nan yon paradi espirityèl nan tan lafen sa a n ap viv la. Ann kontinye medite sou plizyè fason Bondye beni nou nan paradi sa a jodi a. Lè n fè sa, lafwa nou gen nan pwomès Jewova fè pou lavni yo ap kontinye vin pi djanm.

“Se pou wayòm ou an vini”

15. Ki sa k fè n ka sèten tè a pral tounen yon paradi?

15 Jewova te toujou gen objektif pou l fè tout tè a tounen yon paradi. Li te met Adan ak Èv nan jaden Edenn nan, li te ba yo lòd pou yo ranpli tè a, epi, pou yo pran swen tout bèt yo (Jen. 1:28). Olye Adan ak Èv te koute Jewova, yo te pito suiv Satan nan rebelyon l lan epi yo te lage tout limanite nan enpèfeksyon, peche ak lanmò. Malgre sa, Bondye pa t chanje objektif li te genyen an. Depi yon pawòl sot nan bouch Jewova, l ap reyalize l kanmenm. (Li Izayi 55:10, 11.) Nou ka sèten, se desandan Adan ak Èv yo ki pral ranpli tout tè a k ap vin yon paradi, e yo pral byen pran swen tout sa Jewova kreye yo. Se nan moman sa a, pwofesi Jewova te gentan bay Juif ki te ann egzil yo, anpalan de pwofesi ki pale konsènan lavi nan yon paradi a, pral jwenn yon pi gwo akonplisman. Ann pran kèk egzanp.

16. Ki jan Bib la pale konsènan sekirite ki pral genyen nan Paradi a?

16 Sekirite. Nan yon tan ki pa twò lwen, bèl pawòl nou jwenn nan Izayi 11:6-9 yo pral jwenn yon kokennchenn akonplisman, menm nan yon sans literal. Kit se gason, kit se fi kit se timoun, yo tout pral jwenn sekirite kèlkeswa kote yo ye sou tè a. Pa gen okenn kreyati, kit se lèzòm oswa bèt, ki pral reprezante yon menas pou yo. Imajine yon lè kote w pral konsidere tout tè a nèt tankou se kay ou, yon lè kote w ap ka naje nan rivyè, nan lak ak nan lanmè san pwoblèm, yon lè kote w ap ka mache nan gwo mòn yo ak kote ki gen bèl ti zèb san pwoblèm. E ou pap pè lannuit. Pawòl nou jwenn nan Ezekyèl 34:25 lan ap vin yon verite, konsa l ap menm posib pou pèp Bondye a “abite an sekirite nan dezè [epi] dòmi nan forè”.

17. Ki sa k fè n kapab gen asirans Jewova pral ban nou tout sa n bezwen lè Wayòm nan ap dirije tout tè a?

17 Abondans. Eseye imajine yon lè kote pap gen povrete, malnitrisyon, grangou ak pwogram yo met sou pye pou ede pòv. Pakèt manje pèp Bondye a jwenn nan domèn espirityèl jodi a se yon garanti nou genyen ki montre Wa Bondye chwazi a pral bay moun l ap dirije yo tout sa yo bezwen. Lè Jezi te sou tè a, li te bay yon ti apèsi ki montre li kapab reyalize pwomès sa yo, paske l te bay plizyè milye moun manje ak kèk ti pwazon epi kèk ti pen sèlman (Mat. 14:17, 18; 15:34-36; Mak 8:19, 20). Lè Wayòm Bondye a ap dirije tout tè a, gen kèk pwofesi tankou pwofesi nou pral site la a ki pral akonpli yon fason literal: “Bondye ap fè lapli tonbe pou semans nou plante nan tè a ka leve, e tè a ap bay anpil manje ki bon. Jou sa a, twoupo bèt nou yo ap manje nan gwo patiraj.” — Iza. 30:23.

18, 19. a) Ki sa pwofesi nou jwenn nan Izayi 65:20-22 a vle di pou ou? b) Nan ki sans lavi nou pral “tankou jou yon pyebwa”?

18 Jodi a, li kapab difisil pou anpil moun eseye imajine yo posede yon bèl kay oswa yo gen yon travay ki ba yo satisfaksyon ak kè kontan. Nan vye sistèm sa a, gen anpil moun ki santi yo travay anpil e yo travay di pou yon ti kraze monnen pou ede tèt yo ak fanmi yo toutpandan moun ki rich yo ak moun ki ava yo kontinye ap plen pòch yo. Eseye imajine kòman bagay yo pral ye lè pwofesi sa a reyalize sou tout tè a: “Y ap bati kay e y ap abite nan yo, e sètènman y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo. Yo pap bati pou yon lòt moun abite, yo pap plante pou yon lòt moun manje. Paske jou pèp mwen an ap tankou jou yon pyebwa. E moun mwen chwazi yo ap pwofite travay yo fè ak men yo totalman.” — Iza. 65:20-22.

19 Ki sa ekspresyon jou nou yo pral “tankou jou yon pyebwa” a vle di? Lè w kanpe anba yon gwo pyebwa, èske w sa pa fè w ret bouch ouvè lè w ap reflechi ak konbyen tan pyebwa sa a genyen depi l la, petèt depi byen lontan anvan gran gran paran w yo te fèt? Ou gendwa rann ou kont, si w ta rete nan eta w ye antanke moun enpafè a, ou ta ka mouri, moun gentan bliye w, toutpandan pyebwa sa a kontinye egziste. Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova ban nou asirans nou pral viv lontan e nan lapè nan Paradi ki pral vini an (Sòm 37:11, 29)! Gen yon jou ki pral vini kote lavi yon pyebwa ki la depi lontan pral parèt tou kout pou nou, tankou lavi yon ti branch zèb, sa vle di pyebwa sa a ap vini, li prale, toutpandan nou menm n ap kontinye viv pou toutan.

20. Ki fason sitwayen fidèl Wayòm nan pral rive gen yon sante pafè?

20 Yon sante pafè. Jodi a, maladi ak lanmò frape tout moun kèlkeswa kote y ap viv. Nan yon sans, tout moun malad, sa vle di yo tout ap fè fas ak yon maladi lèzòm pa ka geri, anpalan de peche. Se sèl sakrifis ranson Kris la ki ka geri nou anba maladi sa a (Wom. 3:23; 6:23). Pandan Rèy mil an an, Jezi ansanm ak moun ki pral dirije avè l yo pral ede moun yo jwenn tout byenfè sakrifis sa a pote. Tikras pa tikras, yo pral retire tout tras peche ki lakay moun fidèl yo. Lè sa a, pwofesi Izayi a pral reyalize nèt. Men sa pwofesi a di: “Pa gen moun ki abite la k ap di: ‘Mwen malad.’ Moun ki abite nan peyi a se pral moun yo padone fot yo.” ​(Iza. 33:24). Eseye imajine yon moman kote pap gen pèsonn ki avèg, ki soud oswa ki andikape. (Li Izayi 35:5, 6.) Pap gen yon maladi Jezi pap ka geri, kit se maladi fizik, mantal oswa afektif. Sitwayen fidèl Wayòm nan pral gen yon sante pafè.

21. Ki sa k pral rive lanmò, e poukisa pwomès sa a rekonfòte w?

21 Men, ki sa nou ka di konsènan lanmò, ki se konsekans maladi moun pa ka geri a anpalan de peche? Se lanmò ki “dènye ènmi” lèzòm nan, e se yon ènmi towouta tout moun enpafè ap tonbe anba men l (1 Kor. 15:26). Men, èske ènmi sa a se yon ènmi ki twòp pou Jewova? Gade sa Izayi te fè konnen: “Jewova, Souvren Seyè a, ap retire lanmò nèt. L ap siye dlo nan je tout moun.” ​(Iza. 25:8). Èske w ka imajine moman sa a? Pap gen antèman ankò, pap gen simityè ankò e pap gen moun k ap kriye akoz lapenn yo genyen. Okontrè, dlo pral koule nan je nou tèlman n ap kontan, toutpandan Jewova pral akonpli kokennchenn pwomès li te fè pou l fè moun ki mouri yo retounen viv ankò. (Li Izayi 26:19.) Finalman, tout soufrans nou genyen akoz lanmò yo pral disparèt!

22. Ki sa ki pral rive lè Wayòm Mesi a ap fin fè volonte Bondye fèt sou tè a?

22 Nan fen Rèy mil an an, Wayòm nan ap fin fè volonte Bondye sou tè a. Lè sa a, Kris pral remèt Wayòm nan bay Papa l (1 Kor. 15:25-28). Finalman, etandone lèzòm ap vin pafè, y ap pare pou dènye tès la, kote yo pral lage Satan sot nan twou san fon an. Apre sa, Kris pral detwi vye sèpan sa a ak tout akolit li yo (Jen. 3:15; Rev. 20:3, 7-10). Men, tout moun ki renmen Jewova toutbonvre yo pap gen anyen pou yo pè. Petèt, pa gen yon lòt pi bèl pawòl ki ka ede n imajine jan sa pral ye nan epòk sa a pase yon pawòl Bondye te fè ekri nan Bib la. Pawòl sa a se pwomès Bondye te fè moun fidèl yo pou yo gen “libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. — Wom. 8:21.

Wayòm nan pral reyalize tout pwomès Jewova fè konsènan lèzòm ak tè a.

23, 24. a) Ki sa k fè n sèten pwomès Bondye yo ap reyalize kanmenm? b) Ki sa w detèmine pou w fè?

23 Pwomès sa yo pa baze sou yon senp espwa, sou sa n swete oswa sou yon rèv. Nou gen asirans pwomès Jewova yo ap reyalize kanmenm! Sa k fè n di sa? Sonje pawòl Jezi te di nou te pale de yo nan premye chapit liv sa a. Li te anseye disip li yo pou yo priye Jewova konsa: “Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” ​(Mat. 6:9, 10). Wayòm Bondye a se pa yon bagay moun envante. Li se yon reyalite! L ap dirije nan syèl la kounye a. Sa gentan fè 100 an depi l ap reyalize pwomès Jewova te fè yo, e nou ka wè sa aklè nan kongregasyon an. Kidonk, nou kapab gen asirans tout pwomès Jewova yo pral reyalize lè Wayòm Bondye a pral dirije tout tè a!

24 Nou kwè Wayòm Bondye a ap vini. Nou konnen tout pawòl Jewova di nan pwomès li fè yo pral reyalize. Poukisa n di sa? Se paske WAYÒM BONDYE A AP DIRIJE! Kidonk, nou chak ta dwe mande tèt nou: ‘Èske m kite Wayòm nan dirije m?’ Ann fè tout sa n kapab pou n viv antanke sitwayen fidèl Wayòm nan depi kounye a. Konsa, n ap ka jwenn byenfè lefètke Wayòm sa a pafè, li jis e l ap dirije pou toutan gen tan!