Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lèt Kolèj santral la

Lèt Kolèj santral la

Pwoklamatè Wayòm nou renmen anpil la,

IMAJINE W nan jou vandredi 2 oktòb 1914 la, e w fè pati fanmi Betèl Bwouklin nan. Ou chita nan plas ou abitye chita lè maten nan salamanje a. W ap tann pou frè Charles T. Russell antre. Bridsoukou, ou wè pòt salamanje a ouvè epi frè Russell antre. Kòm dabitid, anvan l kòmanse pale, li pran yon ti poz epi l salye fanmi Betèl la ak tout kè l, li di: “Bonjou tout moun.” Men, apre sa, olye l chita tousuit nan tèt tab la, li bat men l epi li bay yon bèl anons. Men sa l di: “Tan janti yo fini, jou wa yo rive nan bout li!” Lè w tande sa, se pa ti kontan w kontan paske w t ap tann moman sa a depi byen lontan! Ou menm ansanm ak tout rès fanmi Betèl la pran bat bravo byen fò pou bèl nouvèl sa a.

Gen plizyè dizèn ane ki gentan pase depi frè Russell te fè gwo deklarasyon sa a. Ki sa Wayòm nan reyalize depi lè sa a? Anpil bagay! Grasa Wayòm nan, tikras pa tikras, Jewova ap rafine pèp li a epi l ap fòme yo. Pèp sa a te anviwon kèk milye moun nan ane 1914, e jodi a, li plis pase 7,5 milyon moun. Ki fason w jwenn byenfè nan fòmasyon sa yo?

Jodi a, byen souvan, nou konn tande frè nou yo k ap di: “Cha selès Jewova a ap vanse pi devan!” E sa yo di a se laverite. Sepandan, lè n pran tan pou n byen li liv sa a, n ap rann nou kont depi ane 1914, cha selès la ki reprezante pati òganizasyon Jewova ki nan syèl la, kontinye ap vanse ak gran vitès. Pou pwoklamatè Wayòm nan te rive preche bon nouvèl la sou tout tè a, yo te sèvi ak plizyè metòd. Pami metòd sa yo te gen jounal, te gen yon seri mach, te gen prezantasyon fim, kat pou bay temwayaj, fonograf, radyo e menm gen Entènèt.

Etandone Jewova beni travay la, sa pèmèt nou pibliye bèl piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la nan plis pase 670 lang jodi a, e tout moun ka jwenn piblikasyon sa yo san lajan. Gen volontè ki dispoze fè sakrifis pou yo patisipe nan konstriksyon Sal Wayòm, Sal asanble ak biwo filyal ni nan peyi ki gen anpil mwayen, ni nan peyi ki pa gen anpil mwayen. Lè gen yon katastwòf ki frape yon kote, frè ak sè ki renmen nou anpil yo kouri pote sekou pou moun ki nan zòn kote katastwòf la pase a. Konsa, yo demontre yo se bonjan frè “ki fèt pou jou malè”. — Pwo. 17:17.

Pafwa, chèf legliz yo ansanm ak lòt opozan yo konn “fè mechanste pase pou lalwa”, men, lafwa nou vin pi djanm lè n wè, se pa ni de ni twa fwa Jewova fè efò y ap fè pou fè nou mal yo vire “nan avantaj bon nouvèl la”. — Sòm 94:20; Fil. 1:12.

Se yon gwo privilèj pou nou travay ansanm avè w, ou menm “domestik” parèy nou. Nou vle fè nou konnen nou renmen nou tout anpil. N ap priye pou enfòmasyon w pral li nan liv sa a ede w vin gen plis apresyasyon pou eritaj espirityèl ou genyen an. — Mat. 24:45.

Frè nou yo,

Kolèj santral Temwen Jewova yo