Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Agoch: Nan fen ane 1930 yo, yon sè nan Eta Alabama, Ozetazini, k ap pase yon diskou ki tou anrejistre frè Rutherford te bay; adwat: Laswis.

SEKSYON 1

Verite Wayòm nan: Bay manje nan domèn espirityèl

Verite Wayòm nan: Bay manje nan domèn espirityèl

OU WÈ je etidyan Labib ou a k ap briye toutpandan w ap esplike l vèsè ou fèk sot li avè l yo. Li di tou dousman: “Èske w vle di Bib la fè konnen nou ka viv pou toutan nan yon paradi sou tè a?” Pwoklamatè ki avè w la souri epi l di: “Bon, sa w wè Bib la di menm?” Avèk kè kontan, etidyan an souke tèt li tèlman l sezi, epi l di: “Mwen pa ka kwè yo pa t janm anseye m sa anvan!” Ou sonje l te di yon bagay konsa tou sa gen kèk semèn lè li te fèk aprann Bondye rele Jewova.

Èske w janm fè yon eksperyans konsa? Sa te rive anpil moun pami pèp Bondye a. Gen kèk bagay ki ka fè n sonje kado ki gen anpil valè nou genyen an: Nou konnen verite a. Sepandan, pran yon ti tan pou w reflechi: Ki jan w te fè vin gen kado sa a? Nan seksyon sa a nou pral jwenn repons pou kesyon sa a. Fason pèp Bondye a te rive jwenn limyè nan domèn espirityèl tikras pa tikras montre aklè Wayòm Bondye a egziste toutbon. Pandan yon syèk, Jezi Kris, Wa a, te fè tout sa l kapab pou l asire l pèp Bondye a te jwenn verite a.

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 3

Jewova fè konnen objektif li

Èske Wayòm nan te fè pati objektif Bondye te genyen okòmansman an? Ki fason Jezi te ede moun yo pi byen konprann Wayòm nan?

CHAPIT 4

Jewova glorifye non l

Ki sa Wayòm nan akonpli grasa non Bondye? Ki sa ou menm ou fè pou w patisipe nan fè non Bondye, ki se Jewova, vin sen?

CHAPIT 5

Wa a fè limyè klere sou Wayòm nan

Li atik sa a pou w pi byen konnen sa w dwe fè pou w viv anba gouvènman Bondye a.