Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Agoch: Fanmi Betèl Bwouklin nan k ap fete Nwèl pou yon dènye fwa nan ane 1926; adwat: Moun yo wè jan Temwen Jewova yo diferan.

SEKSYON 3

Prensip Wayòm nan: Chèche fè sa ki jis nan je Bondye

Prensip Wayòm nan: Chèche fè sa ki jis nan je Bondye

PANDAN w ap pase devan kay vwazen w lan, ou voye men w ba li. Sèjousi, ou remake vwazen w lan ap suiv jan ou menm ak fanmi w ap viv. Li voye men ba ou tou, epi l rele w pou w vin kote l. Men sa l di w: “Èske m ka poze w yon kesyon? Ki sa k fè ou menm ak fanmi w diferan konsa?” Ou mande l: “Ki sa w vle di menm?” Li reponn ou: “Bon, ou se Temwen Jewova, pa vre? Ou pa menm jan ak tout moun. Ou pa aji menm jan ak moun ki nan lòt relijyon yo, pa egzanp, ou pa selebre okenn fèt e w pa mele nan zafè politik ak nan zafè lagè. Pa gen youn nan nou ki fimen. Epi, sanble moun nan fanmi w ap suiv bonjan prensip nan lavi yo. Ki sa k fè n diferan konsa nan plizyè domèn?”

Ou konnen rezon ki fè n diferan an se pa lòt bagay: N ap viv anba dominasyon Wayòm Bondye a. Antanke Wa, Jezi toujou ap rafine nou. L ap ede n suiv li pye pou pye yon fason pou n ka diferan parapò ak moun k ap viv nan monn mechan sa a. Nan seksyon sa a, nou pral wè kòman Wayòm Mesi a kontinye ap rafine pèp Bondye a nan domèn espirityèl ak nan domèn moral, e nou pral wè fason l òganize pèp Bondye a nan objektif pou bay Jewova glwa.

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 10

Wa a rafine pèp li a nan domèn espirityèl

Ki kote kwa a ak fèt Nwèl la soti?

CHAPIT 11

Amelyorasyon ki montre jan Bondye sen

Depi 1914, chanm gad ki nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan ansanm ak pòt antre yo gen yon siyifikasyon espesyal pou pèp Bondye a.

CHAPIT 12

Nou òganize pou n sèvi “Bondye lapè a”

Bib la pa fè konnen kontrè dezòd se lòd, men li fè konnen kontrè dezòd se lapè. Poukisa? Ki efè repons lan gen sou kretyen yo jodi a?