Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Agoch: Yon frè y ap arete paske l ap preche nan vil Eindhoven, nan Peyiba, an 1945; adwat: Nan peyi w ap viv la, èske Leta rekonèt dwa w genyen pou w preche a?

SEKSYON 4

Viktwa Wayòm nan: Nou fè rekonèt bon nouvèl la devan lajistis

Viktwa Wayòm nan: Nou fè rekonèt bon nouvèl la devan lajistis

PANDAN w ap preche kay an kay, ou tande bri yon sirèn delwen. Tikras pa tikras bri a ap vin pi fò. Pandan w kòmanse pale ak yon lòt moun, moun k ap preche avè w la vin distrè lè l wè yon machin polis vin parèt. Gen yon polisye ki desann machin nan epi l vin kote nou, li di n: “Èske se nou menm k ap plede mache kay moun yo pou pale avè yo sou Bib la? Gen plizyè moun ki deja pote plent pou nou!” Ou reponn polisye a avèk respè, epi w idantifye w antanke Temwen Jewova. Ki sa k pral pase annapre?

Sa depann de jan yo konn trete Temwen Jewova yo nan peyi w. Pandan ane ki pase yo, ki jan gouvènman peyi w la te konn trete Temwen Jewova yo? Èske yo kite yo adore Jewova jan yo vle? Si se wi, petèt se paske frè ak sè espirityèl nou yo te travay anpil pandan plizyè dizèn ane ki pase yo, yon fason pou yo ‘defann bon nouvèl la e pou yo fè rekonèt li devan lajistis’. (Fil. 1:7.) Kèlkeswa kote w ap viv, lè w reflechi ak viktwa Temwen Jewova yo ranpòte devan tribinal, sa ka fè lafwa w vin pi solid. Nan seksyon sa a, nou pral egzamine kèk nan kokennchenn viktwa sa yo. Viktwa nou ranpòte yo bay bonjan prèv Wayòm nan egziste toutbon paske nou pa t ap janm ka ranpòte tout viktwa sa yo poukont nou!

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 13

Pwoklamatè Wayòm nan prezante ka yo devan tribinal

Nan epòk nou an, gen kèk jij nan gwo tribinal ki gen menm pwennvi ak Gamalyèl, yon ansyen pwofesè Lalwa.

CHAPIT 14

Yo kontinye soutni gouvènman Bondye a sèlman

Temwen Jewova yo te jwenn èd, yon kote yo pa t panse, kont pèsekisyon ki tankou “rivyè dlo” yo te lage sou do yo paske yo pa mele nan zafè politik.

CHAPIT 15

Yo goumen pou dwa yo genyen pou yo adore

Pèp Bondye a goumen pou dwa yo genyen pou yo obeyi prensip Wayòm nan.