Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Agoch: Èd ki sot nan peyi Laswis yo te voye pou frè nou yo nan peyi Almay, an 1946; adwat: Y ap rekonstwi yon Sal Wayòm nan peyi Japon apre yon sounami, an 2011.

SEKSYON 6

Èd Wayòm nan: Nou konstwi pou nou adore epi nou pote sekou

Èd Wayòm nan: Nou konstwi pou nou adore epi nou pote sekou

PANDAN w ap antre nan Sal Wayòm ou an, ou sezi pou w wè jan bagay yo chanje. Ou te toujou pran plezi pou w vin nan lokal sa a. Ou ka menm sonje bèl moman w te pase lè w t ap patisipe nan konstriksyon an sa gen kèk ane. Men, kounye a, yo vin fè Sal Wayòm nan tounen yon sant sekou. Se pa ti kontan sa fè w kontan lè w wè sa. Sa pa gen twò lontan depi te gen yon gwo tanpèt ki te inonde zòn nan e l te fè anpil dega. San pèdi tan, Komite filyal la te fè yon jan pou fè moun ki viktim yo jwenn manje, rad, dlo pwòp ak lòt bagay ankò. Yo te ranmase don yo te fè pou ede viktim yo, e yo te byen ranje yo. Frè ak sè ki te viktim yo ap antre nan Sal sa a pou yo jwenn sa yo bezwen, e sa te tèlman touche yo, dlo te koule nan je yo.

Jezi te fè konnen, sa k t ap fè moun rekonèt pèp li a, se lanmou yo gen youn pou lòt (Jan 13:34, 35). Nan seksyon sa a, nou pral egzamine jan pwojè konstriksyon ak travay pote sekou Temwen Jewova yo ap fè yo se prèv ki montre yo gen lanmou vrè kretyen yo dwe genyen an. Tout aksyon sa yo ki demontre lanmou bay bonjan prèv se Jezi k ap dirije nou grasa Wayòm nan.

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 18

Fason nou jwenn kòb pou travay Wayòm nan

Ki kote yo jwenn lajan? Ki fason yo sèvi ak kòb yo?

CHAPIT 19

Travay konstriksyon ki bay Jewova glwa

Lokal pou adore Bondye yo fè moun louwe Bondye, men se pa lokal la ki gen plis valè nan je l.

CHAPIT 20

Travay pote sekou a

Ki jan nou fè konnen travay pote sekou a fè pati sèvis sakre n ap bay Jewova a?