Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kantik 139

Anseye yo pou yo kenbe fèm

Anseye yo pou yo kenbe fèm

Telechaje:

(Matye 28:19, 20)

  1. Nou kontan travay ak Jewova,

    Pou’n anseye mouton’l yo.

    Li gide yo chak jou pazapa,

    Yo remèt li lavi yo.

    (REFREN)

    Jewova, tande nou souple,

    Ti mouton yo, se byen’w yo ye.

    Nan non Jezi Kris, n’ap priye’w, n’ap sipliye’w,

    Ede yo tout kenbe byen fèm.

  2. Se chak jou, nou priye’w, o Trèwo,

    Pou lafwa yo pa febli.

    Ou ede nou pou nou pran swen yo,

    Yo vin djanm, yo fè’w plezi.

    (REFREN)

    Jewova, tande nou souple,

    Ti mouton yo, se byen’w yo ye.

    Nan non Jezi Kris, n’ap priye’w, n’ap sipliye’w,

    Ede yo tout kenbe byen fèm.

  3. Nou swete pou yo tout fè’w konfyans,

    Pou yo kwè nan Jezi Kris.

    Si y’andire ak obeyisans,

    Y’ap ka jwenn lavi gratis.

    (REFREN)

    Jewova, tande nou souple,

    Ti mouton yo, se byen’w yo ye.

    Nan non Jezi Kris, n’ap priye’w, n’ap sipliye’w,

    Ede yo tout kenbe byen fèm.