Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kantik 142

Annou preche tout kalite moun

Annou preche tout kalite moun

Telechaje:

(1 Timote 2:4)

  1. Se dezi pa’n pou’n imite Bondye,

    Menm jan avè’l nou pa nan paspouki.

    Li akeyi moun ki sot tout kote,

    Yo obeyi’l, e l’ap ba yo lavi.

    (REFREN)

    Se pa nou menm k’ap chwazi,

    Nou pa gad moun sou figi,

    Mesaj Bondye a tout moun dwe tande.

    Nou ba’l anpil enpòtans,

    N’ap preche avèk pasyans

    Pou moun ki vle ka vin zanmi Bondye.

  2. Nou preche kèlkeswa moun nou jwenn nan.

    Nou pap gade pèsonn sou aparans.

    Si nan kè yo, yo vle fè bon chanjman,

    Pou Jewova, se sa’k gen enpòtans.

    (REFREN)

    Se pa nou menm k’ap chwazi,

    Nou pa gad moun sou figi,

    Mesaj Bondye a tout moun dwe tande.

    Nou ba’l anpil enpòtans,

    N’ap preche avèk pasyans

    Pou moun ki vle ka vin zanmi Bondye.

  3. Jewova ap resevwa ak de bra

    Tout moun ki chwazi pou bay monn nan do.

    Kòm nou konn sa, n’ap gaye mesaj la.

    Nan tout peyi, n’ap enfòme moun yo.

    (REFREN)

    Se pa nou menm k’ap chwazi,

    Nou pa gad moun sou figi,

    Mesaj Bondye a tout moun dwe tande.

    Nou ba’l anpil enpòtans,

    N’ap preche avèk pasyans

    Pou moun ki vle ka vin zanmi Bondye.