Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kantik 146

Se pou mwen nou te fè l

Se pou mwen nou te fè l

Telechaje:

(Matye 25:​34-40)

  1. Jezi gen lòt mouton ki koute’l, ki fidèl.

    Yo soutni frè li yo ki pral viv nan syèl.

    Tout sa’n fè pou’n ede frè’l yo san grate tèt,

    li konsidere sa tankou se yon dèt.

    (REFREN)

    “Si’n te konsole yo, nou te konsole’m,

    Si’n te fè sa pou yo, se pou mwen’n te fè’l.

    Si’n te ede yo, ebyen nou te ede’m.

    Tout sa’n fè pou yo, se pou mwen nou fè’l.

    Si’n te fè sa pou yo, se pou mwen’n te fè’l.”

  2. “Wi, lè mwen te grangou, nou te byen pran swen mwen

    E’n te la bò kote’m lè’m te nan bezwen.”

    Men, lè yo va mande: “Ki lè nou te fè sa?”

    Jezi Kris, Wa yo a, ap di yo konsa:

    (REFREN)

    “Si’n te konsole yo, nou te konsole’m,

    Si’n te fè sa pou yo, se pou mwen’n te fè’l.

    Si’n te ede yo, ebyen nou te ede’m.

    Tout sa’n fè pou yo, se pou mwen nou fè’l.

    Si’n te fè sa pou yo, se pou mwen’n te fè’l.”

  3. “Nou te fidèl avè’m, nou te fè bon travay,

    nou te ede frè’m yo preche ak kouray.”

    Lè sa’ Kris ap di mouton yo ki adwat li:

    “Vin resevwa lavi ki pap janm fini.”