Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 12

Jezi batize

Jezi batize

MATYE 3:13-17 MAK 1:9-11 LIK 3:21, 22 JAN 1:32-34

  • JEZI BATIZE E BONDYE CHWAZI L

  • JEWOVA FÈ KONNEN JEZI SE PITIT LI

Anviwon sis mwa apre Jan ki konn batize moun nan kòmanse preche, Jezi, ki gen anviwon 30 an kounye a, vin kot Jan nan Rivyè Jouden an. Pou ki rezon? Se pa ni yon senp vizit amikal ni se pa paske Jezi enterese konnen fason travay Jan ap fè a ap pwogrese. Jezi vin kot Jan pou Jan batize l.

Lè Jan wè sa, li di Jezi: “Se mwen menm ki bezwen pou w batize m, epi se ou menm k ap vin kote m?” ​(Matye 3:14). Jan konnen Jezi se Pitit espesyal Bondye a. Sonje Jan te sote nan vant manman l, Elizabèt, tèlman li te kontan lè Mari te vin vizite manman l pandan Mari te ansent Jezi! Se sèten Elizabèt, manman Jan, te rakonte l sa annapre. E Jan te aprann gen yon zanj ki te anonse nesans Jezi e gen zanj ki te parèt devan bèje yo nan nuit Jezi te fèt la.

Jan konnen batèm l ap fè a pa pou Jezi paske batèm sa a rezève pou moun ki repanti pou peche yo, men Jezi li menm san peche. Epoutan, malgre Jan pa vle batize Jezi, Jezi ensiste. Li di l: “Kite sa fèt konsa, paske se konsa pou nou akonpli tout sa ki jis.” — Matye 3:15.

Poukisa li apwopriye pou Jezi batize? Jezi pa batize pou l montre li repanti pou peche l. Li batize pou l montre li prezante tèt li pou l fè volonte Papa l (Ebre 10:5-7). Jezi se yon bòs chapant. Men kounye a, moman an rive pou l kòmanse travay Papa l ki nan syèl la te voye l fè sou tè a. Èske w panse Jan atann pou yon bagay espesyal rive pandan l ap batize Jezi?

Ebyen, annapre, Jan fè konnen: “Sila a ki voye m batize moun nan dlo a te di m: ‘Sou moun ou wè lespri a desann e li rete anlè tèt li a, se li menm k ap batize moun nan lespri sen an.’” ​(Jan 1:33). Donk, Jan ap tann pou lespri Bondye desann sou youn nan moun l ap batize yo. Se sa k fè, petèt Jan pa t vrèman sezi lè Jezi sot nan dlo a e li wè “lespri Bondye k ap desann vin sou Jezi sou fòm yon pijon”. — Matye 3:16.

Men, gen yon lòt evènman ki rive nan moman batèm Jezi a. “Syèl la ouvri” pou li. Ki sa sa vle di? Sanble sa vle di, pandan Jezi ap batize, li vin ap sonje ki jan sa te ye lè l t ap viv nan syèl la. Se sa k fè kounye a Jezi vin sonje tout bagay konsènan lavi li t ap mennen antanke Pitit espirityèl Jewova nan syèl la, san wete verite Bondye te anseye l nan syèl la anvan l vin sou tè a.

Anplis de sa, nan moman batèm Jezi, gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.” ​(Matye 3:17). Vwa ki moun sa a? Li pa ka vwa Jezi paske Jezi ansanm avèk Jan. Vwa sa a se vwa Bondye li ye! Li klè, Jezi se Pitit Bondye, se pa li menm ki Bondye.

Li enteresan pou nou remake Jezi se yon moun, yon pitit Bondye gen sou tè a, menm jan ak premye gason an, anpalan de Adan. Apre disip Lik fin pale konsènan batèm Jezi, men sa l ekri: “Lè Jezi te kòmanse travay li t ap fè a, li te gen anviwon 30 an. Selon sa moun yo te kwè, se pitit Jozèf li te ye, e Jozèf se te pitit Eli, [...] pitit David, [...] pitit Abraram, [...] pitit Noye, [...] pitit Adan, [...] pitit Bondye.” — Lik 3:23-38.

Menm jan Adan se te yon moun, yon “pitit Bondye” te gen sou tè a, se menm jan an tou Jezi se yon “pitit Bondye”. Sepandan, lè Jezi batize, li vin gen yon lòt relasyon ak Bondye, li vin Pitit espirityèl li. Se sa k fè, Jezi vin anmezi pou l anseye laverite sou Bondye e pou l montre wout k ap mennen nan lavi a. Jezi kòmanse yon lòt etap nan lavi l k ap pèmèt li bay vi l kòm sakrifis pou l sove limanite anba peche.