Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 14

Jezi kòmanse fè disip

Jezi kòmanse fè disip

JAN 1:29-51

  • PREMYE DISIP JEZI YO

Apre Jezi fin pase 40 jou nan dezè a e anvan li retounen al Galile, l al jwenn Jan, moun ki te batize l la. Pandan Jezi ap pwoche, Jan lonje men l epi li di moun ki la yo: “Gade, men Ti Mouton Bondye a k ap retire peche monn nan! Se de li mwen t ap pale lè m te di: ‘Gen yon moun k ap vini apre m ki pran devan m, paske li te egziste anvan m.’” ​(Jan 1:29, 30). Byenke Jan yon tikras pi gran pase Jezi, li konnen Jezi te egziste anvan l antanke yon espri nan syèl la.

Kèk semèn anvan sa, lè Jezi te vin batize, sanble Jan pa t fin sèten se Jezi ki Mesi a. Jan admèt sa, li di: “Menm mwen menm, mwen pa t konnen l, men, rezon ki fè mwen vin batize moun nan dlo a se pou Izrayèl ka vin konnen l.” — Jan 1:31.

Jan esplike moun k ap koute l yo sa k te pase lè li te batize Jezi, li di yo: “Mwen wè lespri a desann sot nan syèl la sou fòm yon pijon, e li rete anlè tèt li. Menm mwen menm, mwen pa t konnen l, men Sila a ki voye m batize moun nan dlo a te di m: ‘Sou moun ou wè lespri a desann e li rete anlè tèt li a, se li menm k ap batize moun nan lespri sen an.’ Mwen wè sa, e mwen fè konnen aklè moun sa a se Pitit Bondye a.” — Jan 1:32-34.

Nan demen, Jan kanpe avèk de nan disip li yo pandan Jezi ap pwoche yon lòt fwa ankò. Men sa l di: “Men Ti Mouton Bondye a!” ​(Jan 1:36). Lè sa a, de disip Jan ki konn batize moun nan suiv Jezi. Youn nan yo se Andre. Sandout lòt la se moun ki rapòte evènman sa a, li rele Jan tou. Sanble Jan se kouzen Jezi, sa vle di pitit Salome, ki petèt se sè Mari. E mari Salome a rele Zebede.

Pandan Jezi vire gade, li wè Andre ak Jan k ap suiv li, li mande yo: “Ki sa nou vle?”

Yo reponn li: “Rabi, kote w rete?”

Jezi di yo: “Vini, epi n a wè.” — Jan 1:37-39.

Li anviwon katrè nan aprèmidi, e Andre ak Jan pase rès jounen an ak Jezi. Andre tèlman kontan, li kouri al jwenn Simon, frè l la, ki rele Pyè tou epi li di l: “Nou jwenn Mesi a.” ​(Jan 1:41). Andre mennen Pyè bay Jezi. Evènman ki pase annapre yo montre tou, Jan jwenn Jak, frè l la, e li mennen l bay Jezi. Sepandan, Jan pa bay enfòmasyon pèsonèl sa a nan Evanjil li a.

Nan demen, Jezi rankontre Filip, moun Betsayida. Se yon vil ki toupre nò lanmè Galile e se vil kote Andre ak Pyè soti a. Jezi fè Filip envitasyon sa a: “Suiv mwen.” — Jan 1:43.

Ansuit, Filip jwenn Natanayèl, ki rele Batèlmi tou. Filip di l: “Nou jwenn moun Moyiz te ekri sou li nan Lalwa a, moun pwofèt yo te ekri sou li a: se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt.” Natanayèl pa vle kwè, li di Filip: “Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt?”

Filip reponn: “Vini w a wè.” Pandan Natanayèl ap vin jwenn Jezi, Jezi di: “Gade! Men yon Izrayelit ki vrèman pa gen riz nan li.”

Natanayèl mande Jezi: “Ki jan w fè konnen m?”

Jezi reponn: “Mwen te wè w depi anvan Filip te rele w, lè w te anba pye fig frans lan.”

Natanayèl sezi epi li di: “Anseyan, ou se Pitit Bondye a, ou se Wa Izrayèl.”

Jezi di l: “Èske w kwè sa paske m di w mwen te wè w anba pye fig frans lan? Ou gen pou w wè pi gwo bagay pase sa.” Apre sa, Jezi fè yon pwomès, li di: “Anverite m ap di nou sa: N ap wè syèl la ouvè e n ap wè zanj Bondye yo k ap monte desann vin kot Pitit lòm nan.” — Jan 1:45-51.

Yon ti tan apre sa, Jezi ak nouvo disip li yo kite Vale Jouden an pou y al Galile.