Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 25

Li demontre konpasyon pou yon mesye ki gen lèp e li geri l

Li demontre konpasyon pou yon mesye ki gen lèp e li geri l

MATYE 8:1-4 MAK 1:40-45 LIK 5:12-16

  • JEZI GERI YON MESYE KI GEN LÈP

Pandan Jezi ak kat disip li yo ap preche “nan sinagòg yo, nan tout Galile”, nouvèl konsènan bèl bagay l ap fè yo gaye nan tout zòn nan (Mak 1:39). Nouvèl konsènan aktivite Jezi yo rive jis nan yon vil kote yon mesye ki gen lèp abite. Lik, ki se yon doktè, di mesye sa a se yon moun ki “plen lèp sou li”. (Lik 5:12.) Lè maladi repiyan sa a rive nan yon faz avanse, tikras pa tikras li deteryore plizyè pati nan kò moun.

Kidonk, sitiyasyon mesye ki gen lèp la vin grav e yo mande l pou l al viv lwen lòt moun. Mete sou sa, pou l anpeche moun vin toupre l pou yo pa pran maladi a, li te dwe di byen fò: “Mwen pa pwòp! Mwen pa pwòp!” ​(Levitik 13:45, 46). Sepandan, ki sa mesye ki gen lèp la ap fè kounye a? Lè sa a, li pwoche kot Jezi, li lage kò l fas atè, epi li sipliye l, li di: “Seyè, depi w vle, ou ka geri m.” — Matye 8:2.

Se pa ti lafwa mesye a gen nan Jezi! E nou pa bezwen mande jan maladi l la dwe te fè moun pran pitye pou li! Ki sa Jezi pral fè? Si se te ou menm ki sa w t ap fè? Jezi pran pitye pou mesye a, li lonje men l, li touche mesye a, li di: “Wi, mwen vle. Ou geri.” ​(Matye 8:3). Se vre sa ka difisil pou kèk moun kwè, men, lèp la soti menm kote a sou mesye ki malad la.

Èske w pa ta renmen gen yon wa ki gen konpasyon e ki gen pouvwa konsa menm jan ak Jezi? Fason Jezi montre konsiderasyon pou mesye ki gen lèp la ban nou asirans, lè Jezi ap dirije tout tè a antanke wa, pwofesi sa a ki nan Bib la pral akonpli: “L ap gen pitye pou malere a ak moun ki pòv yo, l ap sove lavi moun ki pòv yo.” ​(Sòm 72:13). Vrèmanvre, Jezi ap reyalize dezi li genyen pou l ede tout moun ki nan lapenn.

Menm anvan Jezi te geri mesye ki gen lèp la, travay li t ap fè a te lakòz gwo ajitasyon nan mitan pèp la. Kounye a, moun yo pral tande bèl bagay li fè. Men, Jezi pa vle pou moun yo met lafwa nan li sou sa yo annik tande. Li konnen pwofesi ki di li pa t ap “fè tande vwa l nan lari”, sa vle di pou enpresyone moun (Ezayi 42:1, 2). Se sa k fè Jezi bay mesye ki te gen lèp la lòd sa a: “Pinga w di pèsonn sa, men ale, al fè prèt la wè w, epi bay sakrifis Moyiz te di bay la.” — Matye 8:4.

Sepandan, jan w ka imajine sa, mesye a tèlman kontan li geri, li pa ka pa pale sou sa Jezi sot fè pou li a. Li ale e li kòmanse gaye nouvèl la tout kote, sanble sa te lakòz moun vin tèlman vle wè Jezi li pa t ka antre alèz nan okenn vil, men moun tout kote deplase pou yo vin koute l e pou yo ka jwenn gerizon pou maladi yo genyen.