Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 30

Relasyon Jezi gen ak Papa l

Relasyon Jezi gen ak Papa l

JAN 5:17-47

  • BONDYE SE PAPA JEZI

  • REZIRÈKSYON LI PWOMÈT LA

Lè kèk chèf relijye juif te akize Jezi kòm moun k ap vyole saba paske l te geri yon moun ki gen lèp, li reponn yo: “Papa m kontinye travay jis kounye a, e mwen menm tou, mwen kontinye travay.” — Jan 5:17.

Lè Jezi te fè gerizon an, li pa t vyole lwa Bondye te bay konsènan saba a. Travay predikasyon l lan ak gerizon li t ap fè yo montre li imite Bondye, Sila a k ap fè bon travay la. Se sa k fè Jezi te kontinye fè bon aksyon chak jou. Sepandan, repons Jezi bay Juif yo fè yo vin pi an kòlè toujou, e y ap chèche touye l. Poukisa yo aji konsa?

Nonsèlman chèf relijye yo panse Jezi te vyole saba paske l fè gerizon nan jou sa a, men tou, yo menm fè konnen se yon gwo fot sa ye paske Jezi di li se pitit Bondye. Lefètke Jezi di Bondye se Papa l, yo konsidere sa kòm yon blasfèm paske pou yo menm se kòmsi lè Jezi di Jewova se Papa l, li konsidere tèt li egal ak Bondye. Sepandan, Jezi pa t pè bay yo plis enfòmasyon konsènan relasyon espesyal li gen ak Bondye. Men sa l di yo: “Papa a gen afeksyon pou Pitit la, e li montre l tout bagay li menm li fè.” — Jan 5:20.

Se Papa a ki bay lavi, e li montre sa lè l te bay yon seri moun pouvwa pou yo fè moun ki mouri yo retounen viv ankò. Men sa Jezi di: “Menm jan Papa a leve moun ki mouri yo e li ba yo lavi, se konsa tou Pitit la bay moun li vle lavi.” ​(Jan 5:21). Sa a se yon pawòl ki vle di anpil bagay pou nou e ki ban nou bèl espwa pou lavni! Menm jodi a, Pitit Gason an kontinye ap leve moun ki mouri nan domèn espirityèl yo. Se sa k fè, Jezi di: “Yon moun ki tande pawòl mwen e ki kwè Sila a ki voye m nan gen lavi ki pap janm fini an, e li pa sibi kondanasyon, men li soti nan lanmò pou l vin nan lavi.” — Jan 5:24.

Pa gen okenn kote nan Ekriti yo ki montre Jezi te gentan resisite moun ki te mouri nan moman li t ap pale a, men li fè moun k ap akize l yo konnen gen yon rezirèksyon konsa ki pral fèt. Men sa l di yo: “Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l, e y ap soti.” — Jan 5:28, 29.

Byenke Jezi jwe yon wòl ki enpòtan anpil, li montre aklè li vin apre Papa l lè l te di: “Mwen pa ka deside poukont mwen pou m fè anyen. [...] Se pa volonte pa m m ap chèche fè, men se volonte Sila a ki voye m nan.” ​(Jan 5:30). Sepandan, Jezi pale konsènan wòl enpòtan li jwe nan objektif Bondye, yon objektif nan moman an li potko janm fè konnen an piblik. Men, moun k ap akize Jezi yo konn plis bagay toujou sou li pase sa l sot di yo. Jezi fè yo sonje yo “te voye moun kot Jan [ki konn batize moun nan], e li te bay temwayaj sou laverite”. — Jan 5:33.

Moun k ap akize Jezi yo dwe byen konnen sa gen anviwon dezan depi Jan ki te konn batize moun nan te pale ak chèf relijye juif sa yo konsènan moun k ap vin apre l la, moun yo pale de li antanke “Pwofèt la” e “Kris la”. (Jan 1:20-25.) Pou Jezi fè yo sonje gen yon lè yo te gen anpil konsiderasyon pou Jan ki nan prizon kounye a, li di yo: “Pandan yon ti moman, nou te dispoze rejwi anpil nan limyè li t ap bay la.” ​(Jan 5:35). Sepandan, Jezi rive menm bay yon pi gwo temwayaj pase Jan ki konn batize moun nan.

Men sa Jezi di: “Travay m ap fè yo [sa gen ladan l gerizon li fèk sot fè a] montre se Papa a ki voye m.” Anplis de sa, Jezi di: “Se Papa a ki voye m nan menm ki bay temwayaj sou mwen.” ​(Jan 5:36, 37). Pa egzanp, Bondye te bay temwayaj konsènan Jezi nan moman Jezi t ap batize a. — Matye 3:17.

Vrèmanvre, moun k ap akize Jezi yo pa gen okenn rezon pou yo rejte l. Ekriti moun sa yo swadizan ap fouye yo bay temwayaj sou Jezi. Men ki konklizyon Jezi fè: “Si nou te kwè nan Moyiz, nou t ap kwè nan mwen tou, paske li te ekri bagay ki konsène m. Men, si nou pa kwè sa l te ekri yo, kòman n ap fè kwè sa m di yo?” — Jan 5:46, 47.