Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 31

Yo kase kèk grap ble nan jou saba a

Yo kase kèk grap ble nan jou saba a

MATYE 12:1-8 MAK 2:23-28 LIK 6:1-5

  • DISIP YO KASE KÈK GRAP BLE NAN JOU SABA A

  • JEZI SE “SEYÈ SABA A”

Kounye a, Jezi ak disip li yo ap vwayaje pou y al nan nò Galile. Se sezon prentan, e gen grap ble sou pye nan jaden yo. Disip Jezi yo grangou. Se poutèt sa yo kase kèk grap ble pou yo manje, men, se nan yon jou saba. Farizyen yo wè sa y ap fè a.

Sonje sa pa gen twò lontan depi kèk Juif nan Jerizalèm t ap chèche touye Jezi, paske yo pretann li vyole saba. Kounye a, Farizyen yo vin akize Jezi akoz sa disip li yo sot fè a. Men sa yo di l: “Apa disip ou yo ap fè yon bagay yo pa gen dwa fè nan jou saba a!” — Matye 12:2.

Pou Farizyen yo, yon moun k ap keyi grap ble e k ap fwote yo nan men l pou l manje, se rekòlte l ap rekòlte e se bat l ap bat ble (Egzòd 34:21). Men, entèpretasyon Farizyen yo fè sou sa ki vrèman reprezante travay pandan jou saba a fè jou sa a tounen yon pwa lou, alòske jou sa a dwe yon jou ki bay kè kontan, yon jou kote moun jwenn ankourajman nan domèn espirityèl. Pou Jezi montre pwennvi yo genyen an pa bon, li pran kèk egzanp pou l montre Jewova pa t janm mande pou moun aplike lwa konsènan saba a fason sa a.

Youn nan egzanp Jezi bay yo se egzanp David ak mesye l yo. Lè yo te grangou, yo te pase nan tabènak la e yo te manje pen yo konn prezante devan Bondye yo. Yo te deja retire pen sa yo devan Jewova e yo te ranplase yo ak pen ki fre, e jeneralman, se prèt yo ki te konn manje pen yo te retire yo. Poutan, nan sikonstans sa a, David ak mesye ki te avè l yo pa t koupab poutèt yo te manje pen yo te retire yo. — Levitik 24:5-9; 1 Samyèl 21:1-6.

Jezi bay yon lòt egzanp, li di: “Èske nou pa li nan Lalwa, nan jou saba a, prèt yo fè sèvis nan tanp lan, epoutan yo pa koupab poutèt sa?” Li vle di, menm nan jou saba a, prèt yo touye bèt pou fè sakrifis e yo fè lòt travay nan tanp lan. Jezi di: “Ebyen, m ap di nou sa: Gen yon moun la a ki pi enpòtan pase tanp lan.” — Matye 12:5, 6; Nonb 28:9.

Yon lòt fwa ankò, Jezi sèvi ak Ekriti yo pou l kore sa l ap esplike a, li di: “Si nou te konprann sa sa vle di: ‘Se mizèrikòd mwen vle, se pa sakrifis’, nou pa t ap kondane moun ki inosan.” Men sa li di pou l fini: “Paske, Pitit lòm nan se Seyè saba a.” Jezi ap pale de lapè ki pral genyen pandan mil an li pral fè ap dirije nan Wayòm li an. — Matye 12:7, 8; Oze 6:6.

Sa fè plizyè ane depi limanite ap soufri anba esklavaj terib Satan Ledyab ap fè yo sibi a, e depi vyolans ak lagè ap vale teren. Ala diferan sa pral diferan nan gran saba ki pral genyen anba dominasyon Kris la, kote pral gen repo n ap chèche e nou bezwen an!