Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 35

Diskou anpil moun byen konnen Jezi te bay sou mòn nan

Diskou anpil moun byen konnen Jezi te bay sou mòn nan

MATYE 5:1–7:29 LIK 6:17-49

  • DISKOU SOU MÒN NAN

Jezi dwe fatige apre l fin pase tout yon nuit ap priye anvan l chwazi 12 nan disip li yo kòm apot. Kounye a li jou, men, li toujou gen fòs ak anvi pou l ede moun. Se sa l te fè sou mòn ki Galile a, petèt ki pa twò lwen Kapènawòm, prensipal kote li fè aktivite l.

Gen yon pakèt moun ki vin kote l, yo soti byen lwen. Genyen ki soti nan sid, nan Jerizalèm, e nan zòn ki nan Jide yo. Gen lòt ki soti nan vil Ti ak Sidon ki nan nòdwès e ki se de vil ki bò lanmè. Poukisa yo vin kot Jezi? “Yo tout te vini pou yo tande l e pou l geri yo anba maladi yo genyen.” E se sa k te rive, Jezi “geri yo tout”. Imajine sa! Tout moun ki te malad yo te jwenn gerizon. Jezi te geri menm “moun movèzespri t ap toumante” yo, anpalan de moun zanj mechan, ki gen Satan kòm chèf yo, t ap toupizi yo. — Lik 6:17-19.

Annapre, Jezi monte pi wo nan mòn nan epi foul moun yo rasanble toutotou l, e sanble, se disip li yo, sitou 12 apot yo, ki pi pre l. Moun yo pa ka tann pou yo tande anseyan sa a ki gen pouvwa pou fè gwo mirak sa yo. Jezi te bay yon diskou ki te klè, ki te itil moun ki t ap koute l yo e ki te itil anpil lòt moun ankò. Diskou sa a itil nou tou jodi a, paske nan diskou sa a, Jezi te anseye yon seri verite espirityèl pwofon yon fason ki senp e ki klè. Jezi sèvi ak sa moun yo wè chak jou, ak bagay yo abitye, pou l anseye yo. Konsa, tout moun ki vle mache nan chemen Bondye yo pou yo ka mennen yon pi bon vi te kapab rive konprann sa l ap anseye yo. Ki pwen enpòtan nan diskou Jezi te bay la ki fè diskou sa a gen anpil valè konsa?

KI LÈ YON MOUN GEN KÈ KONTAN TOUBONVRE?

Tout moun ta renmen viv ak kè kontan. Etandone Jezi konn sa byen, nan kòmansman diskou a, li esplike ki lè yon moun gen kè kontan toutbonvre. Nou pa bezwen mande jan sa kapte atansyon foul moun k ap koute l yo! Men, gen kèk nan pawòl li di yo moun yo pa t rive konprann.

Men sa l di: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye, piske Wayòm syèl la se pou yo. Byennere moun ki nan lapenn, piske y ap jwenn konsolasyon. [...] Byennere moun ki swaf pou se sa ki jis ki fèt, piske yo pral satisfè. [...] Byennere moun ki jwenn pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki jis, piske Wayòm syèl la se pou yo. Nou byennere lè moun joure nou, lè yo pèsekite nou, [...] poutèt mwen. Nou mèt rejwi e nou mèt kontan anpil.” — Matye 5:3-12.

Ki sa Jezi te vle di lè l di “byennere”? Jezi pa t ap pale de yon moun ki gen kè kontan, k ap ri pandan l ap pase yon bon moman. Vrè kè kontan an al pi lwen pase sa. Li gen ladan l yon vrè kontantman, se santi nou santi nou satisfè e nou konnen nou akonpli yon bagay nan lavi nou.

Konsa, Jezi montre moun k ap viv ak kè kontan toutbon yo se moun ki rekonèt yo bezwen Bondye, ki tris akoz eta yo antanke pechè, ki vin konnen Bondye e ki sèvi l. Se poutèt sa, menmsi yo rayi yo oubyen yo pèsekite yo paske y ap fè volonte Bondye, yo gen kè kontan piske yo konnen yo fè Bondye plezi e yo konnen Bondye ap ba yo lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans.

Sepandan, anpil moun panse richès ak kouri dèyè plezi se sa k ap fè moun jwenn kè kontan. Se pa sa Jezi di. Li di yon bagay ki depaman ak sa anpil nan moun k ap koute l yo panse, men sa l di: “Malè pou nou, nou menm ki rich, paske nou deja gen tout sa n vle. Malè pou nou, nou menm ki gen tout sa n bezwen kounye a, paske nou pral grangou. Malè pou nou, nou menm k ap ri kounye a, paske nou pral nan lapenn, nou pral kriye. Malè pou nou lè tout moun ap pale an byen de nou, paske se konsa zansèt moun sa yo te fè pou fo pwofèt yo.” — Lik 6:24-26.

Sa k fè moun ki rich, moun k ap ri ak moun yo pale an byen de yo ap jwenn malè? Se paske lè yon moun gen bagay sa yo e li sansib pou yo, li kapab neglije sèvis li ta dwe bay Bondye e lè sa a li pap gen kè kontan. Jezi pa t di depi yon moun pòv oswa l grangou l ap gen kè kontan. Sepandan, se moun ki pa gen anpil avantaj yo ki byen reyaji devan ansèyman Jezi yo e ki rive jwenn vrè kè kontan an.

Toutpandan Jezi te gen disip li yo nan lespri l, men sa l te di: “Nou se sèl pou tè a.” ​(Matye 5:13). Nòmalman, Jezi pa t ap pale de disip li yo kòm sèl moun konn itilize a. Men, li t ap met aksan sou kapasite sèl genyen pou l konsève yon bagay. Yo te konn mete yon bon kantite sèl toupre lotèl ki nan tanp Bondye a e yo te konn mete l nan sakrifis y ap fè. Mete sou sa, sèl reprezante bagay ki san koripsyon oswa bagay ki pa ka dekonpoze (Levitik 2:13; Ezekyèl 43:23, 24). Disip Jezi yo se “sèl pou tè a” nan sans yo ede moun yo pou lavi yo pa gate, sa vle di yo ede yo konnen kòman pou yo evite gen move konduit epi pwoteje relasyon yo ak Bondye. Wi, mesaj yo a kapab pwoteje lavi tout moun ki byen reyaji yo.

Apre sa, Jezi di disip li yo: “Nou se limyè pou monn nan.” Yo pa konn mete lanp anba pànye men yo konn mete yo sou yon pòtlanp, yon kote li ka klere. Se sa k fè Jezi di: “Se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka wè bèl aksyon nou yo e y ap ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa.” — Matye 5:14-16.

LI ANSEYE DISIP LI YO BONJAN PRENSIP

Chèf relijye juif yo konsidere Jezi kòm yon moun k ap vyole Lalwa e sa pa gen twò lontan depi yo te fè konplo pou yo touye l. Se sa k fè men sa Jezi di yo devan tout moun: “Pinga nou panse mwen vini pou m aboli Lalwa oswa pou m aboli pawòl pwofèt yo te ekri yo. Mwen pa vini pou m aboli yo, men mwen vini pou m akonpli yo.” — Matye 5:17.

Vrèmanvre, Jezi gen gwo respè pou Lwa Bondye te bay la e li ankouraje lòt moun pou yo gen menm respè a pou Lwa sa a. Anfèt, li di yo: “Kidonk, kèlkeswa moun ki vyole youn nan kòmandman ki pi piti yo e ki anseye lòt moun pou yo fè menm jan an, y ap rele moun sa a pi piti anrapò ak Wayòm syèl la.” Jezi vle di yon moun konsa pap antre nan Wayòm nan ditou. Men sa l di ankò: “Men, kèlkeswa moun ki obeyi kòmandman sa yo e ki anseye yo, y ap rele l gran anrapò ak Wayòm syèl la.” — Matye 5:19.

Jezi menm kondane mantalite ki ka pouse yon moun vyole Lwa Bondye a. Apre Jezi fin fè remake Lalwa di “nou pa dwe asasinen moun”, Jezi di: “Nenpòt moun ki ret an kòlè kont frè l, l ap gen pou l reponn nan tribinal.” ​(Matye 5:21, 22). Lè yon moun ret an kòlè kont yon lòt se yon bagay ki grav anpil, petèt, sa ka menm fè moun sa a touye moun. Jezi bay yon egzanp pou montre jis nan ki pwen yon moun dwe fè efò pou l fè lapè. Li di: “Donk, si w ap pote ofrann ou devan lotèl la, e pandan w la ou sonje yon frè w gen yon bagay avè w, kite ofrann ou an la, devan lotèl la, epi ale. Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen, w a bay ofrann ou an.” — Matye 5:23, 24.

Gen yon kòmandman nan Lalwa ki kondane adiltè. Men ki kòmantè Jezi fè: “Nou tande yo te di: ‘Nou pa dwe fè adiltè.’ Men mwen menm, men sa m di nou: Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” ​(Matye 5:27, 28). Lè Jezi di sa, li pa jis pale konsènan yon panse imoral ki annik pase konsa nan lespri yon moun, men li vle pale de gwo danje ki genyen lè yon moun “kontinye gade”. Souvan, lè yon moun kontinye aji konsa, sa ka fè l vin gen gwo anvi. Donk, kou okazyon an prezante, gwo anvi sa a ka fè l tonbe nan adiltè. Ki jan yon moun ka bat pou yon bagay konsa pa rive l? Li ka nesesè pou yon moun pran yon seri desizyon fèm, men sa Jezi di: “Se sa k fè, si se je dwat ou k ap fè w peche, rache l, voye l jete byen lwen w. [...] Si se men dwat ou k ap fè w peche, koupe l, voye l jete byen lwen w.” — Matye 5:29, 30.

Gen moun ki dispoze pèdi yon pati nan kò yo ki malad pou yo sove lavi yo. Nou ka konprann sa, selon Jezi, li pi enpòtan toujou pou yon moun voye kèlkeswa bagay la “jete byen lwen l”, menmsi se yon bagay ki gen anpil valè, tankou yon grenn je l oswa yon men l pou l evite panse oswa aji yon fason ki imoral. Jezi fè konnen “li pi bon pou ou pou w pèdi yon pati nan kò w olye pou yo ta lage tout kò w nan Jeyèn nan”. Jeyèn nan se yon kote yo te konn boule fatra pa dèyè miray Jerizalèm, e li reprezante destriksyon etènèl.

Jezi montre tou fason pou nou boule ak moun ki fè nou mechanste oubyen ki ofanse nou. Men sa Jezi di: “Pa kenbe tèt ak yon moun ki mechan. Okontrè, si yon moun ba w yon kalòt sou bò figi dwat ou, vire lòt bò a ba li.” ​(Matye 5:39). Sa pa vle di yon moun pa dwe defann tèt li si yon moun atake l oubyen si yon moun atake fanmi l. Jezi fè konnen yon moun pa bay yon lòt moun kalòt paske l konnen kalòt la ap fè l mal, oswa paske l konnen sa ap touye moun nan, men pito li ba li l pou l imilye l. Konsa, Jezi vle di si yon moun ap chèche goumen ak yon lòt moun oswa l ap chèche joure avè l, kit se yon kalòt li ba li, kit se move pawòl li di l, li pa t ap bon pou l aji kifkif avè l.

Konsèy sa a ann amoni ak lwa Bondye bay pou nou renmen pwochen nou an. Donk, men ki konsèy Jezi bay moun k ap koute l yo: “Kontinye renmen ènmi nou e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou.” Li bay yon gwo rezon ki fè nou dwe fè sa, men sa l di: “Pou nou ka montre nou se pitit Papa nou ki nan syèl la, piske l fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon.” — Matye 5:44, 45.

Men sa Jezi te di pou l rezime pati sa a nan diskou l la: “Kidonk, nou dwe pafè menm jan Papa nou ki nan syèl la pafè.” ​(Matye 5:48). Li klè, Jezi pa vle di yon moun ka vin pafè yon fason total. Men, si moun sa a imite Bondye, li ka rive demontre lanmou menm pou moun ki ènmi l. Men yon lòt fason Jezi esplike sa: “Kontinye gen mizèrikòd, menm jan Papa nou gen mizèrikòd.” — Lik 6:36.

LAPRIYÈ AK KONFYANS NAN BONDYE

Pandan Jezi ap kontinye bay diskou l la, men ki konsèy Jezi bay moun k ap koute l yo: “Fè atansyon pou se pa devan lèzòm n ap pratike sa ki jis, nan entansyon pou nou fè yo wè nou.” Jezi kondane ipokrizi moun k ap fè moun wè yo gen atachman pou Bondye. Li di: “Lè w ap bay kado ki montre w gen mizèrikòd, pa sonnen twonpèt anvan, jan ipokrit yo fè.” ​(Matye 6:1, 2). Li pi bon, lè w ap bay kado ki montre w gen mizèrikòd, pou w pa fè sa pou moun wè.

Apre sa, Jezi di: “Lè n ap priye, pinga nou fè menm jan ak ipokrit yo. Paske, lè y ap priye, yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kafou gran wout yo pou moun ka wè yo.” Men sa li di pou yo fè: “Ou menm, lè w ap priye, antre nan chanm ou, epi lè w fin fèmen pòt ou, priye Papa w moun pa ka wè a.” ​(Matye 6:5, 6). Jezi pa kondane priyè moun fè an piblik, dayè li menm tou li te fè priyè an piblik. Sa li kondane se priyè moun fè yon fason pou enpresyone moun k ap koute yo, dekwa pou moun fè yo konpliman.

Apre sa, Jezi bay foul la konsèy sa a: “Lè n ap priye, pinga nou plede repete menm bagay yo, jan moun ki nan nasyon yo fè sa.” ​(Matye 6:7). Jezi pa vle di li pa bon pou n toujou ap priye sou menm bagay la. Jezi montre li pa bon lè yon moun ap “plede repete” yon pakèt fraz li aprann pa kè, san l pa reflechi ak sa l ap di nan priyè l ap fè a. Se sa k fè li ba yo yon priyè modèl ki gen sèt demann ladan l. Twa premye demann yo ankouraje n pou nou rekonèt dwa Bondye genyen pou l dirije a e yo gen rapò ak objektif li. Nan demann sa yo, nou mande pou non Bondye vin sen, pou Wayòm li an vini, e pou volonte l fèt. Se apre nou fin fè demann sa yo, nou kapab priye pou bagay pèsonèl nou, sètadi pou manje nou bezwen chak jou, pou nou jwenn padon pou peche nou, pou nou pa tante depase sa nou ka sipòte, e pou nou delivre anba mechan an.

Ki enpòtans nou ta dwe bay byen materyèl nou posede yo? Men ankourajman Jezi bay foul la: “Sispann anpile trezò sou tè a, kote ki gen mit ak wouy ki ka wonyen yo, e kote vòlè ka antre pou yo vòlè yo”. Sa a se vre! Nonsèlman trezò sa yo pa la pou toutan, men yo pap ede nou jwenn favè Bondye. Ansuit, Jezi di yo: “Anpile trezò nan syèl la”. Nou kapab fè sa lè nou mete sèvis n ap bay Bondye a an premye plas nan lavi nou. Konsa, pèsonn pap ka fè nou pèdi bon pozisyon nou gen devan Bondye a, e pèsonn pap ka fè n pa jwenn lavi ki pa janm fini an. Pawòl Jezi di yo se yon verite: “Kote trezò w ye, se la kè w ap ye tou.” — Matye 6:19-21.

Jezi kore sa l sot di a ak yon egzanp ki gen anpil fòs. Li di: “Se je ki lanp kò a. Konsa, si je w fikse sou yon sèl bagay, tout kò w ap klere. Men, si je w ap gade toupatou e li chaje ak tanta, tout kò w ap nan fènwa.” ​(Matye 6:22, 23). Lè je nou fonksyone byen, li tankou yon lanp ki klere kò nou. Men pou nou rive fè sa, fòk je nou fikse sou yon sèl bagay sinon nou gendwa vin gen yon move pwennvi sou lavi. Lè nou rete konsantre sou bagay materyèl olye n konsantre sou sèvis n ap bay Bondye a, sa fè ‘tout kò n vin nan fènwa’, petèt sa ka pouse nou aji yon fason ki pa onèt.

Jezi bay yon egzanp pisan, lè l di: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, se swa li rayi youn e li renmen lòt la, oubyen li atache ak youn e li meprize lòt la. Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” — Matye 6:24.

Kèk nan moun ki t ap koute Jezi yo dwe te konn ap enkyete yo konsènan fason yo ta dwe konsidere bagay yo bezwen nan domèn materyèl. Se sa k fè Jezi te ba yo asirans pou yo pa bay tèt yo pwoblèm depi yo mete sèvis y ap bay Bondye a nan premye plas nan lavi yo. Men sa l di yo: “Gade zwazo nan syèl la byen. Yo pa ni simen ni rekòlte, ni yo pa ranmase al met nan depo. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje.” — Matye 6:26.

E ki sa Jezi te di konsènan flè ki nan savann ki nan mòn yo? Men sa l di: “Menm Salomon, nan tout glwa li, pa t konn abiye tankou youn nan yo.” Ki sa Jezi vle di? Men sa l di ankò: “Si Bondye abiye plant ki nan savann ki la jodi a e demen yo pral lage yo nan fou, nou pa bezwen mande si l ap abiye nou tou!” ​(Matye 6:29, 30). Men ki konsèy saj Jezi bay: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou n ap di: ‘Ki sa n ap manje?’, ‘Ki sa n ap bwè?’ oswa: ‘Ki sa n ap met sou nou?’ [...] Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Kidonk, kontinye chèche Wayòm nan an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” — Matye 6:31-33.

FASON NOU KA JWENN LAVI

Apot yo ak lòt moun ki sensè yo vle viv yon fason ki fè Bondye plezi, men li pa fasil pou yo akoz sitiyasyon yo. Pa egzanp, Farizyen yo renmen kritike moun e yo jije moun yon fason ki egzajere. Se sa k fè, men ki konsèy Jezi bay moun k ap koute l yo: “Sispann jije pou yo pa jije nou. Paske, jan nou jije a, se konsa y ap jije nou.” — Matye 7:1, 2.

Nan egzanp ki vin apre a, Jezi montre gen yon danje lè moun suiv egzanp Farizyen yo ki te konn kritike moun yon fason ki egzajere, men sa l di: “Èske yon avèg ka mennen yon lòt avèg? Toule de t ap tonbe nan twou, pa vre?” Kidonk, ki jan moun k ap koute Jezi yo ta dwe konsidere lòt moun? Yo pa dwe mal wè moun paske sa t ap lakòz yon pwoblèm grav. Men sa Jezi di: “Kòman w ka fè di frè w la: ‘Frè m, kite m retire pay ki nan je w la pou ou’, alòske ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa w la? Ipokrit! Retire gwo bout bwa ki nan je w la anvan, apre sa, w a wè klè ki jan pou w retire pay ki nan je frè w la.” — Lik 6:39-42.

Sa pa vle di disip Jezi yo pa dwe sèvi ak bon jijman ditou nan relasyon yo gen ak lòt moun, paske men sa Jezi di yo: “Pa bay chen bagay ki sakre, e pa lage grenn pèl nou devan kochon.” ​(Matye 7:6). Verite ki nan Pawòl Bondye a gen anpil valè. Nan yon sans senbolik yo menm jan ak grenn pèl. Si gen moun ki sanble ak bèt, nan sans yo pa montre okenn konsiderasyon pou verite sa yo ki gen anpil valè, disip Jezi yo dwe kite moun sa yo pou y al chèche moun ki byen reyaji.

Byenke Jezi deja pale konsènan lapriyè nan Diskou sou mòn nan, kounye a, li ensiste sou nesesite pou nou kontinye priye. Men sa l di: “Kontinye mande, e y ap ban nou.” Pou Jezi montre jan Bondye dispoze reponn priyè nou, li mande: “Kiyès nan nou la a, si pitit li mande l yon pen, k ap lonje yon wòch ba li? [...] Kidonk, si nou menm, aktout nou se pechè, nou konnen pou nou bay pitit nou sa k bon, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun bon bagay si yo mande l!” — Matye 7:7-11.

Apre sa, Jezi tabli yon prensip anpil moun konnen: “Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” Èske nou pa ta dwe bay konsèy sa a anpil enpòtans epi pou n aplike l nan relasyon nou ak lòt moun? Sepandan, li ka difisil pou n fè sa, tankou jan enstriksyon Jezi yo montre sa. Men sa l di: “Pase nan pòt ki jis la. Paske, pòt ki mennen nan destriksyon an se yon pòt ki laj, e wout ki mennen nan destriksyon an se yon wout ki gran, e anpil moun pase ladan l. Men, pòt ki mennen nan lavi a se yon pòt ki jis, e wout ki mennen nan lavi a se yon wout ki jennen, e se kèk grenn moun ki jwenn li.” — Matye 7:12-14.

Gen moun ki t ap gen pou eseye rale disip yo sot sou wout ki mennen nan lavi a, se sa k fè Jezi bay avètisman sa a: “Fè atansyon ak fo pwofèt yo k ap vin sou nou ak po mouton sou yo, tandiske se lou voras yo ye pa anndan.” ​(Matye 7:15). Jezi fè konnen nou ka rekonèt bon pyebwa ak move pyebwa yo pa mwayen fwi yo bay. Se menm bagay la tou pou moun. Kidonk, nou kapab rekonèt fo pwofèt yo pa mwayen ansèyman yo ak aksyon yo. Wi, Jezi montre se pa sa yon moun annnik di ki fè li se disip li men se sa moun sa a fè. Gen moun ki fè konnen Jezi se Seyè yo, men e si yo pa fè volonte Bondye? Jezi di: “M ap di yo: ‘Mwen pa t janm konnen nou! Rale kò nou sou mwen, nou menm k ap vyole lalwa.’” — Matye 7:23.

Pou Jezi fini diskou l la, li di pawòl sa yo: “Yon moun ki tande pawòl mwen di la yo e ki obeyi yo ap sanble ak yon moun ki prevwayan ki bati kay li sou wòch karyann. Epi, lapli vide, gwo dlo desann, e van k ap soufle frape kay la ak anpil fòs, men li pa tonbe, paske li te bati sou wòch karyann.” ​(Matye 7:24, 25). Ki sa k fè kay la kanpe? Se paske moun nan “fouye fon pou l fè fondasyon kay la sou wòch karyann”. (Lik 6:48.) Li pa sifi pou nou jis tande pawòl Jezi yo. Nou dwe fè efò pou n “obeyi yo”.

Sepandan, e moun ki ‘tande pawòl li di yo’ men ki “pa obeyi yo”? Moun sa a “sanble ak yon moun sòt ki bati kay li sou sab”. (Matye 7:26.) Lapli, gwo dlo k ap desann ak van kapab lakòz kay sa a kraze.

Foul moun yo te rete bouche ouvè pou fason Jezi anseye nan diskou sa a. Li pa fè sa tankou chèf relijye yo men li fè sa tankou yon moun ki gen otorite. Li posib pou anpil nan moun ki te koute l yo vin disip li.