Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 43

Kèk egzanp konsènan Wayòm nan

Kèk egzanp konsènan Wayòm nan

MATYE 13:1-53 MAK 4:1-34 LIK 8:4-18

  • JEZI BAY KÈK EGZANP KONSÈNAN WAYÒM NAN

Sanble se Kapènawòm Jezi ye lè l reprimande Farizyen yo. Pita, nan menm jou a, li kite kay la, l al bò Lanmè Galile ki pa twò lwen, kote gen gwo foul moun ki rasanble. Lè l rive, li monte nan yon bato, l al yon tikras pi lwen e li kòmanse anseye moun bò lanmè a konsènan Wayòm syèl la. Pou l fè sa, li bay yon seri egzanp oswa parabòl. Moun k ap koute l yo abitye ak anpil nan egzanp oswa parabòl li itilize yo, sa ki fè li pi fasil pou yo rive konprann divès aspè Wayòm nan.

Nan premye egzanp Jezi bay la, li pale de yon moun ki al simen semans. Gen kèk semans ki tonbe bò chemen an, e zwazo manje yo. Gen lòt ki tonbe nan tè ki gen wòch, kote ki pa gen anpil tè. Etandone rasin ti plant ki fèk leve yo pa fon ase, yo seche anba gwo solèy. Gen lòt semans ki tonbe nan mitan pye pikan, e lè pye pikan yo grandi, yo toufe yo. Finalman, gen kèk semans ki tonbe nan bon tè. Semans sa yo donnen, “genyen ki bay 100 fwa lavalè, gen lòt ki bay 60, e gen lòt ki bay 30”. — Matye 13:8.

Nan yon lòt egzanp, Jezi konpare Wayòm nan ak yon moun ki al simen semans. Donk, lè mesye a dòmi e li leve, semans lan pouse “san l pa konn ki jan” l pouse (Mak 4:27). Semans lan pouse poukont li e li donnen, apre sa yo rekòlte sa yo te simen an.

Jezi bay yon twazyèm egzanp konsènan yon moun ki al simen bon semans. Li simen bon semans, men, “pandan tout moun ap dòmi”, yon ènmi vini e li simen move zèb nan mitan ble a. Sèvitè moun ki t al simen semans lan mande l si yo dwe rache move zèb yo. Men, li reponn yo: “Non, dekwa pou nou pa tou rache ble a pandan n ap rache move zèb yo. Kite yo toule de grandi ansanm jiskaske rekòt la rive. Epi, nan sezon rekòt la, m ap di moun k ap rekòlte yo: Rache move zèb yo anvan, mare yo pa pakèt pou nou boule yo. Apre sa, ranmase ble a met nan depo m.” — Matye 13:24-30.

Anpil nan moun ki t ap koute Jezi yo te abitye ak kesyon fè jaden an. Jezi pale tou de yon ti semans yo konnen, anpalan de ti grenn moutad la. Lè l grandi li vin tounen yon gwo pyebwa opwen zwazo nan syèl la ka vin poze sou branch li, e yo ka jwenn kote pou yo abite nan branch li. Men sa Jezi te di konsènan semans sa a: “Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad yon moun pran li plante nan jaden l.” ​(Matye 13:31). Sepandan, Jezi pa t ap bay leson sou plant. Donk, lè Jezi bay egzanp lan, sa te pèmèt yo byen konprann ki jan yon bagay ki tou piti kapab grandi yon fason estrawòdinè.

Apre sa, Jezi te pale de yon bagay anpil nan moun ki t ap koute l yo te abitye avè l. Li te konpare Wayòm syèl la ak “ledven yon fi pran li melanje ak twa gwo mezi farin”. (Matye 13:33.) Se vre, ledven an gendwa pa parèt pou moun wè, men sa pa anpeche li gaye nan tout pat la nèt e li fè l leve. Moun pap kouri wè gwo travay li fè nan pat la ak chanjman li fè yo tousuit.

Apre Jezi fin bay egzanp sa yo, li voye foul moun yo ale e li retounen nan kay kote l rete a. Yon ti tan apre sa, disip li yo vin jwenn li la, yo ta renmen konnen ki sa Jezi te vle di.

YO JWENN BYENFÈ NAN EGZANP JEZI BAY YO

Se vre anvan sa disip yo te konn tande Jezi k ap sèvi ak egzanp pou l anseye, men li pa t janm bay tout egzanp sa yo yon sèl kou. Disip yo mande l: “Poukisa w sèvi ak egzanp pou w pale avèk yo?” — Matye 13:10.

Youn nan rezon ki fè li fè sa se pou l ka akonpli yon pwofesi nan Bib la. Men sa Evanjil Matye a fè konnen: “Li pa t pale avèk yo san l pa sèvi ak egzanp, dekwa pou sa pwofèt la te di a ka reyalize. Li te di: ‘M ap sèvi ak egzanp pou m pale, m ap fè konnen bagay ki te kache depi lè monn nan te fonde.’” — Matye 13:34, 35; Sòm 78:2.

Men, gen yon gwo rezon ki fè Jezi te konn sèvi ak egzanp. Sa te ede l wè atitid moun yo. Sèl sa ki fè pifò moun enterese koute Jezi se paske yo konsidere l kòm yon moun ki fò nan rakonte istwa e ki konn fè mirak. Yo pa konsidere l kòm yon moun ki merite pou yo suiv antanke Seyè e pou yo suiv san se pa avantaj yo wè (Lik 6:46, 47). Moun sa yo pa vle moun vin deranje yo nan fason y ap mennen vi yo oswa nan fason yo wè bagay yo. Yo pa vle mesaj la touche yo jis nan pwen sa a.

Pou Jezi reponn kesyon disip yo poze l la, li di: “Se poutèt sa mwen sèvi ak egzanp pou m pale avèk yo, paske yo gade, men se pou granmesi yo gade, yo tande, men se pou granmesi yo tande, e yo pa konprann sa yo tande a. Pwofesi Ezayi a reyalize sou yo. Men sa l di: ‘[...] Kè pèp sa a vin di.’” — Matye 13:13-15; Ezayi 6:9, 10.

Men, se pa tout moun ki t ap koute Jezi yo ki te konsa. Men sa Jezi di: “Nou byennere paske je nou ap gade, e zòrèy nou ap tande. Paske, anverite m ap di nou sa: Gen anpil pwofèt ak anpil moun ki jis ki te anvi wè bagay n ap gade yo, men yo pa t wè yo, e yo te anvi tande bagay n ap tande yo, men yo pa t tande yo.” — Matye 13:16, 17.

Anfèt, 12 apot yo ak lòt disip fidèl yo pa gen kè di. Se poutèt sa Jezi di yo: “Nou menm, yo pèmèt nou konprann sekrè sakre ki gen rapò ak Wayòm syèl la, men moun sa yo, yo pa fè sa pou yo.” ​(Matye 13:11). Etandone disip yo te sensè e yo ta renmen konprann sa Jezi te anseye yo, li esplike yo egzanp moun k ap simen an.

Jezi fè konnen “semans lan se pawòl Bondye a”, e tè a se kè moun yo (Lik 8:11). Sa se yon pwen enpòtan pou yo ka konprann egzanp lan.

Men sa Jezi esplike konsènan semans ki tonbe bò chemen an: “Dyab la vini, li retire pawòl la nan kè yo pou yo ka pa kwè e pou yo pa sove.” ​(Lik 8:12). Kanta pou semans ki tonbe nan tè ki gen wòch, kote ki pa gen anpil tè anba l la, Jezi fè konnen tè sa a reprezante kè moun ki byen kontan resevwa pawòl la, men pawòl la pa ka pran rasin nan kè moun sa yo. “Kou vin gen tribilasyon oswa pèsekisyon akoz pawòl la”, yo lage sa. Vrèmanvre, “nan moman eprèv”, petèt lè manm fanmi yo oswa lòt moun opoze avèk yo, yo tonbe. — Matye 13:21; Lik 8:13.

E semans ki tonbe nan mitan pye pikan yo? Jezi fè disip li yo konnen sa gen rapò ak moun ki tande pawòl la, men, “tètchaje ki gen nan sistèm sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” pran tèt yo (Matye 13:22). Yo gen pawòl la nan kè yo, men kounye a pawòl la vin toufe e li pa bay fwi.

Dènye kalite tè Jezi pale de li a se bon tè a. Se moun ki tande pawòl la e ki ouvri kè yo pou yo ka konprann vrè sans li genyen. Ki rezilta sa bay? Yo “bay fwi”. Etandone moun sa yo pa nan menm sitiyasyon akoz laj yo oswa sante yo, sa fè yo pa ka bay menm kantite. Genyen ki bay 100 fwa lavalè, gen lòt ki bay 60, e gen lòt ki bay 30. Vrèmanvre, se “moun ki tande pawòl la ak yon kè ki pwòp e ki bon, apre sa, [ki] kenbe pawòl la e [ki] bay fwi avèk andirans” k ap jwenn benediksyon nan sèvis Bondye. — Lik 8:15.

Se pa ti benediksyon disip Jezi yo jwenn lefètke yo te chèche Jezi pou l ba yo esplikasyon sou sa l te anseye yo! Kounye a yo vin pi byen konprann egzanp Jezi te bay yo. Jezi vle yo konprann egzanp li te bay yo pou yo ka pataje verite a ak lòt moun. Men sa Jezi mande yo: “Yo pa vin ak yon lanp pou yo mete l anba yon pànye oswa anba yon kabann, pa vre? Yo vin avè l pou yo mete l sou yon etajè.” Se sa k fè men ki konsèy Jezi bay: “Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande !” — Mak 4:21-23.

YO BENI POUTÈT YO RESEVWA PLIS ANSÈYMAN

Apre disip Jezi yo fin jwenn esplikasyon sou egzanp moun ki al simen semans lan, yo vle aprann plis bagay toujou. Yo di Jezi: “Esplike nou egzanp move zèb nan jaden an.” — Matye 13:36.

Ala diferan atitid disip Jezi yo diferan ak atitid foul moun ki te bò lanmè a! Li klè, moun sa yo pa gen yon dezi sensè pou yo konprann sans egzanp Jezi bay yo ak aplikasyon yo genyen. Men, yo annik kontante yo koute egzanp Jezi te bay yo. Pou Jezi montre jan atitid moun ki t ap koute l bò lanmè yo diferan ak atitid disip li yo ki vin jwenn li pou yo jwenn plis enfòmasyon, li di:

“Byen koute sa n ap tande la a. Ak mezi nou mezire a, se avè l y ap mezire pou nou, wi, y ap ajoute plis sou li pou nou.” ​(Mak 4:24). Disip yo te byen koute sa Jezi te di. Yo te byen mezire bonjan enterè ak atansyon yo t ap bay ansèyman Jezi yo. Kòm benediksyon, sa te fè yo resevwa plis enfòmasyon ak eklèsisman. Se poutèt sa, pou Jezi reponn kesyon disip li yo poze l anrapò ak egzanp ble ak move zèb la, men sa l di:

“Moun ki simen bon semans lan, se Pitit lòm nan. Jaden an, se monn nan. Kanta pou bon semans lan, se pitit Wayòm nan. Men, move zèb yo, se pitit Mechan an, e lènmi ki simen yo a, se Dyab la. Moman rekòt la, se fen sistèm nan, e travayè k ap rekòlte yo, se zanj yo.” — Matye 13:37-39.

Apre Jezi fin bay esplikasyon sou chak pati nan egzanp lan, li esplike sa k pral pase. Li di, nan fen sistèm nan, travayè k ap rekòlte yo, sètadi zanj yo, ap separe “pitit Wayòm nan” ak swadizan kretyen yo ki sanble ak move zèb. “Moun ki jis yo” pral rasanble e yo pral briye nan “Wayòm Papa yo a”. E “pitit Mechan an”? Yo pral detwi yo, sa ki lakòz “yo pral kriye e yo pral manje dan”. — Matye 13:41-43.

Ansuit, Jezi beni disip li yo ak twa lòt egzanp. Toudabò, li di: “Wayòm syèl la tankou yon trezò yo sere nan yon jaden, epi yon mesye jwenn li, li sere l. Li tèlman kontan, l ale li vann tout sa l genyen, e li achte jaden an.” — Matye 13:44.

Men sa li di apre sa: “Wayòm syèl la menm jan ak yon komèsan k ap vwayaje pou l chèche bèl pèl. Lè l jwenn yon pèl ki gen anpil valè, l ale, e tousuit li vann tout sa l genyen, epi l achte l.” — Matye 13:45, 46.

Jezi bay de egzanp pou l esplike enpòtans sa genyen pou yon moun dispoze fè sakrifis pou sa li konnen ki vrèman gen valè. Tousuit, komèsan an vann “tout sa l genyen” pou l jwenn pèl ki gen anpil valè a. Disip Jezi yo ka konprann egzanp sa a ki gen rapò ak pèl ki gen anpil valè a. E mesye ki jwenn trezò yo sere nan yon jaden an “vann tout sa l genyen” pou l ka posede trezò sa a. Nan toude egzanp sa yo, yo pale de yon bagay ki gen anpil valè, yon bagay moun merite jwenn epi ba l anpil enpòtans. Nou ka konpare sa ak sakrifis yon moun fè pou l satisfè bezwen li genyen pou l sèvi Bondye (Matye 5:3). Gen kèk nan moun ki te tande egzanp Jezi te bay yo ki te deja montre yo dispoze fè gwo sakrifis pou yo satisfè bezwen yo genyen pou yo sèvi Bondye a, e pou yo vin vrè disip Jezi. — Matye 4:19, 20; 19:27.

Finalman, Jezi konpare Wayòm syèl la ak yon filè ki pran tout kalite pwason (Matye 13:47). Lè yo fin triye pwason yo, yo voye sa k pa bon yo jete, men yo kenbe sa k bon yo nan yon veso. Donk, Jezi fè konnen se konsa sa ap ye nan fen sistèm nan. Zanj yo ap retire mechan yo nan mitan moun ki jis yo.

Jezi te fè lapèch espirityèl sa a lè l envite premye disip li yo vin “pechè moun”. (Mak 1:17.) Sepandan, li fè konnen lapèch sa a ap fèt alavni, sa vle di “nan fen sistèm nan”. (Matye 13:49.) Donk, apot yo ak lòt disip ki t ap koute Jezi yo te ka santi gen bagay enteresan ki t ap gen pou rive pi devan.

Moun ki te tande egzanp Jezi te bay yo detan l te sou bato a te jwenn anpil byenfè. Jezi te montre li dispoze “esplike disip li yo tout bagay lè l te poukont li avèk yo”. (Mak 4:34.) Li “tankou yon moun, yon mèt kay, ki rale ni bagay ki nèf ni bagay ki la lontan soti nan trezò l genyen”. (Matye 13:52.) Jezi pa t bay egzanp sa yo pou l fè wè li se yon moun ki maton nan anseye, okontrè, li te pataje verite yo, ki tankou trezò ki gen anpil valè, ak disip li yo. Vrèmanvre, li se yon “anseyan” san parèy.