Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 49

Li preche nan Galile e li bay apot yo fòmasyon

Li preche nan Galile e li bay apot yo fòmasyon

MATYE 9:35–10:15 MAK 6:6-11 LIK 9:1-5

  • JEZI FÈ YON LÒT KANPAY PREDIKASYON NAN GALILE

  • LI VOYE APOT YO AL PRECHE

Apre Jezi fin pase anviwon dezan ap preche san pran souf, èske kounye a li pral kòmanse ralanti pou l pran lèz kò l? Non. Okontrè, li preche plis toujou pandan l “pase nan tout vil ak nan tout bouk [nan Galile], li anseye nan sinagòg ki nan zòn sa yo, li preche bon nouvèl Wayòm nan e li geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite”. (Matye 9:35.) Sa l wè pandan kanpay sa a fè l konprann moman sa a se moman pou l preche plis. Men, ki jan l pral rive fè travay sa a?

Tout kote Jezi ale, li rann li kont foul moun yo bezwen gerizon nan domèn espirityèl e yo bezwen rekonfò. Li gen pitye pou yo, paske yo lage tankou mouton ki san bèje e yo depafini. Li di disip li yo: “Wi, rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè. Kidonk, priye Mèt rekòt la pou l voye travayè nan rekòt li a.” — Matye 9:37, 38.

Jezi konnen ki sa l dwe fè. Li rele 12 apot yo, li mete yo de pa de, li fè yo fè sis gwoup e li ba yo enstriksyon. Li di yo: “Pa al kot moun ki nan nasyon yo e pa antre nan okenn vil samariten. Men, ale sèlman kot mouton ki pèdi ki fè pati pèp Izrayèl la. Toutpandan nou prale, preche. Men sa pou nou di: ‘Wayòm syèl la vin pi pre.’” — Matye 10:5-7.

Se menm Wayòm Jezi te pale nan priyè modèl la li te mande disip li yo pou yo preche a. Ekspresyon ‘Wayòm nan vin pi pre’ a vle di Jezi Kris, Wa Bondye chwazi a, prezan. Men, ki sa ki pral pwouve disip li yo reprezante gouvènman sa a? Jezi ba yo pouvwa pou yo geri malad e li menm ba yo pouvwa pou yo resisite moun. Yo t ap fè tout bagay sa yo gratis. Men, ki jan apot yo t apral fè pou yo pran swen tèt yo, tankou pou yo jwenn manje pou yo manje chak jou?

Apre sa, li di disip li yo pou yo pa fè okenn preparasyon nan domèn materyèl pou kanpay predikasyon yo pral fè a. Yo pa bezwen chèche gen ni lò, ni ajan, ni kuiv pou yo mete nan bous. Yo pa menm bezwen pot ni sak pwovizyon, ni de rad oswa sandal pou vwayaj la. Men ki asirans Jezi ba yo: “Ouvriye a merite pou yo ba l manje.” ​(Matye 10:10). Moun ki apresye mesaj la ap byen reyaji e y ap bay disip yo sa y ap gen bezwen. Jezi di yo: “Depi nou antre nan yon kay, rete la jiskaske nou kite zòn nan.” — Mak 6:10.

Apre sa, Jezi ba yo enstriksyon sou sa pou yo fè lè yo rankontre moun nan kay y ap preche mesaj Wayòm nan. Li di yo: “Lè n ap antre nan yon kay, salye moun nan kay la. Si moun nan kay la byen akeyi nou, se pou lapè nou swete yo a vin sou yo. Men, si yo pa byen akeyi nou, se pou lapè nou an retounen vin jwenn nou. Kèlkeswa kote yo pa resevwa nou oswa yo pa koute pawòl nou, lè n ap kite kay sa a oswa vil sa a, souke pye nou pou n retire pousyè ladan l.” — Matye 10:12-14.

Se kapab tout yon vil oswa yon vilaj ki rejte mesaj yo a. Ki sa k ap tann yon kote konsa? Jezi fè konnen jijman k ap tonbe sou yon vil ki ta rejte mesaj yo a ap terib anpil. Men sa l esplike: “Anverite m ap di nou sa: L ap pi fasil pou moun peyi Sodòm ak Gomò yo sipòte nan Jou Jijman an pase pou moun vil sa a.” — Matye 10:15.