Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 50

Li prepare yo pou yo preche menmsi yo jwenn pèsekisyon

Li prepare yo pou yo preche menmsi yo jwenn pèsekisyon

MATYE 10:16–11:1 MAK 6:12, 13 LIK 9:6

  • JEZI BAY APOT YO FÒMASYON EPI LI VOYE YO AL PRECHE

Jezi bay apot li yo bonjan enstriksyon sou fason pou yo fè travay predikasyon an toutpandan y ap preche de pa de. Sepandan, se pa sa sèlman li fè pou yo. Li ba yo avètisman konsènan opozan yo. Men sa l di yo: “Gade! M ap voye nou tankou mouton nan mitan lou. [...] Pran prekosyon nou ak moun yo. Paske, y ap rele nou nan tribinal, e y ap bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo. Epi, y ap mennen nou devan gouvènè, devan wa poutèt mwen.” — Matye 10:16-18.

Malgre gwo pèsekisyon k ap tann disip Jezi yo, men asirans li ba yo: “Lè yo mennen nou devan tribinal, pa enkyete nou pou fason n ap gen pou nou pale oswa pou sa n ap gen pou nou di, paske n ap konnen sa n ap gen pou nou di a lè lè a rive. Paske, se pa nou menm sèlman k ap pale, men se lespri Papa nou k ap pale nan nou.” Men sa Jezi di ankò: “Yon frè pral livre frè l pou yo touye l, e yon papa pral livre pitit li. Pitit ap leve kont manman yo ak papa yo e y ap fè touye yo. Epi, tout moun ap rayi nou poutèt non mwen. Men, moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove.” — Matye 10:19-22.

Se travay predikasyon an ki pi enpòtan. Se poutèt sa Jezi ensiste sou nesesite pou disip li yo pridan dekwa pou yo toujou gen libète pou yo fè travay la. Li di: “Lè yo pèsekite nou nan yon vil, kouri al nan yon lòt. Paske, anverite m ap di nou sa: Nou pap gentan fin pase nan tout vil Izrayèl yo anvan Pitit lòm nan vini.” — Matye 10:23.

Se pa ti enstriksyon, avètisman ak ankourajman Jezi bay 12 apot li yo! Sepandan, li enteresan pou n konnen pawòl sa yo konsène moun ki t ap gen pou patisipe nan travay predikasyon an apre lanmò Jezi ak rezirèksyon l. Sa parèt klè lefètke l te di ‘tout moun t ap rayi’ disip li yo, pa sèlman moun yo te voye apot yo al preche yo. Mete sou sa, nou pa aprann apot yo t al devan ni gouvènè ni wa pandan kanpay predikasyon yo t al fè nan Galile a, ni tou manm fanmi yo pa t livre yo lè sa a pou touye yo.

Li klè, lè Jezi te di apot yo pawòl sa yo li t ap panse ak lavni. Fè yon ti reflechi sou sa Jezi di lè l fè konnen disip li yo pap fini kanpay predikasyon yo a “anvan Pitit lòm nan vini”. Jezi vle di disip li yo pap fini ak travay predikasyon konsènan Wayòm Bondye a anvan Jezi Kris, Wa ki gen glwa a, vini antanke jij Bondye voye.

Pandan apot yo ap fè travay predikasyon an, yo dwe atann y ap jwenn opozisyon. Se sa k fè Jezi di: “Yon disip pa siperyè moun k ap anseye l la, e yon esklav pa siperyè mèt li.” Sa Jezi di a klè. Li te fè fas ak move tretman ansanm ak pèsekisyon paske l t ap preche Wayòm Bondye a e se menm bagay la k ap rive apot yo tou. Men ki ankourajman Jezi ba yo: “Pinga nou pè moun ki ka touye kò a, men ki pa ka touye nanm nan, okontrè, se pou nou pè Sila a ki ka detwi ni nanm nan ni kò a nan Jeyèn nan.” — Matye 10:24, 28.

Jezi se yon egzanp nan sans sa a. Avèk kouraj, li t apral afwonte lanmò olye l montre li pa fidèl anvè Jewova, Sila a ki gen tout pouvwa a. Wi, se Jewova ki kapab detwi “nanm” yon moun (esperans moun nan genyen pou l viv alavni) oubyen se li ki kapab resisite yon moun pou moun nan gen lavi ki pap janm fini an. Se pa ti asirans sa bay apot yo!

Apre sa, pou Jezi ankouraje disip li yo, li itilize yon egzanp ki montre jan Jewova demontre lanmou nan fason li pran swen yo. Li mande yo: “Èske yo pa vann de tikit pou yon ti pyès monnen ki pa gen anpil valè? Epoutan, pa gen youn ladan yo k ap tonbe atè san Papa nou pa konnen. [...] Se sa k fè nou pa bezwen pè, nou gen plis valè pase yon bann tikit.” — Matye 10:29, 31.

Mesaj Wayòm Jezi bay disip li yo preche a pral met divizyon nan mitan moun ki abite nan menm kay, etandone nan yon fanmi ap gen kèk moun k ap aksepte l e gen lòt k ap rejte l. Men sa Jezi esplike yo: “Pinga nou panse se lapè mwen vin met sou latè.” Kidonk, sa mande kouraj pou yon moun nan yon fanmi aplike verite ki nan Bib la. Jezi di: “Yon moun ki gen plis afeksyon pou papa l oswa pou manman l pase m, pa merite pou l disip mwen, e yon moun ki gen plis afeksyon pou pitit gason l oswa pou pitit fi l pase m, pa merite pou l disip mwen.” — Matye 10:34, 37.

Sepandan, gen kèk moun ki t apral byen resevwa disip yo. Men sa Jezi di: “Kèlkeswa moun ki bay youn nan piti sa yo menm yon sèl vè dlo fre pou l bwè poutèt li se disip mwen, anverite m ap di nou sa: Moun sa a pa gendwa pèdi rekonpans li.” — Matye 10:42.

Etandone apot yo te byen ekipe grasa enstriksyon Jezi yo, avètisman l yo ak ankourajman l te bay yo, “y al nan tout tèritwa yo, yo sot nan yon bouk al nan yon lòt, yo t ap anonse bon nouvèl la e yo te geri moun tout kote yo pase”. — Lik 9:6.