Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 53

Yon wa ki gen kontwòl sou fòs ki gen nan lanati

Yon wa ki gen kontwòl sou fòs ki gen nan lanati

MATYE 14:22-36 MAK 6:45-56 JAN 6:14-25

  • MOUN YO VLE FÈ JEZI VIN WA

  • JEZI MACHE SOU DLO, LI KALME VAN

Mirak Jezi te fè pou l bay plizyè milye moun manje a te fè gwo efè sou yo. Yo di “se sèten, se li menm ki Pwofèt ki te gen pou vini nan monn nan”, anpalan de Mesi a, e yo kwè l ap fè yon bon wa (Jan 6:14; Detewonòm 18:18). Se sa k fè yo fè plan pou yo met men sou li pou yo fè l wa.

Men, Jezi vin konnen sa moun yo ap manniganse a. Li voye foul moun yo ale e li mande disip li yo pou yo tounen nan bato yo te ye a. Ki direksyon y ap pran e ki kote yo prale? Yo pran direksyon pou y al Betsayida, epi apre sa, pou y al Kapènawòm. Kanta pou Jezi li menm, l al sou mòn nan poukont li pou l priye nan nuit lan.

Yon ti tan anvan l jou e lalin nan toujou ap klere, Jezi ap gade bato a pandan l nan yon bèl distans. Yon gwo van k ap soufle lakòz gen gwo vag nan lanmè a. Li te difisil pou apot yo “rame, paske van an t ap soufle nan sans kontrè”. (Mak 6:48.) Jezi desann mòn nan e li kòmanse mache sou lanmè a pou l al jwenn yo. Men yo te gentan “fin rame anviwon senk a sis kilomèt konsa”. (Jan 6:19.) Pou disip yo se kòmsi se nan yon vizyon yo wè Jezi, yo vin pè, yo rele byen fò epi yo di: “Se yon aparisyon.” — Mak 6:49.

Pou Jezi fè yo pran kouraj, li di: “Ranmase kouraj nou, se mwen menm. Nou pa bezwen pè.” Men Pyè di l: “Seyè, si se ou, ban m lòd pou m vin jwenn ou sou dlo a.” Jezi reponn li: “Ou mèt vini!” Lè sa a, Pyè sot nan bato a e li kòmanse mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi. Men, lè Pyè wè jan van an fò, li vin pè e l kòmanse plonje nan dlo a. Li rele byen fò: “Seyè, sove m!” Jezi gentan pran men l epi li di l: “Ou manke lafwa. Poukisa w kite dout anvayi w?” — Matye 14:27-31.

Apre Pyè ak Jezi fin retounen nan bato a, van an sispann soufle, epi disip yo sezi. Men, èske yo ta dwe sezi? Si yo te rive konprann “sans mirak li te fè lè li te distribye pen yo”, yon mirak li te fè sa gen kèk jou lè l te bay plizyè milye moun manje, yo pa t ap sezi dèske li mache sou dlo epi li kalme van an. Men kounye a, disip yo rann Jezi omaj e yo di: “Vrèmanvre, ou se Pitit Bondye.” — Mak 6:52; Matye 14:33.

Nan yon ti tan, yo rive Jenezarèt, yon bèl plèn ki bay anpil manje e ki twouve l nan sid Kapènawòm. Pandan yo la, yo jete lank. Men, lè yo desann atè, moun yo rekonèt Jezi epi y al nan tout zòn nan, y al chèche moun ki malad yo mennen ba li. Moun ki malad yo annik touche franj rad Jezi, e yo geri nèt.

Pandan tan sa a, foul moun ki te temwen mirak Jezi te fè pou l bay plizyè milye moun manje yo remake Jezi ale. Se sa k fè, lè ti bato ki sot Tiberyad yo rive, yo monte ladan yo e yo fè vwal pou Kapènawòm pou y al chèche Jezi. Lè yo jwenn li, yo mande l: “Anseyan, ki lè w rive la a?” ​(Jan 6:25). Jezi gen bonjan rezon pou l reprimande yo jan nou pral wè sa.