Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 57

Jezi geri yon tifi epi l geri yon mesye ki soud

Jezi geri yon tifi epi l geri yon mesye ki soud

MATYE 15:21-31 MAK 7:24-37

  • JEZI GERI PITIT FI YON DAM KI SOTI NAN ZÒN FENISI

  • LI GERI YON MESYE KI SOUD E KI BÈBÈ

Apre Jezi fin kondane Farizyen yo pou tradisyon yo suiv ki nan avantaj pa yo, li deplase ak disip li yo. Li pran wout pou l al nan zòn Ti ak Sidon, nan Fenisi, ki nan plizyè kilomèt nan nòdwès.

Jezi jwenn yon kay pou l rete, men li pa vle moun konnen li nan kay la. Epoutan, menm nan zòn sa a Jezi pa ka rete yon kote san moun pa konnen. Gen yon dam, yon grèk ki te fèt nan zòn nan, ki jwenn kote Jezi ye, e li pran sipliye l, li di: “Gen pitye pou mwen, Seyè, Pitit David! Pitit fi m nan gen yon demon sou li k ap malmennen l.” — Matye 15:22; Mak 7:26.

Apre sa, disip Jezi yo di l: “Voye l ale non, paske l ap plede fè bri dèyè nou an.” Jezi fè konnen rezon ki fè l pa reponn dam nan, li di: “Bondye pa t voye m pou lòt moun, li te voye m sèlman pou mouton ki pèdi ki nan pèp Izrayèl la.” Dam nan pa dekouraje. Li pwoche bò kot Jezi, li met ajenou, li di: “Seyè, ede m!” — Matye 15:23-25.

Sanble pou Jezi teste lafwa dam nan, li atire atansyon sou prejije Juif yo genyen nan fason yo konsidere moun ki pa gen menm nasyonalite ak yo. Li di: “Li pa bon pou yo pran pen timoun yo pou yo voye l bay ti chen.” ​(Matye 15:26). Lefètke Jezi di “ti chen”, sa montre kè sansib li genyen pou moun ki pa Juif yo. Ton vwa Jezi ak vizaj li montre jan l gen konpasyon ak kè sansib pou moun ki pa Juif yo.

Olye pou dam nan vekse, li sèvi ak sa Jezi di sou prejije Juif yo genyen an pou l fè yon remak avèk imilite, li di: “Wi, Seyè. Men, ti chen yo konn manje kras pen ki tonbe sot sou tab mèt yo.” Jezi konnen dam sa a gen bon mobil, li di: “Madanm, ou gen anpil lafwa. Se pou sa rive pou ou jan w swete l la.” ​(Matye 15:27, 28). E sa fèt vre! Tifi a te jwenn gerizon menm lè li pa t kot Jezi te ye a. Lè dam nan retounen lakay li, li jwenn pitit fi l la kouche sou kabann nan e li geri nèt, “demon an te soti sou li”. — Mak 7:30.

Jezi ak disip li yo sot Fenisi, yo travèse peyi a, yo pran direksyon pa anwo Rivyè Jouden an. Sanble yo pase nan Rivyè Jouden an, nan zòn nò Lanmè Galile, pou yo antre nan zòn Dekapòl la. Lè yo rive, yo monte nan yon mòn. Men, foul moun yo jwenn yo e yo mennen moun ki bwete, moun ki estwopye, moun ki avèg ak moun ki bèbè bay Jezi. Yo lage yo bò pye Jezi, li geri yo. Moun yo sezi lè yo wè sa e sa fè yo bay Bondye Izrayèl la glwa.

Jezi bay yon mesye ki soud e ki gen lang lou yon atansyon espesyal. Nou pa bezwen mande jan mesye a santi l nan mitan foul moun sa a. Petèt, Jezi remake mesye a santi l malalèz. Se poutèt sa, Jezi deplase ak mesye a sot nan foul la. Lè yo poukont yo, Jezi fè l konprann sa l pral fè pou li a. Li mete dwèt li nan zòrèy mesye a, li krache, epi li touche lang mesye a. Apre sa, Jezi gade syèl la, li pouse yon gwo soupi, epi li di: “Ouvri.” Menm kote a, mesye a vin ka tande ankò, e li vin ka pale nòmal. Jezi pa t vle pou y ap mache pale de sa. Li te vle pou moun yo kwè nan li poutèt sa yo wè ak je yo oswa poutèt sa yo tande ak zòrèy yo. — Mak 7:32-36.

Lè moun yo wè pouvwa Jezi genyen pou l fè mirak sa yo, sa te gen gwo efè sou yo, e “yo te sezi anpil.” Yo t ap di: “Li fè tout bagay byen. Li menm rive fè moun soud tande, e li fè moun ki bèbè pale.” — Mak 7:37.