Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 58

Li fè mirak pou l bay plizyè milye moun pen e li bay avètisman konsènan ledven

Li fè mirak pou l bay plizyè milye moun pen e li bay avètisman konsènan ledven

MATYE 15:32–16:12 MAK 8:1-21

  • JEZI BAY 4 000 GASON MANJE

  • LI AVÈTI DISIP LI YO KONSÈNAN LEDVEN FARIZYEN YO

Gen gwo foul moun ki vide sou Jezi nan Dekapòl la, nan zòn lès Lanmè Galile. Yo vini pou yo koute Jezi e pou l geri maladi yo genyen. Yo vin ak gwo pànye ki gen pwovizyon.

Lè sa a, Jezi di disip li yo: “Mwen gen pitye pou foul moun yo, paske sa deja fè twa jou depi yo la avè m, e yo pa gen anyen pou yo manje. Si mwen voye yo al lakay yo tou grangou, y ap tonbe feblès nan wout la. Paske, gen kèk ladan yo ki soti byen lwen.” Men, disip li yo mande l: “Nan zòn izole sa a, ki kote yon moun ap jwenn ase pen pou l bay moun sa yo manje vant plen?” — Mak 8:2-4.

Jezi mande yo: “Konbyen pen nou gen la a?” Disip yo di: “Sèt pen ak kèk ti pwason.” ​(Matye 15:34). Apre sa, Jezi mande moun yo pou yo chita atè, li pran pen yo ak pwason yo, li priye Bondye, e li lonje yo bay disip li yo pou yo separe. Sa ki etonan, yo tout manje vant plen. Apre sa, lè yo pran rès ki rete yo, yo plen sèt gwo pànye, epoutan te gen anviwon 4 000 gason ki te manje, san konte fi ak timoun!

Jezi voye foul moun yo ale, epi li monte nan yon bato ak disip li yo, e li travèse al Magadan ki sou kòt lwès Lanmè Galile. Se la a Farizyen yo eseye teste Jezi lè yo mande l pou l fè yo wè yon siy ki sot nan syèl la. Fwa sa a yo vin ak moun ki fè pati sèk Sadiseyen an.

Kòm Jezi konnen se teste y ap chèche teste l, li reponn yo: “Lè aswè rive, nou di: ‘Tan an ap bèl, paske syèl la wouj kou dife.’ E nan maten, nou di: ‘Jodi a l ap fè frèt e l ap fè lapli, paske syèl la wouj kou dife, men li sonm.’ Nou konn ki jan pou nou entèprete fason syèl la ye, men nou pa ka entèprete siy tan yo.” ​(Matye 16:2, 3). E li fè Farizyen yo ak Sadiseyen yo konnen li pap ba yo okenn siy eksepte siy Jonas la.

Jezi ak disip li yo ale, yo monte yon bato e yo pran direksyon Betsayida ki sou kòt nòdès lanmè a. Pandan yo nan wout, disip yo rann yo kont yo pa t sonje pote ase pen. Yo te gen sèlman yon pen. Kòm Jezi sonje rankont li fèk gen ak Farizyen yo ak Sadiseyen yo ki patizan Ewòd, li avèti disip li yo, li di yo: “Ouvri je nou, epi veye kò nou ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Ewòd la.” Sanble, disip yo panse l ap pale de bliye yo bliye pote pen. Jezi rann li kont yo pa byen konprann sa l di a, li di yo: “Poukisa n ap fè diskisyon poutèt nou pa pote pen?” — Mak 8:15-17.

Sa pa gen twò lontan, Jezi te fè yon mirak pou l bay plizyè milye moun pen pou yo manje. Donk, disip li yo ta dwe konprann li pa enkyete l poutèt yo pa gen pen moun konn abitye manje a. Men sa li fè yo sonje: “Nou pa sonje? Lè m te kase senk pen pou 5 000 gason yo, konbyen pànye nou te plen ak rès ki te rete yo?” Yo di l: “Douz.” Men sa Jezi di ankò: “E lè m te kase sèt pen pou 4 000 gason yo, ki kantite gwo pànye ki plen ak moso pen nou te ranmase?” Yo di l: “Sèt.” — Mak 8:18-20.

Men sa Jezi mande yo: “Kòman nou fè pa rive konprann se pa de pen mwen t ap pale nou?” epi li di: “Veye kò nou ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Sadiseyen yo.” — Matye 16:11.

Finalman, disip yo rive konprann sa Jezi te vle di a. Ledven se yon bagay ki ka fè pat gonfle e ki ka fè pen leve. Nan ka sa a, Jezi itilize mo ledven an kòm yon senbòl koripsyon. L ap avèti disip li yo konsènan “ansèyman Farizyen yo ak Sadiseyen yo”, ki kapab kòwonp moun. — Matye 16:12.