Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 62

Yon leson enpòtan sou imilite

Yon leson enpòtan sou imilite

MATYE 17:22–18:5 MAK 9:30-37 LIK 9:43-48

  • YON LÒT FWA ANKÒ, JEZI FÈ KONNEN LI PRAL MOURI

  • LI PEYE TAKS AK YON PYÈS MONNEN KI SOT NAN BOUCH PWASON

  • KIYÈS KI PI ENPÒTAN NAN WAYÒM NAN?

Apre moman kote aparans Jezi te chanje a ak lè l te geri jennonm ki te gen demon sou li a nan zòn Sezare Filip, Jezi te met tèt pou Kapènawòm. Li vle fè vwayaj la ak disip li yo san foul moun yo pa “konn sa”. (Mak 9:30.) Konsa, Jezi ap gen plis tan pou l prepare disip li yo pou lanmò l ak travay y ap gen pou yo fè a. Men sa Jezi esplike: “Yo gen pou yo trayi Pitit lòm nan, pou yo livre l nan men lèzòm, e y ap touye l, epi sou twazyèm jou a Bondye ap leve l.” — Matye 17:22, 23.

Pawòl sa a pa ta sipoze bay disip li yo pwoblèm kòmsi se te premye fwa yo tande sa. Jezi te deja fè yo konnen yo pral touye l, byenke Pyè te refize kwè yon bagay konsa ta ka rive (Matye 16:21, 22). E gen twa nan apot li yo ki te wè lè aparans li te chanje a e yo te tande pale de “ale [Jezi] gen pou l ale a”. (Lik 9:31.) Kounye a, disip li yo vin “tris anpil” poutèt sa Jezi di a, menm lè yo pa fin byen konprann tout sans pawòl li a (Matye 17:23). Men, yo toujou pè poze l plis kesyon sou sa.

Finalman, yo rantre Kapènawòm, vil kote Jezi te konn òganize aktivite l la e se nan zòn sa a plizyè nan apot yo soti. Pandan yo la a, mesye yo k ap ranmase enpo pou tanp lan pwoche kot Pyè. Petèt y ap eseye akize Jezi kòmkwa li pa peye taks. Men sa yo mande: “Èske anseyan nou an pa peye enpo pou tanp lan?” — Matye 17:24.

Pyè reponn: “Wi, li peye.” Lè Jezi retounen nan kay la, li gentan konnen sa k sot pase a. Olye pou l tann se Pyè ki pale avè l sou sa, Jezi mande Pyè: “Sa w panse, Simon? Nan men ki moun wa ki sou latè yo resevwa taks oubyen enpo? Nan men pitit yo, oubyen nan men etranje?” Pyè reponn: “Nan men etranje.” Menm kote a Jezi di: “Donk, pitit yo pa gen pou yo peye enpo.” — Matye 17:25, 26.

Piske Papa Jezi se Wa linivè, e se Li menm yo adore nan tanp lan, legalman, Pitit Bondye a pa ta dwe peye enpo pou tanp lan. Men sa Jezi di Pyè: “Men, pou nou pa fè yo pale nou mal, al nan lanmè a, lage zen w, epi premye pwason w pran an, ouvri bouch li, w ap jwenn yon pyès monnen ann ajan [yon estatè oswa kat drak]. Pran l, epi ba yo l pou mwen avè w.” — Matye 17:27.

Yon ti tan apre sa, disip Jezi yo vin ansanm e yo poze Jezi kesyon konsènan kiyès ki pi enpòtan nan Wayòm nan. Anvan sa, yo te pè poze Jezi kesyon konsènan mouri l gen pou l mouri a, men kounye a yo pa pè poze Jezi kesyon konsènan avni pa yo. Jezi konnen sou ki sa y ap panse a. Yo te deja fè gwo diskisyon sou kesyon sa a lè yo t ap mache dèyè Jezi nan vwayaj yo t ap fè pou yo retounen Kapènawòm nan. Se sa k fè, li mande yo: “Sou ki sa nou t ap diskite sou wout la?” ​(Mak 9:33). Disip yo santi yo jennen, yo fè silans, paske yo t ap fè gwo diskisyon antre yo konsènan kiyès pami yo ki pi enpòtan. Finalman, apot yo di Jezi sou ki sa yo t ap pale a, yo di l: “Kiyès ki pi enpòtan nan Wayòm syèl la?” — Matye 18:1.

Apre disip Jezi yo fin pase prèske twazan ap suiv Jezi e y ap tande l, li difisil pou yon moun ta kwè disip li yo ap fè yon diskisyon konsa. Sepandan, yo pa pafè. E yo leve nan yon anviwònman kote moun ki nan relijyon yo bay pozisyon ansanm ak nivo sosyal anpil enpòtans. Anplis de sa, pa gen lontan depi Pyè te tande Jezi te fè l pwomès l ap ba l “kle” Wayòm nan. Èske sa ta ka fè l santi l pi enpòtan? Petèt Jan ak Jak santi yo menm jan an tou, sitou yo te wè lè aparans Jezi te chanje a.

Kèlkeswa rezon an, Jezi sèvi ak yon egzanp ki touchan pou l korije atitid yo genyen an. Li rele yon timoun, li mete l kanpe nan mitan yo, li di disip yo: “Si nou pa chanje pou nou vin tankou timoun piti, nou pa gendwa antre nan Wayòm syèl la. Se sa k fè, nenpòt moun ki rabese tèt li pou l vin tankou tipitit sa a, se li ki pi enpòtan nan Wayòm syèl la. E nenpòt moun ki resevwa yon timoun piti ki tankou timoun sa a poutèt non mwen, se mwen li resevwa tou.” — Matye 18:3-5.

Ala yon bèl metòd Jezi itilize pou l anseye! Jezi pa fè kòlè sou yo e li pa t di yo ava oswa yo gen anbisyon. Olye de sa, li pran egzanp yon timoun pou l anseye yo yon leson. Timoun pa gen gwo pozisyon oswa yo pa parèt enpòtan ditou. Se sa k fè, Jezi montre disip li yo enpòtans pou yo gen menm atitid ak timoun. Pou Jezi fini li ba yo leson sa a: “Yon moun ki aji tankou moun ki gen mwens enpòtans pami nou tout, se li ki enpòtan.” — Lik 9:48.