Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 65

L ap anseye pandan l ap vwayaje pou l al Jerizalèm

L ap anseye pandan l ap vwayaje pou l al Jerizalèm

MATYE 8:19-22 LIK 9:51-62 JAN 7:2-10

  • FASON FRÈ JEZI YO WÈ L

  • JIS NAN KI PWEN TRAVAY WAYÒM NAN ENPÒTAN?

Pandan kèk tan, Jezi te konsantre aktivite l sitou nan Galile, kote li te jwenn plis moun ki te byen reyaji parapò ak jan moun yo te reyaji nan Jide. Anplis de sa, lè li te Jerizalèm li te geri yon mesye nan jou saba a, se sa k fè “Juif [yo] te vin plis ap chèche touye l toujou”. — Jan 5:18; 7:1.

Kounye a, nou nan otòn ane 32 epòk nou an, fèt Tabènak (oswa Tonèl) yo prèske rive. Yo te konn fete fèt sa a pandan sèt jou, e nan uityèm jou a yo te konn fè yon gwo rasanbleman. Yo te konn fè fèt sa a nan fen ane agrikòl la e se te yon moman moun yo te konn kontan e yo te konn remèsye Bondye.

Frè Jezi te genyen bò kot manman yo, anpalan de Jak, Simon, Jozèf ak Jida di l konsa: “Kite isit la pou w al Jide.” Jerizalèm se kote tout moun nan peyi a te konn vini pou yo adore Bondye. Pandan twa ane fèt yo, vil la chaje ak moun. Men sa frè Jezi yo di l: “Pèsonn pap fè anyen an kachèt si l ap chèche fè moun konnen l. Kòm w ap fè bagay sa yo, fè monn nan wè w.” — Jan 7:3, 4.

Nan moman sa a, toule kat frè Jezi bò gen kot manman yo pa “demontre yo gen lafwa nan li” antanke Mesi. Sepandan, yo vle pou foul moun yo ki nan fèt la wè Jezi k ap fè gwo zèv pisans. Piske Jezi konn danje ki gen nan sa, li di yo: “Monn nan pa gen okenn rezon pou l rayi nou, men li rayi m, paske mwen bay temwayaj sou li, mwen fè konnen sa l ap fè yo pa bon. Nou mèt monte nan fèt la. Mwen menm, mwen poko ap monte, paske lè m poko fin rive nèt.” — Jan 7:5-8.

Kèk jou apre frè Jezi yo deplase pou y al asiste fèt la ansanm ak pifò moun ki fè vwayaj la, Jezi ak disip li yo al nan fèt la an kachèt, yo pa kite moun wè yo. Yo pase nan wout ki travèse Samari a olye yo fè wout ki toupre Rivyè Jouden an, kote pifò moun pase. Piske Jezi ak moun ki avè l yo ap bezwen yon kote pou yo fè yon ti rete nan yon bouk nan Samari, li voye kèk moun devan pou y al fè preparasyon. Gen yon kote, moun yo pa t vle resevwa Jezi ak disip li yo oubyen akeyi yo jan yo konn abitye fè sa paske yo te aprann se Jerizalèm yo prale pou fèt juif la. Kòm Jak ak Jan fache, yo di: “Seyè, èske w vle nou mande pou dife sot nan syèl la tonbe sou yo pou detwi yo?” ​(Lik 9:54). Jezi reprimande yo poutèt yo di yon bagay konsa, apre sa, y al yon lòt kote.

Pandan yo nan wout la, gen yon espè nan Lalwa ki di Jezi: “Anseyan, m ap suiv ou kèlkeswa kote w ale.” Jezi reponn li: “Rena yo gen twou yo, e zwazo nan syèl la gen nich yo, men Pitit lòm nan pa gen kote pou l poze tèt li.” ​(Matye 8:19, 20). Jezi fè espè nan Lalwa a konnen l ap jwenn difikilte si l vin disip Li. E pawòl Jezi yo sanble montre espè nan Lalwa a santi l twò enpòtan pou l ta aksepte mennen yon vi konsa. Se sa k fè nou chak dwe mande tèt nou: ‘Jis nan ki pwen mwen dispoze suiv Jezi?’

Jezi di yon lòt mesye: “Suiv mwen.” Mesye a reponn: “Seyè, kite m al antere papa m anvan.” Piske Jezi konnen sitiyasyon mesye a, Jezi di l: “Kite mò yo antere mò yo, men ou menm, al anonse Wayòm Bondye a toupatou.” ​(Lik 9:59, 60). Sanble papa mesye a potko menm mouri, paske si l te mouri li t ap difisil pou l ta la ap pale ak Jezi. Li pa pare pou l mete Wayòm Bondye a an premye nan lavi l.

Pandan yo sou wout pou y al Jerizalèm, gen yon lòt mesye ki di Jezi: “M ap suiv ou, Seyè. Men, anvan sa, kite m al di moun lakay mwen orevwa.” Jezi reponn: “Pa gen yon moun ki mete men l nan yon chari e k ap gade bagay ki dèyè ki merite antre nan Wayòm Bondye a.” — Lik 9:61, 62.

Moun ki vle vin vrè disip Jezi yo dwe fikse je yo sou travay Wayòm nan. Menm jan yon siyon ka vin kwochi si moun k ap laboure a pa kontinye gade dwat devan l, se konsa tou yon moun ki gade dèyè nan sistèm sa a ki la depi lontan an ka kite wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an byen fasil.