Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 76

Jezi ap manje ak yon Farizyen

Jezi ap manje ak yon Farizyen

LIK 11:37-54

  • JEZI KONDANE IPOKRIZI FARIZYEN YO

Pandan Jezi Jide, li aksepte yon envitasyon yon Farizyen fè l pou l manje avè l. Genlè se lajounen repa a te fèt, se pa t nan aswè (Lik 11:37, 38; konpare ak Lik 14:12). Anvan Farizyen yo manje, yo konn fè tout yon seremoni pou yo lave men yo rive jis nan koud. Men, Jezi li menm pa fè sa (Matye 15:1, 2). Tradisyon sa a ki mande pou lave men nan pwen sa a pa vyole Lwa Bondye fè ekri a, sepandan Bondye pa mande moun pou fè sa tou.

Farizyen ki envite Jezi lakay li a sezi poutèt Jezi pa suiv tradisyon sa a. Jezi remake sa epi li di Farizyen an: “Nou menm Farizyen, nou tankou gode ak asyèt yo netwaye pa deyò, men, anndan nou, nou chaje ak tanta ansanm ak mechanste. Bann moun derezonab! Sila a ki fè deyò a se li ki fè anndan an tou, pa vre?” — Lik 11:39, 40.

Pwoblèm nan se pa lefètke yo lave men yo anvan yo manje a, men se paske yo ipokrit. Farizyen yo ak lòt moun ankò lave men yo pou yo suiv koutim, men yo pa lave kè yo ki gen mechanste ladan l. Se sa k fè Jezi ba yo konsèy sa a: “Se pou kè nou pouse nou fè bon bagay pou moun ki pòv yo. Si nou fè sa, tout bagay yo ap vin pwòp pou nou.” ​(Lik 11:41). Se vre! Yo ta dwe bay ak yon kè ki gen lanmou, men se pa pou enpresyone lòt moun yon fason pou yo ka fè moun wè yo se moun ki jis.

Se pa paske mesye sa yo pa konn bay. Men sa Jezi di: “N ap bay yon dizyèm nan mant, nan ri ak nan tout kalite epis, men nou pase sou jistis ak lanmou pou Bondye! Se bagay sa yo nou te dwe fè, san nou pa bliye lòt bagay yo.” ​(Lik 11:42). Lwa Bondye bay Izrayelit yo mande pou yo peye ladim (yon dizyèm) nan sa yo rekòlte nan jaden yo (Detewonòm 14:22). Lwa a te mande pou yo bay mant ak ri ki se ti epis oswa plant yo met nan manje pou bay gou. Farizyen yo toujou veye pou yo peye yon dizyèm nan epis sa yo, men èske pa gen lòt bagay ki pi enpòtan Lalwa mande, tankou fè sa ki dwat epi gen imilite? — Miche 6:8.

Men sa Jezi di yo ankò: “Malè pou nou, Farizyen, paske nou renmen plas devan nan sinagòg yo e nou renmen pou moun salye nou sou plas piblik yo! Malè pou nou, paske nou tankou tonm sa yo ki pa parèt aklè, konsa moun mache sou yo san yo pa konnen!” ​(Lik 11:43, 44). Wi, moun kapab bite sou tonm sa yo e yo ka vin pa pwòp. Jezi di pawòl sa yo pou l montre jan salte Farizyen yo pa parèt aklè. — Matye 23:27.

Gen youn nan moun ki byen konn Lwa Bondye a ki kont sa Jezi di a. Men sa l di: “Anseyan, lè w di bagay sa yo, ou manke nou dega tou.” Men, mesye sa yo bezwen rann yo kont jan yo echwe nan kesyon ede moun yo. Jezi di yo: “Malè pou nou tou, nou menm ki konn Lalwa byen, paske nou chaje moun yo ak chay ki twò lou pou yo pote, men nou menm, nou pa touche l menm ak yon dwèt nou! Malè pou nou, paske nou bati tonm pou pwofèt yo, tandiske se zansèt nou yo ki te touye yo!” — Lik 11:45-47.

Chay Jezi pale de li a se tradisyon moun yo transmèt nan bouch ansanm ak fason Farizyen yo entèprete Lalwa. Olye pou mesye sa yo fè lavi pèp la fasil, yo pito ensiste pou moun yo aplike tout bagay ki tankou chay lou pou yo. Zansèt moun sa yo te kòmanse touye pwofèt Bondye yo depi sou Abèl. Kounye a, yo konstwi tonm pou pwofèt yo pou yo pran pòz y ap onore yo, poutan yo gen menm atitid ak zansèt yo e y ap fè menm aksyon yo te konn fè yo. Yo menm ap chèche touye pi gwo Pwofèt Bondye voye a. Jezi di Bondye pral rann jenerasyon sa a responsab. E sa te vin fèt anviwon 38 an annapre nan ane 70 epòk nou an.

Jezi kontinye pou l di: “Malè pou nou, nou menm ki konn Lalwa byen, paske nou retire kle k ap ouvri pòt konesans lan. Nou menm nou pa antre ladan l, e moun k ap antre yo, nou anpeche yo antre!” ​(Lik 11:52). Mesye sa yo, ki gen responsablite pou anseye moun sans Pawòl Bondye a, pito anpeche pèp la jwenn posiblite pou yo konnen Pawòl la e pou yo konprann li.

Ki jan Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo reyaji? Pandan Jezi ap deplase, yo kòmanse an kòlè kont li e y ap poze l yon pakèt kesyon. Se pa paske yo vle aprann ki fè y ap poze l kesyon men se pou yo te ka pran l nan pyèj yon fason pou l di yon bagay pou yo fè arete l.