Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 80

Bon bèje a ak pak mouton l yo

Bon bèje a ak pak mouton l yo

JAN 10:1-21

  • JEZI PALE DE BON BÈJE A AK PAK MOUTON L YO

Pandan Jezi kontinye ap anseye nan Jide, li atire atansyon sou yon bagay moun k ap koute l yo kapab konprann byen fasil: mouton ak pak mouton. Men, li pa t ap pale nan yon sans literal. Juif yo te ka sonje yon pawòl David te di: “Jewova se Bèje m. Mwen pap manke anyen. Li fè m pran repo kote ki gen anpil zèb.” ​(Sòm 23:1, 2). Men ki envitasyon David te fè nasyon an nan yon lòt sòm: “Annou pwostène devan [Sila a ki fè nou an], annou met ajenou devan l. Paske, li se Bondye nou e nou se pèp ki nan patiraj li.” ​(Sòm 95:6, 7). Vrèmanvre, pandan yon bon valè tan yo te konsidere Izrayelit yo ki anba Lalwa kòm yon twoupo ki nan pak mouton.

“Mouton” sa yo te nan “pak mouton” yo nan sans yo te fèt anba alyans Lalwa ki te fèt pa mwayen Moyiz la. Lalwa te tankou yon mi ki separe yo ak vye bagay moun ki pa t sou Lalwa yo te konn pratike yo. Men, gen kèk Izrayelit ki te maltrete twoupo Bondye a. Men sa Jezi di: “Anverite m ap di nou sa: Yon moun ki pa pase nan pòt la pou l antre nan pak mouton an, men ki grenpe yon lòt kote pou l pase, moun sa a se yon vòlè e se yon dechèpiyè. Men, moun ki pase nan pòt la pou l antre a, se li ki bèje mouton yo.” — Jan 10:1, 2.

Petèt, moun yo t ap panse ak moun ki t ava fè konnen yo se Mesi a, oswa Kris la. Moun sa yo tankou vòlè ak dechèpiyè. Pèp la pa ta dwe suiv mètdam sa yo. Olye de sa, yo ta dwe suiv “bèje mouton yo”. Men sa Jezi di konsènan bèje sa a:

“Moun k ap veye pòt la ouvri pou li, e mouton yo koute vwa l. Li rele mouton l yo nan non yo, e li mennen yo deyò. Lè l fin mennen tout mouton l yo deyò, li pran devan yo, e mouton yo suiv li paske yo konn vwa l. Yo pap janm suiv yon etranje. Okontrè, y ap kouri pou li, paske yo pa konn vwa etranje.” — Jan 10:3-5.

Anvan sa, Jan ki konn batize moun nan, li menm ki tankou yon moun k ap veye pòt la, te fè konnen Jezi se sila a mouton senbolik ki anba Lalwa yo te dwe suiv la. Gen kèk mouton ki nan Galile, e ki la a nan Jide, ki te rekonèt vwa Jezi. L ap “mennen yo deyò” al ki kote? Ki byenfè moun ki suiv li yo ap jwenn? Petèt, kèk nan moun ki te tande egzanp lan te ka ap poze tèt yo kesyon paske “yo pa t konprann sa li t ap di yo a”. — Jan 10:6.

Men sa Jezi esplike: “Anverite m ap di nou sa: Mwen se pòt pou mouton yo pase a. Tout moun ki vini nan plas mwen, se vòlè ak dechèpiyè yo ye, e mouton yo pap koute yo. Mwen se pòt la. Kèlkeswa moun ki pase nan mwen pou l antre nan pak mouton an ap sove. Moun sa a ap antre, l ap soti, e l ap jwenn patiraj.” — Jan 10:7-9.

Sa klè, Jezi vin ak yon nouvo bagay. Moun k ap koute l yo konnen se pa li ki pòt alyans Lalwa a ki la depi plizyè syèk. Donk, li fè konnen l ap “mennen [mouton] yo deyò” pou y al nan yon lòt pak mouton. Ki sa k t ap pase annapre?

Jezi bay plis detay sou wòl li, li di: “Mwen menm, mwen vini pou moun yo ka gen lavi, e pou yo genyen l nètale. Mwen se bon bèje a. Bon bèje a bay lavi l pou mouton yo.” ​(Jan 10:10, 11). Anvan sa, Jezi te ankouraje disip li yo lè l te di yo: “Nou pa bezwen pè, nou menm ti twoupo a, paske Papa nou twouve li bon pou li ban nou Wayòm nan.” ​(Lik 12:32). Anfèt, moun ki fè pati “ti twoupo” a se moun Jezi ap mennen nan nouvo pak la, yon fason pou yo ka “gen lavi, e pou yo genyen l nètale”. Ala yon benediksyon sa ye pou yon moun fè pati twoupo sa a!

Jezi potko fin pale sou sijè a, men sa li fè konnen: “Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Yo menm tou, fòk mwen fè yo antre, y ap tande vwa m, e yo tout ap vin yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje.” ​(Jan 10:16). “Lòt mouton” sa yo “pa nan pak sa a”. Kidonk, yo dwe kanmenm nan yon lòt pak, ki pa menm ak pak “ti twoupo” a ye a, yo menm k ap eritye Wayòm nan. De pak sa yo, oswa de gwoup mouton sa yo, pa pral menm kote. Sepandan, mouton ki nan de pak sa yo ap jwenn byenfè grasa wòl Jezi a. Men sa li di: “Se poutèt sa Papa a renmen m, paske mwen bay lavi m.” — Jan 10:17.

Anpil nan moun ki la yo di: “Li gen yon demon sou li, li pèdi tèt li.” Men, gen lòt ki montre yo t ap byen koute l e yo vle suiv bon bèje a. Yo di: “Pawòl sa yo se pa pawòl yon moun ki gen demon sou li. Èske yon demon ka fè moun ki avèg wè?” ​(Jan 10:20, 21). Yo t ap pale konsènan mirak Jezi te fè anvan an lè l te geri mesye ki te fèt tou avèg la.