Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 81

Li menm ak Papa a se youn, men li pa Bondye

Li menm ak Papa a se youn, men li pa Bondye

JAN 10:22-42

  • “MWEN MENM AK PAPA A, NOU SE YOUN”

  • JEZI PA DAKÒ YO DI LI SE BONDYE

Jezi vin Jerizalèm pou fèt Dedikas la (oubyen Anouka), yon fèt yo selebre poutèt yo te dedye Jewova tanp lan yon lòt fwa ankò. Antyokis IV Epifàn, yon wa siryen, te bati yon lotèl sou gwo lotèl ki te nan tanp lan. Annapre, kèk pitit gason yon prèt juif te repran Jerizalèm e yo te dedye Jewova tanp lan ankò. Depi lè sa a, chak ane, yo selebre fèt Dedikas la 25 Kislèv, yon mwa nan kalandriye juif la ki koresponn ak dezyèm mwatye mwa novanm ansanm ak premye mwatye mwa desanm.

Nou ann ivè e se sezon fredi. Jezi ap mache nan tanp lan sou galri ki rele Kolonad Salomon an. Pandan l la, Juif yo antoure l e yo di l: “Pou konbyen tan w ap kenbe nou sou sispenns? Si w se Kris la, di nou sa aklè.” ​(Jan 10:22-24). Kòman Jezi reyaji? Men sa li di: “Mwen di nou sa, epoutan nou pa kwè.” Jezi pa t di yo dirèkteman se li ki Kris la, menm jan li te di Samaritèn nan sa bò pi a (Jan 4:25, 26). Men anfèt, li te fè konn kiyès li ye lè l te di: “Anvan Abraram te egziste, mwen te la.” — Jan 8:58.

Jezi vle se moun yo ki pou rive wè poukont yo se li ki Kris la lè yo konpare travay li fè ak sa Bib la predi Kris la t ap gen pou l akonpli. Se sa k fè li te bay disip li yo lòd pou yo pa di pèsonn se li ki Mesi a. E se poutèt sa kounye a li di Juif sa yo ki opoze ak li yo: “Bagay m ap fè nan non Papa m yo bay temwayaj sou mwen. Men, nou pa kwè, paske nou pa mouton m.” — Jan 10:25, 26.

Poukisa yo pa kwè se Jezi ki Kris la? Men sa Jezi esplike: “Nou pa kwè, paske nou pa mouton m. Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo, e yo suiv mwen. E mwen ba yo lavi ki pap janm fini an. Yo pa gendwa janm detwi, e pèsonn pa ka rache yo nan men m. Sa Papa m ban mwen yo se bagay ki gen plis valè pase tout lòt bagay.” Donk, Jezi di yo jan li gen yon relasyon sere sere ak Papa l, li di: “Mwen menm ak Papa a, nou se youn.” ​(Jan 10:26-30). Piske Jezi sou tè a e Papa l nan syèl la, sa klè li pa vle di li menm ak Papa l se menm moun nan. Okontrè, li vle di, yo gen menm objektif, yo ini.

Pawòl Jezi yo fè Juif yo fache anpil. Yon lòt fwa ankò, yo ranmase wòch pou yo touye l. Sa pa fè Jezi pè, li di: “Mwen te montre nou anpil bèl bagay Papa m te ban m fè. Pou kiyès ladan yo n ap touye m ak kout wòch la?” Yo reponn: “Se pa pou bèl bagay ou fè n ap touye w ak kout wòch, men se pou move pawòl ou di. Paske, [...] ou fè tèt ou pase pou yon dye.” ​(Jan 10:31-33). Poukisa Juif yo di sa, etandone Jezi pa janm pretann li se yon dye?

Ebyen Jezi fè konnen li gen yon seri pouvwa yo panse se Bondye sèlman ki gen pouvwa sa yo. Pa egzanp, etan Jezi t ap pale de “mouton” l yo, li te di: “Mwen ba yo lavi ki pap janm fini an”, alòske pa gen moun ki ka fè yon bagay konsa (Jan 10:28). Sepandan, Juif yo pa rive konprann Jezi rekonèt aklè se Papa l ki ba l pouvwa li genyen an.

Pou Jezi rejte fo akizasyon yo fè a, li mande: “Èske Bondye pa di nan Lalwa nou an [nan Sòm 82:6]: ‘Mwen di: “Nou se dye”’? Si li rele moun pawòl li kondane yo ‘dye’, [...] èske mwen menm Papa a mete apa pou li a e li voye nan monn nan, n ap di m: ‘Ou blasfeme’ poutèt mwen di: ‘Mwen se Pitit Bondye’?” — Jan 10:34-36.

Piske Ekriti yo rele menm moun ki jij ki enjis yo “dye”, ki peche Juif sa yo wè Jezi fè poutèt li di: “Mwen se Pitit Bondye”? Jezi atire atansyon sou yon bagay ki ta dwe fè yo kwè, li di: “Si se pa sa Papa m ban m fè m ap fè, pa kwè m. Men, si se sa l ban m fè m ap fè, menmsi nou pa kwè m, kwè nan sa m ap fè yo, yon fason pou nou ka konnen Papa a ann inyon avè m e mwen ann inyon ak Papa a, e pou nou ka kontinye kwè sa.” — Jan 10:37, 38.

Lè Jezi fin di sa, Juif yo eseye met men sou li. Men, li chape anba men yo ankò. Li kite Jerizalèm l al pa lòt bò Rivyè Jouden an pou l al kote Jan ki te kòmanse batize moun sa gen prèske katran an. Sanble kote li ale a pa twò lwen kòt sid Lanmè Galile.

Anpil moun vin jwenn Jezi kote sa a, e yo di: “Menm yon mirak Jan pa t fè, men tout sa l te di konsènan mesye sa a se laverite.” ​(Jan 10:41). Konsa, anpil Juif mete lafwa nan Jezi.