Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 86

Pitit gason ki te pèdi a retounen

Pitit gason ki te pèdi a retounen

LIK 15:11-32

  • EGZANP PITIT GASON KI TE PÈDI A

Sanble se pandan Jezi toujou nan lès Pere nan zòn Rivyè Jouden an, li te bay egzanp sou mouton ki te pèdi yo ak drak ki te pèdi yo. Nan de egzanp sa yo, nou aprann nou dwe kontan lè yon moun k ap pratike peche repanti epi retounen vin jwenn Bondye. Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo te kritike Jezi paske li te byen akeyi moun sa yo. Men, èske mesye sa yo te aprann yon bagay nan de egzanp Jezi te bay la? Èske yo te rive konprann jan Papa nou ki nan syèl la santi l lè yon moun k ap pratike peche repanti? Kounye a, Jezi bay yon bèl egzanp pou mete aksan sou leson enpòtan li te deja aprann nou nan de egzanp li te bay yo.

Egzanp li bay kounye a gen rapò ak yon papa ki gen de pitit gason. Se pitit gason ki pi jèn nan ki pèsonaj prensipal nan egzanp sa a. Ni Farizyen yo ni espè nan Lalwa yo, san wete lòt moun ki t ap tande istwa Jezi t ap rakonte a, te dwe kapab aprann nan sa Jezi te di sou pitit gason ki pi jèn nan. Sepandan, nou pa dwe bliye sa Jezi te di sou papa a ak pitit gason ki pi gran an, paske nou ka aprann nan atitid yo toule de te demontre a. Donk, ann egzamine sa Jezi te di sou twa mesye sa yo nan egzanp lan:

Men ki jan Jezi kòmanse istwa a: “Gen yon mesye ki te gen de pitit gason. Pi jèn nan di papa l konsa: ‘Papa, ban m pòsyon byen pa m.’ Vrèmanvre, papa a separe byen li te genyen yo ba yo.” ​(Lik 15:11, 12). Remake se pa paske papa a mouri ki fè pitit gason ki pi jèn nan ap chèche gen pòsyon byen pa l. Papa a toujou vivan. Men, malgre sa, pitit gason sa a vle jwenn pòsyon byen pa l kounye a menm yon fason pou l kapab vin endepandan epi pou l fè sa l vle ak pòsyon pa l la. Ki sa k pase annapre?

Men sa Jezi esplike: “Kèk jou apre, pi jèn nan ranmase tout afè l, li ale nan yon peyi byen lwen, epi l al banboche kote l ale a, li gaspiye tout byen l.” ​(Lik 15:13). Olye li rete lakay li an sekirite ak papa l ki pran swen pitit li e ki ba yo sa yo bezwen, li pito ale nan yon lòt peyi. Nan peyi sa a, li gaspiye tout byen l nan chèche pran plezi nan domèn seksyèl. Jan Jezi fè konn sa, bagay yo vin pi mal pou li. Men sa Jezi di:

“Lè l fin depanse tout lajan l, gen yon gwo grangou ki frape peyi kote l te ye a. Kounye a, li vin nan nesesite. Li menm al travay pou yon sitwayen nan peyi sa a, e misye voye l nan jaden l al gade kochon. Li te anvi plen vant li ak manje kochon yo te konn manje yo. Men, pèsonn pa t ba l anyen pou l manje.” — Lik 15:14-16.

Selon Lwa Bondye te bay la, kochon se yon bèt ki pa pwòp, men malgre sa, pitit gason sa a te oblije gade kochon. Jennonm nan tèlman grangou, li te anvi manje ata manje kochon li t ap gade yo, yon seri manje nòmalman bèt konn manje! Akoz gwo kalamite sa a, “li retounen nan bonsans li”. Ki sa l te fè? Li di tèt li: “Valè travayè papa m genyen ki dwe chaje manje pou yo manje, gade jan m ap mouri grangou isit la! M ap leve, mwen pral jwenn papa m, m ap di l: ‘Papa, mwen peche ni kont Bondye ni kont ou menm. Mwen pa merite pou yo rele m pitit ou ankò. Konsidere m tankou youn nan travayè w yo.’” Apre sa, li leve, li tounen al jwenn papa l. — Lik 15:17-20.

Ki jan papa l pral reyaji? Èske l pral fache sou pitit la epi l ap di pitit la se yon move desizyon l te pran lè l te chwazi kite kay la? Èske papa a pral montre l pa enterese nan li epi l pap byen resevwa l? Si se te ou, ki jan w t ap reyaji? E si se te pitit gason w oswa pitit fi w?

PITIT GASON KI TE PÈDI A RETOUNEN

Jezi di kòman papa a santi l e kòman li aji: “Pandan misye [pitit gason an] nan yon bèl distans, papa a wè l, kè l fè l mal pou li, li kouri, li ba l yon akolad e li bo l avèk tandrès.” ​(Lik 15:20). Petèt papa a te aprann pitit gason l lan t ap mennen yon vi debòch. Epoutan, li akeyi l lakay li. Èske chèf relijye yo ki pretann yo konnen Jewova e y ap adore l rive wè kòman Papa nou ki nan syèl la santi l lè yon moun k ap pratike peche repanti? Anplis de sa, èske yo rekonèt Jezi dispoze akeyi moun menm jan an tou?

Papa a gen bon konprann, e sandout, li te ka wè pitit gason l lan repanti pou jan l te wè figi pitit la parèt tris ak jan l te wè l parèt dekouraje. Men, lefètke lanmou te pouse papa a pran desizyon pou l al rankontre l, sa fè l pi fasil pou pitit li a konfese peche l yo. Men sa Jezi esplike: “Epi, tigason an di papa l: ‘Papa, mwen peche ni kont Bondye ni kont ou menm. Mwen pa merite pou yo rele m pitit ou ankò.’” — Lik 15:21.

Papa a bay esklav li yo lòd: “‘Fè vit! Pran yon wòb long, sa ki pi bèl la, mete l sou li. Met yon bag nan dwèt li e met sandal nan pye l. Epi, vin ak jenn towo bèf nou t ap angrese a, touye l, epi annou manje, annou fete. Paske, pitit gason m nan te mouri, li retounen ap viv ankò. Li te pèdi, nou jwenn li.’ Epi, yo kòmanse fete.” — Lik 15:22-24.

Sepandan, pi gran pitit gason an te nan jaden. Men sa Jezi di sou li: “Etan l ap retounen, lè l rive pre kay la, li tande yon bri mizik ak dans. Lè sa a, li rele youn nan sèvitè yo, epi li mande l sa k genyen. Sèvitè a di l: ‘Frè w la tounen, e papa w touye jenn towo bèf nou t ap angrese a, paske li retounen vin jwenn li an sante.’ Sa w tande a, misye move, li pa vle antre nan kay la. Lè sa a, papa l soti e li kòmanse sipliye l pou l antre. Li reponn papa a: ‘Gade! M ap travay pou ou tankou esklav pandan tout ane sa yo e mwen pa janm dezobeyi lòd ou yon fwa, epoutan, ou pa janm ban m yon ti kabrit pou m pran plezi m ak zanmi m yo. Men, pitit ou a annik vini, li menm ki fin gaspiye byen w yo nan pwostitye, ou touye jenn towo bèf ki byen gra a pou li.’” — Lik 15:25-30.

Èske espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo ki kritike Jezi poutèt li montre mizèrikòd ak atansyon pou moun ki nan mas pèp la ak moun k ap pratike peche yo pa montre yo menm jan ak pi gran pitit gason an? Nou kapab di wi. Etandone yo kritike Jezi poutèt li akeyi moun k ap pratike peche, sa te pouse l bay egzanp sa a. Natirèlman, nenpòt moun ki kritike mizèrikòd Bondye demontre pa ta dwe janm bliye leson sa a.

Pou Jezi fini egzanp lan, li pale de jan papa a byen pale ak pitit gason ki pi gran an, men sa l di: “Pitit gason m, ou te toujou la ansanm avè m, e tout sa m genyen se pou ou. Men, nou dwe fete, nou dwe rejwi, paske frè w la te mouri, li retounen ap viv, li te pèdi, nou jwenn li.” — Lik 15:31, 32.

Jezi pa pale de sa pitit gason ki pi gran an te fè. Sepandan, apre lanmò Jezi ak rezirèksyon l “anpil prèt te vin gen lafwa”. (Travay 6:7.) Petèt, pami yo, gen kèk ladan yo ki te tande bèl egzanp Jezi te bay konsènan pitit gason ki te pèdi a. Vrèmanvre, li te posib pou menm yo menm retounen nan bonsans yo, pou yo repanti epi pou yo retounen vin jwenn Bondye.

Depi jou sa a, disip Jezi yo te kapab sonje leson enpòtan Jezi te bay nan bèl egzanp sa a e se sa yo te dwe fè. Yon premye bagay nou ka aprann sèke olye n al chèche plezi “nan yon peyi byen lwen”, li vrèman saj pou nou rete nan mitan pèp Bondye a, kote nou an sekirite e nou gen yon Papa ki renmen nou, k ap pran swen nou epi k ap ban nou sa n bezwen.

Yon lòt bagay nou ka aprann sèke si nenpòt nan nou ta kite chemen Bondye a, avèk imilite, nou dwe retounen vin jwenn Papa nou an yon fason pou nou ka jwenn favè l ankò.

Nou kapab aprann yon lòt bagay ankò lè nou wè diferans ki genyen ant papa a ak pitit ki pi gran an. Papa a te padone pitit ki te peche a e li te byen akeyi l alòske pitit ki pi gran an pa t padone frè l la e li pa t byen akeyi l. Li klè, sèvitè Bondye yo dwe dispoze pou yo padone yon moun ki te kite bon chemen an, men ki repanti toutbon e ki retounen ‘lakay Papa l’, e yo dwe byen akeyi moun sa a. Se pou nou kontan dèske frè nou an ki “te mouri [...] retounen ap viv” e “nou jwenn” frè nou an ki “te pèdi”.