Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 89

L ap anseye nan zòn Pere pandan l sou wout pou l al Jide

L ap anseye nan zòn Pere pandan l sou wout pou l al Jide

LIK 17:1-10 JAN 11:1-16

  • SE YON BAGAY GRAV LÈ YON MOUN FÈ YON LÒT MOUN PECHE

  • PADONE EPI DEMONTRE LAFWA

Pandan yon tan, Jezi te nan zòn “pa lòtbò Rivyè Jouden an” kote yo rele Pere a (Jan 10:40). Kounye a, li pran wout pou l tounen nan direksyon sid Jerizalèm.

Jezi pa poukont li. Disip li yo ap vwayaje avè l e gen yon “gwo foul moun”, sa gen ladan l pèseptè yo ak tout moun ki t ap pratike peche yo, k ap vwayaje avè l tou (Lik 14:25; 15:1). Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo, k ap kritike Jezi pou sa l ap di ak sa l ap fè, la tou. Yo gen anpil bagay pou yo reflechi sou yo apre yo fin koute egzanp Jezi sot bay konsènan mouton ki pèdi a, pitit gason ki pèdi a ansanm ak mesye ki rich la ak Laza. — Lik 15:2; 16:14.

Jezi konsantre atansyon l sou disip li yo petèt paske moun ki opoze avè l yo ap kritike l e yo gen ògèy. Li pale de kèk pwen li te deja anseye Galile sa pa gen twò lontan.

Pa egzanp, Jezi di: “Ap toujou gen bagay pou fè moun peche. Men, malè pou yon moun si se li menm ki lakòz sa rive! [...] Veye kò nou. Si yon frè w peche kont ou, korije l. Si l repanti, padone l. Menmsi li peche sèt fwa pa jou kont ou, epi li vin kote w sèt fwa, e li di: ‘Mwen regrèt sa m fè a’, ou dwe padone l.” ​(Lik 17:1-4). Petèt dènye pawòl Jezi di a fè Pyè sonje kesyon l te poze Jezi konsènan padone sèt fwa a. — Matye 18:21.

Èske disip Jezi yo kapab aji ann amoni ak pawòl Jezi yo? Lè yo di Jezi: “Ban nou plis lafwa.” Jezi reponn yo: “Si lafwa nou te gwosè yon grenn moutad, nou t ap di gwo pyebwa sa a: ‘Derasinen tèt ou, al plante tèt ou nan lanmè a!’, e li t ap obeyi nou.” ​(Lik 17:5, 6). Wi, menm yon lafwa ki toupiti yon moun genyen ka pèmèt li reyalize gwo bagay.

Pou Jezi montre enpòtans pou moun gen imilite, pou moun wè tèt yo yon fason ekilibre, li di: “Kiyès nan nou la a ki gen yon esklav li k ap travay tè oswa k ap pran swen bèt, epi lè esklav sa a sot nan jaden, k ap di l: ‘Vin isit tousuit, vin chita sou tab pou w manje’? Okontrè, èske l pap di l pito: ‘Al prepare yon bagay pou mwen pou m soupe, epi met yon tabliye sou ou pou w sèvi m jiskaske mwen fin manje e mwen fin bwè, apre sa, ou menm, w ap ka manje e w ap ka bwè’? Èske l ap gen esklav la rekonesans poutèt esklav la fè sa l te dwe fè yo? Menm jan an, nou menm tou, lè nou fin fè tout bagay nou te gen pou nou fè, di tèt nou: ‘Nou se esklav ki pa vo anyen, nou fè sa n te dwe fè.’” — Lik 17:7-10.

Chak sèvitè Bondye dwe konprann enpòtans pou yo mete sèvis Bondye a an premye nan lavi yo. Anplis de sa, yo chak dwe sonje privilèj yo genyen pou yo adore Bondye kòm yon moun k ap sèvi lakay li.

Yon ti tan apre sa, sanble gen yon moun Mari ak Mat voye ki vin parèt. Medam sa yo se sè Laza e y ap viv nan Betani ki nan Jide. Men sa moun nan di: “Seyè, moun ou gen afeksyon pou li a malad.” — Jan 11:1-3.

Byenke Jezi aprann zanmi l lan, Laza, malad grav li pa kite sa fè l vin tris. Olye de sa men sa l di: “Maladi sa a pap mennen nan lanmò, men l ap fè Bondye jwenn glwa, e konsa l ap fè Pitit Bondye a jwenn glwa.” Li fè de jou kote l ye a, apre sa, li di disip li yo: “Ann al Jide ankò.” Yo pa dakò ak sa Jezi di a, yo di: “Anseyan, tou dènyèman la a moun Jide yo t ap chèche touye w ak kout wòch, epi w pral lòtbò a ankò?” — Jan 11:4, 7, 8.

Jezi reponn: “Gen 12 èdtan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li pap bite sou anyen, paske li wè limyè k ap klere monn nan. Men, si yon moun ap mache lannuit, l ap bite, paske pa gen limyè.” ​(Jan 11:9, 10). Sanble li vle di tan Bondye mete pou aktivite l sou tè a poko fini. Pou jis kounye a, Jezi bezwen sèvi omaksimòm ak tout ti rès tan li rete a.

Men sa Jezi di ankò: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men, mwen pral lòtbò a pou m reveye l.” Sanble disip Jezi yo panse Laza jis ap repoze l e l ap reprann li apre, se sa k fè yo di: “Seyè, si se dòmi l ap dòmi, l ap refè.” Avèk franchiz, Jezi di yo: “Laza mouri [...]. Ann al kote l.” — Jan 11:11-15.

Toma konnen yo ka touye Jezi nan Jide, se sa k fè pou l soutni l li di disip parèy li yo: “Ann ale tou, pou nou ka mouri avè l.” — Jan 11:16.