Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 90

‘Rezirèksyon an ak lavi a’

‘Rezirèksyon an ak lavi a’

JAN 11:17-37

  • JEZI RIVE APRE LAZA FIN MOURI

  • ‘REZIRÈKSYON AN AK LAVI A’

Jezi sot Pere, li rive toupre Betani, yon bouk ki gen anviwon twa kilomèt ki separe l ak lès Jerizalèm. Sè Laza yo, Mari ak Mat, nan lapenn pou frè yo a ki fèk mouri, e gen anpil moun ki vin lakay yo pou konsole yo.

Pandan yo nan lapenn nan, gen yon moun ki vin di Mat Jezi nan wout ap vini epi Mat kouri al kot Jezi. Mat di Jezi ki sa li menm ak sè l la t ap di pandan kat jou ki pase yo: “Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.” Sepandan, sa pa vle di li pa gen okenn espwa. Men sa Mat di: “Mwen konnen nenpòt sa w mande Bondye, l ap ba ou l.” ​(Jan 11:21, 22). Kidonk, li santi Jezi ta dwe ede frè l la.

Men sa Jezi di: “Frè w la ap leve.” Mat panse Jezi ap pale konsènan rezirèksyon ki pral fèt alavni sou tè a ki se esperans Abraram ak lòt moun te genyen. E li te montre li kwè sa ap fèt kanmenm. Men sa l di: “Mwen konnen l ap leve nan rezirèksyon k ap fèt nan dènye jou a.” — Jan 11:23, 24.

Kidonk, èske Jezi kapab fè yon bagay tousuit pou soulaje yo nan ka sa a? Pou li fè Mat sonje Bondye ba l pouvwa sou lanmò, li di l: “Yon moun ki demontre lafwa nan mwen, menmsi l mouri, l ap vin gen lavi ankò. E tout moun k ap viv e ki demontre lafwa nan mwen pap janm mouri ditou.” — Jan 11:25, 26.

Jezi pa t vle di disip li yo ki vivan toujou pa t ap janm mouri. Menm li menm li dwe mouri, jan l te di apot yo sa (Matye 16:21; 17:22, 23). Jezi montre lè yon moun demontre lafwa nan li sa ka pèmèt li jwenn lavi ki pap janm fini an. Pou anpil moun, y ap jwenn lavi sa a lè yo resisite. Sepandan, gen anpil moun ki fidèl k ap toujou vivan nan fen sistèm sa a ki gendwa pa janm mouri ditou. Antouka, tout moun ki demontre lafwa nan Jezi yo kapab gen asirans yo pap janm rete nan lanmò nèt.

Men, èske Jezi ki fèk sot di “mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a” kapab ede Laza ki gentan gen kat jou depi l mouri? Jezi mande Mat: “Èske w kwè sa?” Li reponn: “Wi, Seyè. Mwen kwè se ou ki Kris la, Pitit Bondye a, moun ki te gen pou l vin nan monn nan.” Mat gen lafwa Jezi ka toujou fè yon bagay, li kouri al lakay li e li di sè l la an sekrè: “Anseyan an la, men l ap rele w.” ​(Jan 11:25-28). Nan moman sa a, Mari kite lakay li, yon ti tan apre gen lòt moun ki suiv li e yo konnen li pral nan tonm Laza a.

Mari al kot Jezi, li lage kò l nan pye l, li di menm pawòl sè l la te di yo: “Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.” Lè Jezi wè Mari ak foul moun yo k ap kriye, Jezi boulvèse, li vin twouble e li menm kriye. Sa k rive a touche moun yo. Men, gen kèk moun ki mande: ‘Èske Jezi ki te fè avèg la wè pa t ka anpeche mesye sa a mouri?’ — Jan 11:32, 37.