Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 94

Li enpòtan pou n priye e pou n gen imilite

Li enpòtan pou n priye e pou n gen imilite

LIK 18:1-14

  • EGZANP VÈV KI T AP PÈSISTE A

  • FARIZYEN AN AK PÈSEPTÈ A

Jezi te deja bay disip li yo yon egzanp sou enpòtans pou yon moun pèsevere nan lapriyè (Lik 11:5-13). Petèt li Samari oswa li Galile kounye a, e li pale avèk yo ankò sou enpòtans pou yo pa sispann priye. Li sèvi ak egzanp ki vin annapre a pou l pale sou sa:

Men sa l di: “Gen yon vil ki te gen yon jij ki pa t gen lakrentif pou Bondye e ki pa t gen respè pou moun. Nan vil sa a tou, te gen yon vèv ki pa t sispann al kot jij la pou l di l: ‘Fè yon fason pou m jwenn jistis devan advèsè mwen nan litij avè l la.’ Ebyen, pandan yon tan, jij la pa t vle. Men, apre sa, li di tèt li: ‘Byenke mwen pa gen lakrentif pou Bondye, ni mwen pa gen respè pou moun, men kòm vèv sa a pa sispann nui m, m ap fè yon fason pou l jwenn jistis, dekwa pou l pa nui m jis mwen about.’” — Lik 18:2-5.

Men sa Jezi di pou l fè aplikasyon egzanp lan: “Tande sa jij la di, byenke li pa yon moun ki jis! E Bondye menm, èske li pap fè moun li chwazi yo k ap rele nan pye l lajounen kou lannuit yo jwenn jistis, toutpandan l ap pran pasyans avèk yo?” ​(Lik 18:6, 7). Kidonk, ki sa Jezi vle di konsènan Papa l?

Se sèten Jezi pa vle di Jewova tankou jij enjis sa a ditou. Okontrè li vle di si menm yon jij ki enjis ap bay yon moun ki kole nan kò l sa l mande alewè pou Bondye ki jis e ki bon, l ap reponn priyè moun k ap sèvi l yo si yo pa sispann priye l. Nou ka wè sa nan pawòl Jezi pral di la yo: “M ap di nou sa: [Bondye] ap fè yo jwenn jistis byen vit.” — Lik 18:8.

Moun yo pa bay valè yo ak moun ki malere yo pa jwenn jistis, alòske byen souvan se moun ki gen pouvwa ak moun rich yo bay valè. Men Bondye pa konsa li menm. Lè tan Jewova fikse a rive, avèk jistis, li pral fè moun ki mechan yo jwenn pinisyon yo merite e sèvitè l yo yo menm ap jwenn lavi ki pap janm fini an.

Kiyès ki gen lafwa vèv sa a genyen an? Konbyen moun ki kwè toutbon Bondye pral “fè yo jwenn jistis byen vit”? Jezi fèk sot pran yon egzanp pou montre enpòtans pou moun pa sispann priye. Kounye a, antanke moun ki kwè nan pouvwa lapriyè genyen, li mande: “Lè Pitit lòm nan vini, èske vrèmanvre l ap jwenn moun sou tè a ki gen lafwa sa a?” ​(Lik 18:8). Sanble pa gen anpil moun k ap gen yon lafwa konsa lè Kris vini.

Pami moun k ap koute Jezi yo, genyen ki santi yo fyè anpil pou lafwa yo genyen an, yo kwè yo jis toutpandan y ap meprize lòt moun. Men egzanp Jezi bay pou moun sa yo:

“Gen de mesye ki te monte nan tanp lan pou y al priye: youn se te yon Farizyen, e lòt la se te yon pèseptè. Farizyen an kanpe e li kòmanse priye nan kè l, li di: ‘O Bondye, mwen di w mèsi dèske mwen pa tankou lòt moun yo, yon bann moun ki dechèpiyè, ki pa jis, ki nan adiltè, oubyen tankou pèseptè sa a. Mwen fè jèn de fwa pa semèn, mwen bay yon dizyèm nan tout bagay mwen vin genyen.’” — Lik 18:10-12.

Yo konnen Farizyen yo kòm moun ki renmen fè wè yo jis pou yo ka enpresyone moun. Yo renmen fè sa nan jou mache ki gen anpil aktivite yo, anpalan de lendi ak jedi, konsa anpil moun te ka wè yo. Yo peye yon dizyèm menm nan sa k soti nan ti plant (Lik 11:42). Kèk mwa anvan sa, yo te montre jan yo meprize mas pèp la lè yo te di pawòl sa a: “Bann moun sa yo ki pa konn Lalwa a, se yon bann moun modi.” — Jan 7:49.

Jezi kontinye ak egzanp lan: “Men, pèseptè a te kanpe nan yon distans, li pa t menm vle leve je l gade syèl la, li pa t sispann frape men l sou lestomak li, li t ap di: ‘O Bondye, gen pitye pou mwen. Mwen se yon pechè.’” Vrèmanvre, pèseptè a te gen imilite e li te rekonèt peche l, se sa k fè pou Jezi fini egzanp lan, li di: “M ap di nou sa: Mesye sa a desann lakay li pi jis nan je Bondye pase Farizyen sa a. Paske, nenpòt moun ki mete tèt li byen wo, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap leve l met byen wo.” — Lik 18:13, 14.

Konsa, Jezi montre aklè enpòtans pou yon moun gen imilite. Konsèy sa a ap itil disip li yo paske yo leve nan yon sosyete kote Farizyen yo ki pretann yo jis toujou bay pozisyon ak ran sosyal enpòtans. E konsèy sa a enpòtan pou tout disip Jezi yo.