Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 100

Egzanp li bay konsènan dis pyès monnen ann ajan yo

Egzanp li bay konsènan dis pyès monnen ann ajan yo

LIK 19:11-28

  • EGZANP JEZI BAY KONSÈNAN DIS PYÈS MONNEN ANN AJAN YO

Sanble Jezi kay Zache toujou, kote li fè yon ti rete detan l nan wout pou l al Jerizalèm avèk disip li yo. Disip li yo kwè talè konsa “Wayòm Bondye a” pral tabli e se Jezi k ap Wa ladan l (Lik 19:11). Yo mal konprann pwen sa a paske yo toujou pa konprann Jezi dwe mouri. Se sa k fè Jezi bay yon egzanp pou l ede yo konprann Wayòm nan poko prèt pou l tabli.

Men sa l di: “Gen yon mesye ki te fèt nan gran fanmi ki vwayaje al nan yon peyi lwen pou yo ka mete l wa, e apre sa pou l retounen.” ​(Lik 19:12). Yon vwayaj konsa ka pran anpil tan. Yon fason klè, Jezi se “mesye ki te fèt nan gran fanmi” an ki vwayaje “al nan yon peyi lwen” an anpalan de syèl la, kote Papa l pral mete l wa.

Nan egzanp lan, Jezi montre anvan “mesye ki te fèt nan gran fanmi” an ale, li rele dis esklav li genyen, li bay yo chak yon pyès monnen ann ajan, li di yo: “Fè biznis avèk yo jiskaske m tounen.” ​(Lik 19:13). Pyès monnen ann ajan yo gen anpil valè. Yo chak vo anviwon kòb twa mwa travay yo peye yon moun k ap travay nan jaden.

Petèt disip yo konprann yo tankou dis esklav nan egzanp lan paske Jezi te deja konpare yo ak travayè ki nan yon rekòt (Matye 9:35-38). Nòmalman, se pa t nan sans literal Jezi te mande yo pou y al fè rekòt. Olye de sa, rekòt yo t ap gen pou yo fè a se fè lòt disip ki t ap ka jwenn yon plas nan Wayòm Bondye a. Disip yo te fè tout sa yo kapab pou yo ede plis moun jwenn Wayòm nan.

Ki sa egzanp Jezi a montre ankò? Li di moun menm peyi avèk mesye ki te fèt nan gran fanmi an “te rayi l e yo voye yon delegasyon dèyè l pou al di: ‘Nou pa vle mesye sa a vin wa sou nou’”. (Lik 19:14.) Disip yo konnen Juif yo pa aksepte Jezi e gen kèk ki menm vle touye l. Apre lanmò Jezi e apre l fin al nan syèl, Juif yo pèsekite disip li yo, e konsa yo montre jan yo konsidere l. Opozan sa yo montre aklè yo pa vle Jezi kòm Wa. — Jan 19:15, 16; Travay 4:13-18; 5:40.

E dis esklav yo menm, ki jan yo te sèvi ak pyès monnen yo ba yo a annatandan yo ‘mete mesye ki te fèt nan gran fanmi an wa’ apre l fin retounen? Men sa Jezi fè konnen: “Finalman, lè yo fin mete l wa, li retounen, epi li fè rele esklav li te bay lajan yo vin kote l pou l ka konnen ki benefis yo fè nan biznis yo t al fè a. Epi, premye esklav la avanse, li di: ‘Mèt, avèk pyès monnen ou te ban m yo, mwen fè dis lòt.’ Mèt la di li: ‘Trè byen, ou se yon bon esklav! Piske w montre w fidèl nan yon bagay ki toupiti, mwen ba w pouvwa sou dis vil.’ Kounye a, dezyèm nan vini, li di: ‘Mèt, avèk pyès monnen ou te ban m yo, mwen fè senk lòt.’ Li di esklav sa a tou: ‘Ou menm, m ap ba w responsab senk vil.’” — Lik 19:15-19.

Si disip yo rive wè tèt yo tankou esklav ki te byen itilize sa yo gen nan men yo a pou yo fè plis disip, yo t ap kapab gen asirans sa t ap fè Jezi plezi. E yo te ka gen konfyans li t ap rekonpanse yo pou yon gwo efò konsa. Nòmalman, sitiyasyon tout disip yo pa menm, e yo pa gen menm posiblite oswa menm kapasite. Men, Jezi, li menm ‘yo mete wa’, pral rekonèt gwo efò yo pral fè pou yo fè disip, e l ap beni yo pou sa. — Matye 28:19, 20.

Sepandan, remake yon diferans ki genyen nan egzanp Jezi bay la: “Men, gen yon lòt esklav ki vini, li di: ‘Mèt, men pyès monnen w lan, mwen te sere l nan yon moso twal. Ou konnen, mwen te pè w, paske ou se yon moun ki di, ou pran sa w pa mete e ou rekòlte sa w pa simen.’ Mèt la di li: ‘Esklav mechan, se sou pawòl nan bouch ou m ap jije w. Ou konnen m se yon moun ki di, mwen pran sa m pa mete e mwen rekòlte sa m pa simen, ebyen poukisa ou pa t met lajan m nan nan bank, epi lè m vini, mwen ta jwenn li ak enterè?’ Lè sa a, li di moun ki te kanpe la yo: ‘Pran pyès monnen an nan men l, bay sa ki gen dis la li.’” — Lik 19:20-24.

Lefètke esklav sa a pa travay pou l ogmante richès wayòm mèt li a li pa jwenn rekonpans. Apot yo pa ka tann pou yo wè Jezi k ap dirije nan Wayòm Bondye a. Se sa k fè, nan pawòl Jezi di konsènan dènye esklav sa a, sanble yo rive konprann si yo pa fè gwo efò, yo pa t ap jwenn yon plas nan Wayòm sa a.

Kidonk, pawòl Jezi yo dwe pouse disip fidèl yo pou yo fè plis efò. Men sa Jezi di pou l fini: “M ap di nou sa: Moun ki genyen an, y ap ba l plis. Men, moun ki pa genyen an, y ap pran menm sa l genyen an nan men l.” Anplis de sa, li di yo pral touye ènmi l yo ki pa vle l “vin wa sou yo a”. Apre sa Jezi pran wout pou l al Jerizalèm. — Lik 19:26-28.