Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 101

Yon repa lakay Simon nan Betani

Yon repa lakay Simon nan Betani

MATYE 26:6-13 MAK 14:3-9 JAN 11:55–12:11

  • JEZI RETOUNEN BETANI, TOUPRE JERIZALÈM

  • MARI VIDE LUIL SANTI BON SOU JEZI

Lè Jezi kite Jeriko, l al Betani. L ap vwayaje sou yon wout ki pa bon e se yon wout mòn ki sou yon distans apeprè 20 kilomèt. Jeriko anviwon 250 mèt pi ba pase nivo lanmè a, e Betani anviwon 610 mèt pi wo pase nivo lanmè a. N ap sonje Betani se kote Laza ak sè l yo rete a. Se yon ti bouk ki gen anviwon twa kilomèt ki separe l ak Jerizalèm, li sou bò lès Mòn Oliv.

Anpil moun gentan rive Jerizalèm pou fèt Pak la. Yo vin anvan fèt la “pou yo ka pirifye tèt yo”, pou si sa te rive yo te touche yon kadav oubyen yo te fè yon lòt bagay ki fè yo pa pwòp (Jan 11:55; Nonb 9:6-10). Toutpandan moun ki rive anvan yo ap rasanble nan tanp lan, y ap mande si Jezi ap vin nan fèt Pak la. — Jan 11:56.

Gen yon pakèt gwo diskisyon k ap fèt nan Jerizalèm konsènan Jezi. Gen kèk chèf relijye ki vle met men sou Jezi pou yo touye l. Anfèt, yo bay lòd, si gen moun ki konn kote Jezi ye, yo dwe vin di yo sa “dekwa pou yo ka met men sou li”. (Jan 11:57.) Chèf relijye sa yo te deja eseye touye Jezi apre l te fin resisite Laza (Jan 11:49-53). Nou ka konprann rezon ki fè anpil moun ap mande si Jezi ap parèt an piblik yon lòt fwa ankò.

Jezi rive Betani nan vandredi, “sis jou anvan fèt Pak la”. (Jan 12:1.) Yon lòt jou (se te 8 Nizan, yon jou saba) kòmanse apre solèy la fin kouche. Konsa li rive anvan jou saba a. Li pa t ap ka vwayaje sot Jeriko nan jou saba a, ki kòmanse vandredi apre solèy fin kouche pou rive samdi apre solèy fin kouche, paske Lwa juif la entèdi moun vwayaje jou saba a. Sanble Jezi al kay Laza, jan l te fè sa anvan an.

Simon, ki abite Betani tou, envite Jezi ansanm ak konpayon l yo, sa gen ladan l Laza, vin manje lakay li samdi swa. Petèt, Simon te gen lèp e yon lè Jezi te geri l paske lè y ap pale de li, yo di: “Simon ki te gen lèp la.” Kòm Mat renmen travay, li t ap sèvi envite yo. Men, jan Mari toujou fè sa, li konsantre atansyon l sou Jezi, men fwa sa a li fè sa yon fason ki lakòz yon bann pale anpil.

Mari ouvri yon ti boutèy ann albat ki gen anviwon “yon liv luil santi bon ki koute chè anpil, yon bon na”. (Jan 12:3.) Luil santi bon sa a gen anpil valè, li te vo (300 denye) apeprè kòb yon moun fè pou yon ane travay! Lè Mari vide luil la sou tèt Jezi ak sou pye l e li siye pye Jezi ak cheve l, sant pafen an gaye nan tout kay la.

Lè sa a, disip yo fache, epi yo di: “Poukisa y ap gaspiye luil santi bon an?” ​(Mak 14:4). Apre sa, Jida Iskaryòt di: “Poukisa yo pa t vann luil santi bon sa a pou 300 denye, epi yo bay pòv kòb la?” ​(Jan 12:5). Men, se pa paske Jida te gen sousi pou pòv yo vre ki fè l di sa, anfèt se paske li abitye vòlè nan kès lajan disip yo ki te nan men l lan.

Jezi defann Mari, li di: “Poukisa nou vle bay dam nan pwoblèm? Se yon bon aksyon li fè pou mwen. Paske, n ap toujou gen pòv yo avèk nou, men nou pap toujou genyen m avèk nou. Lè dam sa a vide luil santi bon sa a sou kò m, se prepare li prepare m pou antèman m. Anverite m ap di nou sa: Tout kote y ap preche bon nouvèl la sou tè a, y ap pale de sa dam sa a fè a tou, e sa ap fè yo toujou sonje l.” — Matye 26:10-13.

Kounye a, sa fè plis pase yon jou depi Jezi Betani, e tout moun konnen li la. Se poutèt sa anpil moun vin kay Simon nonsèlman pou yo ka wè Jezi, men tou pou yo ka wè Laza, “moun [Jezi] te leve sot nan lanmò a”. (Jan 12:9.) Se sa k fè prèt an chèf yo met tèt yo ansanm pou yo touye ni Jezi ni Laza. Chèf relijye sa yo panse anpil moun mete lafwa nan Jezi paske yo wè moun Jezi leve sot nan lanmò a vivan ankò, anpalan de Laza. Vrèmanvre, se pa ti mechan chèf relijye sa yo mechan!