Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 102

Wa a antre Jerizalèm sou yon ti bourik

Wa a antre Jerizalèm sou yon ti bourik

MATYE 21:1-11, 14-17 MAK 11:1-11 LIK 19:29-44 JAN 12:12-19

  • JEZI ANTRE JERIZALÈM TANKOU YON WA KI POT LAVIKTWA

  • LI ANONSE DESTRIKSYON JERIZALÈM

Nan jou ki vin apre a, sètadi dimanch 9 Nizan an, Jezi kite Betani ansanm ak disip li yo, li pran direksyon pou l al Jerizalèm. Lè yo rive toupre Betfaje, ki sou Mòn Oliv, Jezi bay de nan disip li yo enstriksyon. Li di yo:

“Al nan bouk k ap gade nou la a. Kou nou rive, n ap jwenn yon manman bourik ki mare e ki gen yon ti bourik avè l. Demare yo, mennen yo ban mwen. Si yon moun di nou yon bagay, se pou n di l: ‘Seyè a bezwen yo.’ Lè sa a, l ap voye yo tousuit.” — Matye 21:2, 3.

Disip yo pa t rive konprann enstriksyon sa yo gen rapò ak reyalizasyon pwofesi ki nan Bib la. Sepandan, annapre, yo vin konprann se pwofesi Zakari te bay la k ap reyalize. Li te predi Wa Bondye pwomèt la t ap vin Jerizalèm, wa sa a “gen imilite e li monte sou yon bourik, pitit yon manman bourik”. — Zakari 9:9.

Lè disip yo antre Betfaje e yo pran ti bourik la ak manman l, gen kèk nan moun ki te kanpe la yo ki di: “Poukisa n ap demare ti bourik la?” ​(Mak 11:5). Men, lè yo di se pou Seyè a y ap pran bèt yo, mesye yo kite disip yo mennen yo bay Jezi. Disip yo depoze rad yo sou do manman bourik la ak sou do ti bourik la, men, Jezi monte sou do ti bourik la.

Toutpandan Jezi pral Jerizalèm, foul moun yo ap vin pi plis. Pifò nan moun yo ouvè rad yo atè sou wout la pandan gen lòt ki t ap koupe “branch bwa” pou yo gaye sou wout la. Yo t ap di byen fò: “N ap priye w, Bondye, sove l! Benediksyon pou moun ki vini nan non Jewova a! Benediksyon pou Wayòm k ap vini an, Wayòm David, papa nou an!” ​(Mak 11:8-10). Gen kèk Farizyen ki nan foul la ki vekse poutèt moun yo ap di bagay sa yo, yo di Jezi: “Anseyan, fè disip ou yo pe non!” Jezi reponn yo: “M ap di nou sa: Si yo pa pale, se wòch yo k ap pale byen fò.” — Lik 19:39, 40.

Pandan Jezi ap gade Jerizalèm, li kòmanse kriye pou li, li di: “Si ou menm, jodi a, ou te konprann bagay ki t ap fè w jwenn lapè yo..., men kounye a, ou pa ka wè bagay sa yo.” Lefètke Jerizalèm chwazi dezobeyi, li dwe peye pou sa. Men sa Jezi anonse: “Ènmi w yo pral fè yon lantouray byen wo avèk gòl pwenti toutotou w, yo pral ansèkle w, y ap kwense w toupatou. Y ap lage w atè ansanm ak pitit ou yo ki nan mitan w yo, e pa gen yon wòch nan ou k ap ret sou yon lòt wòch.” ​(Lik 19:42-44). Jan Jezi te anonse sa, Jerizalèm te detwi vre nan ane 70 epòk nou an.

Lè Jezi antre Jerizalèm, “tout vil la te chofe, yo t ap di: ‘Ki moun sa a?’” E foul la te kontinye ap di: “Se Jezi, pwofèt ki te gen pou vini an, moun Nazarèt ki nan Galile a!” ​(Matye 21:10, 11). Moun nan foul la ki te wè Jezi resisite Laza rakonte lòt moun mirak sa a. Lè Farizyen yo wè sa k ap pase a, yo tonbe plenyen lè yo rann yo kont yo pa rive fè anyen. Se poutèt sa youn di lòt: “Lemonnantye suiv li.” — Jan 12:18, 19.

Jezi ale nan tanp lan pou l anseye moun yo, jan l abitye fè lè l ap vizite Jerizalèm. Pandan l nan tanp lan, li geri moun ki avèg ak moun ki enfim nan pye. Lè prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo wè bèl bagay Jezi ap fè yo e lè yo tande tigason yo k ap di byen fò nan tanp lan: “N ap priye w, sove Pitit David la!”, yo vin fache. Chèf relijye yo mande Jezi: “Ou tande sa y ap di?” Jezi reponn: “Nou pa t janm li pawòl ki di: ‘Se nan bouch timoun piti ak tibebe ou fè louwanj soti pou ou’?” — Matye 21:15, 16.

Jezi gade bagay ki toutotou l yo anndan tanp lan. Kounye a li fin ta, li ale ansanm ak apot li yo. Anvan 10 Nizan an kòmanse, li retounen Betani. Li rete la nan dimanch swa.