Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 104

Juif yo tande vwa Bondye: Èske sa ap fè yo demontre lafwa?

Juif yo tande vwa Bondye: Èske sa ap fè yo demontre lafwa?

JAN 12:28-50

  • ANPIL MOUN TANDE VWA BONDYE

  • SOU KI BAZ JIJMAN AN AP FÈT?

Pandan Jezi nan tanp lan lendi 10 Nizan an, li pale konsènan lanmò k ap tann li nan yon ti tan. Jezi ap enkyete l sou fason yo pral sal repitasyon Papa l, se poutèt sa li di: “Papa, fè non w jwenn glwa.” Gen yon gwo vwa ki sot nan syèl la ki di: “Mwen te fè l jwenn glwa e m ap fè l jwenn glwa ankò.” — Jan 12:27, 28.

Foul moun ki kanpe la yo pa rive konprann sa k pase a. Gen kèk moun ki panse se loray ki gwonde. Gen lòt ki di: “Se yon zanj ki pale avè l.” ​(Jan 12:29). Anfèt, se vwa Jewova yo fèk sot tande! E se pa premye fwa moun tande vwa Bondye anrapò ak Jezi.

Nan moman batèm Jezi, sa gen twazan edmi, Jan ki te konn batize moun nan te tande Bondye di konsènan Jezi: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.” Apre sa, yon ti tan apre fèt Pak ane 32 epòk nou an, aparans Jezi te chanje devan Jak, Jan ak Pyè. Twa mesye sa yo te tande Bondye di: “Se Pitit Gason m, Pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a. Koute l.” ​(Matye 3:17; 17:5). Men kounye a, sa fè twazyèm fwa moun tande vwa Bondye ankò. Men fwa sa a, lè Jewova pale a, anpil moun tande!

Men sa Jezi di: “Se pa pou mwen vwa sa a pale, men se pou nou.” ​(Jan 12:30). Sa montre aklè Jezi se Pitit Bondye toutbon, Mesi yo te anonse a.

Anplis de sa, lefètke Jezi te rete fidèl, li bay moun egzanp sou fason pou yo mennen lavi yo e li montre Satan Ledyab, chèf monn nan, merite detwi. Men sa Jezi di: “Kounye a, jijman monn nan ap fèt. Kounye a, yo pral mete chèf monn nan deyò.” Lanmò Jezi k ap pwoche a pap yon echèk, okontrè, lanmò sa a ap yon viktwa. Sa k fè sa? Men sa Jezi esplike: “Epoutan, lè yo leve m anlè sou tè a, m ap rale tout kalite moun vin jwenn mwen.” ​(Jan 12:31, 32). Jezi ap rale moun vin jwenn li grasa lanmò l, konsa, l ap ouvri chemen pou moun ka gen lavi ki pap janm fini an.

Men sa foul moun yo di anrapò ak zafè “leve” Jezi pale a: “Lalwa fè nou konnen Kris la ap la pou toutan. Kòman w fè di yo dwe leve Pitit lòm nan anlè? Kiyès Pitit lòm sa a ye?” ​(Jan 12:34). Malgre tout prèv moun yo genyen, san wete vwa Bondye yo sot tande a, pifò nan yo pa kwè Jezi se Pitit lòm nan toutbonvre, Mesi yo te pwomèt la.

Jan Jezi te fè sa anvan, li pale de tèt li ankò antanke “limyè” a (Jan 8:12; 9:5). Men sa l di pou l ankouraje foul la: “Limyè a ap nan mitan nou pou yon tikras tan ankò. Mache pandan nou gen limyè a, pou fènwa pa domine sou nou. [...] Pandan nou gen limyè a, demontre nou gen lafwa nan limyè a, pou nou ka vin pitit limyè.” ​(Jan 12:35, 36). Apre Jezi fin di pawòl sa yo, li retire kò l paske se pa t 10 Nizan li te gen pou l mouri. Se nan jou 14 Nizan an, jou fèt Pak la, yo te gen pou yo “leve” l, sa vle di pou yo kloure l sou yon poto. — Galat 3:13.

Lè nou gade aktivite Jezi te fè pandan l te sou tè a, li klè pwofesi sa a te akonpli lè Juif yo pa t mete lafwa nan li. Ezayi te anonse je pèp la t ap fèmen e kè yo t ap di, e konsa yo pa t ap kase tèt tounen pou yo jwenn gerizon (Ezayi 6:10; Jan 12:40). Vrèmanvre, pifò nan Juif yo fè espre yo rejte prèv ki montre Jezi se Sila a Bondye te pwomèt k ap ba yo delivrans lan, sa vle li se chemen lavi a.

Nikodèm ak Jozèf moun Arimate ak anpil lòt chèf “te mete lafwa” nan Jezi. Men, èske yo t ap montre yo gen lafwa oswa èske yo t ap pè fè sa paske yo pè pou yo pa pèdi pozisyon yo nan sinagòg la oswa paske yo “renmen jwenn glwa nan men lèzòm”? — Jan 12:42, 43.

Jezi esplike ki sa sa gen ladan l pou yon moun mete lafwa nan li, li di: “Moun ki mete lafwa nan mwen, se pa nan mwen sèlman li mete lafwa, men li mete lafwa nan Sila a ki voye m nan tou. E moun ki wè m wè Sila a ki voye m nan tou.” Verite Bondye aprann Jezi pou l anseye yo ak sa Jezi kontinye ap fè konnen yo tèlman enpòtan, sa pouse Jezi di: “Yon moun ki rejte m e ki pa aksepte pawòl mwen, gen yon bagay k ap jije l. Se pawòl mwen di k ap jije l nan dènye jou a.” — Jan 12:44, 45, 48.

Men sa Jezi di pou l fini: “Mwen pa pale selon mwen menm, men Papa a ki voye m ban m lòd sou sa pou m di ak sa pou m anseye. Mwen konnen lòd li bay la ap pèmèt moun jwenn lavi ki pap janm fini an.” ​(Jan 12:49, 50). Jezi konnen nan yon tikras tan, san l pral koule an sakrifis pou moun ki demontre lafwa nan li yo ka gen lavi. — Women 5:8, 9.