Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 107

Yon wa envite moun nan yon resepsyon maryaj

Yon wa envite moun nan yon resepsyon maryaj

MATYE 22:1-14

  • EGZANP RESEPSYON MARYAJ LA

Aktivite Jezi prèske fini, li kontinye sèvi ak egzanp pou l montre ki kalite moun espè nan Lalwa yo ak prèt an chèf yo ye. Kidonk, yo vle touye l (Lik 20:19). Men, Jezi poko fin pale de yo. Li ba yo yon lòt egzanp, li di:

“Wayòm syèl la ka menm jan ak yon wa ki t ap fè yon resepsyon maryaj pou yon pitit gason l. Li voye esklav li al rele moun li te envite nan resepsyon an, men yo pa vle vini.” ​(Matye 22:2, 3). Jezi kòmanse egzanp li an lè l di “Wayòm syèl la”. Donk, nòmalman se Jewova Dye ki “wa” a. E pitit gason wa a ak moun yo envite yo, kiyès yo ye? Yon lòt fwa ankò, li pa difisil pou nou di se Pitit Jewova a ki se pitit gason wa a, li menm k ap bay egzanp lan, e moun yo envite yo se moun k ap ansanm ak Pitit Gason Bondye a nan Wayòm syèl la.

Kiyès ki premye moun yo envite yo? Bon, ki moun Jezi ak apot li yo te preche konsènan Wayòm nan? Se te Juif yo (Matye 10:6, 7; 15:24). Nasyon sa a te antre nan alyans Lalwa a nan ane 1513 anvan epòk nou an, kidonk, yo se premye moun ki te jwenn posiblite pou yo vin fè pati “yon wayòm prèt”. (Egzòd 19:5-8.) Men, ki lè yo t ap gen pou yo envite yo nan “resepsyon maryaj” la? Nòmalman, yo te fè sa nan ane 29 epòk nou an, lè Jezi te kòmanse preche sou Wayòm syèl la.

Ki jan pifò Izrayelit yo te reyaji devan envitasyon sa a? Jan Jezi te di sa, “yo pa [t] vle vini”. Pifò nan chèf relijye yo ak moun nan pèp la pa t aksepte Jezi kòm Mesi a e kòm Wa Bondye te chwazi a.

Men, Jezi fè konnen Juif yo t ap gen yon lòt posiblite, li di: “[Wa a] voye lòt esklav ankò, li di: ‘Di envite yo: “Gade! Manje m pare. Mwen touye towo bèf mwen ak bèt ki byen angrese mwen genyen, e tout bagay pare. Vini nan resepsyon maryaj la.”’ Men, yo pa okipe l, y al nan wout yo, youn ale nan jaden l, yon lòt al nan komès li, epi, rès yo met men sou esklav yo, yo joure yo, yo maltrete yo epi yo touye yo.” ​(Matye 22:4-6). Sa yo di la a te rive yonfwa kongregasyon kretyen an te tabli. Nan lè sa a, Juif yo te toujou gen posiblite pou yo antre nan Wayòm nan, men, pifò te rejte envitasyon sa a, e yo te menm maltrete ‘esklav wa a’. — Travay 4:13-18; 7:54, 58.

Kòman sa t apral fini pou nasyon an? Men sa Jezi di: “Kòlè wa a vin monte l, li voye lame l al touye asasen yo, e li fè boule vil yo a.” ​(Matye 22:7). Juif yo te wè sa rive nan ane 70 epòk nou an, lè Women yo te detwi “vil yo a”, anpalan de Jerizalèm.

Lefètke yo rejte envitasyon wa a, èske sa vle di pa gen okenn lòt moun y ap envite ankò? Egzanp Jezi a pa montre sa. Men sa Jezi di: “Epi, [Wa a] di esklav li yo: ‘Resepsyon maryaj la pare, men moun ki te envite yo pa t merite pou yo te la. Kidonk, al nan gran wout yo, wout nou konn pran lè n ap kite vil la, epi tout moun nou jwenn, envite yo vin nan resepsyon maryaj la.’ Vrèmanvre, esklav yo ale, epi yo pran depi se moun yo jwenn, ni moun ki mechan ni moun ki bon. Konsa, sal ki te prepare pou seremoni maryaj la vin plen ak moun k ap manje.” — Matye 22:8-10.

Yon bagay ki enteresan sèke annapre apot Pyè t ap gen pou l kòmanse ede moun ki nan lòt nasyon, sa vle di moun ki pa fèt tou Juif oswa ki pa konvèti nan relijyon Juif yo, pou yo vin vrè kretyen. Nan ane 36 epòk nou an, Kònèy, yon ofisye nan lame women an, ak fanmi l te resevwa lespri sen Bondye, sa ki te fè yo vin gen yon plas nan Wayòm syèl la Jezi te pale a. — Travay 10:1, 34-48.

Jezi fè konnen se pa tout moun ki vin nan resepsyon an “wa a” ap rive aksepte. Men sa l di: “Lè wa a antre pou l egzamine envite yo, li wè yon mesye ki pa abiye tankou yon moun ki vin nan maryaj. Li di l konsa: ‘Zanmi, kòman w fè antre la a san w pa gen abiman maryaj sou ou?’ Misye pa t ka reponn anyen. Lè sa a, wa a di sèvitè l yo: ‘Mare men l ak pye l, epi voye l nan fènwa ki deyò a. Se la li pral kriye e li pral manje dan.’ An reyalite, yo te envite anpil moun, men se yon tikras yo chwazi.” — Matye 22:11-14.

Chèf relijye ki t ap tande Jezi yo te ka pa konprann siyifikasyon tout sa Jezi te di yo. Men, yo te fache e yo te gen plis detèminasyon toujou pou yo debarase yo ak yon moun konsa k ap rann yo malalèz.